“Vwa Retablisman: Emma Hale Smith,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Emma Hale Smith,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Vwa Retablisman yo
Emma Hale Smith
Pawòl Senyè a pou Emma Smith yo ki ekri nan Doktrin ak Alyans, 25 la revele kijan l santi l osijè Emma ak kontribisyon Emma te ka pote nan travay li a. Men a kisa Emma te sanble? Kisa nou konnen sou pèsonalite l, relasyon li, fòs li? Yon fason pou n konnen “dam chwazi” sa a (Doktrin ak Alyans 25:3) se li pawòl moun ki te konnen l pèsonèlman yo.
Joseph Smith Jinyò, mari li
“Avèk ki kontantman ineksplikab, ala transpò lajwa ki te nan kè m, lè jou swa sa a, m te pran men Emma byeneme m nan—limenm ki sete madanm mwen, madanm jenès mwen; ak chwa kè mwen. Te gen anpil vibrasyon nan lespri m lè pou yon moman m te kontanple pil senarye m te aple pou m te travèse yo. Fatig, ak tribilasyon, ak doulè, ak soufrans, al lajwa ak konsolasyon tanzantan te vide sou chemen nou ak ranpli lavi nou. Oh! ki melanj santiman ki ranpli panse m pou moman an. Ankò li la a, menm nan setyèm tribilasyon an, san krent, fèm, epi inebranlab, san chanjman, plen afeksyon, Emma.”
Lucy Mack Smith, bèlmè li
“Li te jèn lè sa a, epi, natirèlman plen anbisyon, tout kè l te nan travay Senyè a, epi li pa t santi okenn lòt enterè apa pou legliz la ak koz laverite a. Kèlkeswa sa men l te jwenn pou l te fè, li te fè l ak tout kè l epi li pa t poze kesyon egoyis ki se ‘Èske m ap benefisye plis pase tout lòt moun?’ nan. Si yo te voye èldè yo ale lwen pou yo te preche, li sete premye moun ki te volontè pou ofri sèvis li nan fè rad pou yo vwayaje, malgre tout pwòp privasyon pa li.”
Joseph Smith, Papa a, bòpè li
Benediksyon patriyakal Emma, ke Joseph Smith Sr., ki t ap sèvi kòm patriyach Legliz la, te pwononse:
“Emma, bèlfi mwen, Senyè a beni ou, pou fidelite w ak verite w: w ap beni avèk mari ou, epi rejwi nan laglwa ki ap gen pou vin sou li a: Nanm ou te aflije akoz mechanste lèzòm k ap chèche detwi konpayon w lan, epi tout nanm ou vide nan lapriyè pou delivrans li, rejwi w, paske Senyè a, Bondye w la, tande siplikasyon ou.
“Ou kriye poutèt kè di nan lakay papa w, epi ou priye pou sali yo. Senyè a ap respekte kri w yo, epi, pa jijman li, l ap fè kèk ladan yo wè foli yo epi repanti pou peche yo; men se pa aflikasyon y ap sove. W ap viv lontan; wi, Senyè a ap epaye ou jiskaske w satisfè; paske w ap wè Redanmtè w la. Kè w va rejwi nan gwo travay Senyè a, epi okenn moun p ap retire rejwisans sa a nan men ou.
“Wa toujou sonje gwo kondesansyon Bondye w la ki te pèmèt ou akonpaye pitit gason m nan lè zanj la t ap remèt li anal Nefit yo. Ou travèse anpil doulè paske Senyè a pran pitit ou yo: nan bagay sa a, blam nan se pa pou ou, paske li konnen dezi pur ou pou elve yon fanmi, pou non pitit gason m nan ta ka beni. Epi kounyeya, gade, m ap di ou, Senyè a di konsa, si w kwè, w ap beni nan bagay sa a epi w ap fè lòt pitit, pou lajwa ak satisfaksyon nanm ou, ak pou lajwa zanmi ou.
“W ap beni avèk konpreyansyon, ak pouvwa pou w enstwi moun menm sèks avèk ou. Anseye fanmi w lajistis, epi anseye timoun ou yo chemen lavi a, epi zanj va veye sou ou: epi ou va sove nan wayòm Bondye a; m di, Amèn.”
Emma Smith ak pitit li yo Tan pou ri, tablo Lemon Swindle