Selebre Nwèl
Devosyon Nwèl 2024 Premye Prezidans lan
Dimanch, 8 Desanm, 2024
Chè frè ak sè mwen yo, nou beni anpil avèk mesaj ej=kstraòdinè yo nou te tande jodia de Sr Runia, Eldè Palmer, epi Elder Cook. Mwen santi se yon privilèj pou ka anseye kèk nan bagay yo te deja eksplike.
Nwèl se yon sezon mèvèye nan ane a. Pandan n ap komemore nesans Sovè nou an, kè nou alekout pou bagay ki pi enpòtan yo nan lavi nou. Nwèl ede nou vin pi konsyan ak pi rekonesan pou sakrifis ki te fèt pou nou yo.
I.
Nwèl raple nou pou n panse youn ak lòt. Nou apresye fanmi nou yo plis. Nou renouvle kontak avèk ansyen zanmi nou yo. Nou monte pi wo depase baryè ki separe nou yo pandan lòt epòk nan ane a. Moun nou pa konnen ofri salitasyon san anbara. Jantiyès ak konsiderasyon reprann plas yo. Espri Nwèl la fè resòti sa ki pi bon nan nou.
Chalè ak limyè Nwèl la se Limyè Kris la. Jan nou li nan ekriti modèn yo, Sovè a se “vrè limyè ki klere chak moun ki vin antre nan mond la.” Tout moun ki selebre nesans Kris la—tout moun ki genyen sa nou rele “Espri Nwèl la”—genyen yon pòsyon nan limyè sa a.
Plis pase yon bilyon moun pral selebre nesans Jezikri pandan sezon Nwèl sa a. Tout mond lan ta dwe fè sa. Menm nan ekspresyon mond lan, Jezi moun Nazarèt la se moun ki pi enpòtan ki te janm egziste. Li se sijè prensipal pwofèt ak powèt yo depi plis pase 6.000 ane. Li se sijè pi bèl pyès mizikal ak atistik mond lan. Li se pi gran enstriktè ki te janm egziste. Sa k pi enpòtan an, Li se Sèl Pitit Gason Byenneme Bondye Papa Etènèl la. Li se Bondye ke tout jenou pral flechi devan Li a epi chak lang pral konfese ke Li se Kreyatè ak Redanmtè nou an, Sovè ak Bondye mond sa a
“Lapè, bòn volonte pou lèzòm” se mesaj Nwèl la. Sa se tèm dominan lakay powèt ak mizisyen yo ki te ba nou mizik gloriye Nwèl yo. Nou renmen chante Nwèl yo ki fè eko tèm sa a.
Dans la Judée, beau pays de Dieu,
Bergers ouïrent ce chant des cieux:
Gloire au Seigneur, Gloire au Seigneur,
Gloire au Seigneur dans les hauts lieux;
Douce paix, viens-nous des cieux
Kalite pawòl sa yo, ki chante anpil fwa nan aktivite nwèl nou yo, raple nou ke pa gen anyen ki nouvo nan selebrasyon ak chante Nwèl yo. Mesaj la ansyen epi familye. Yo te preche Adan li. Yo te preche timoun Izrayèl yo li. Yo te preche l bay desandan Pè Leyi yo. Anpil fwa, pwofèt yo te deklare verite santral yo ki nan Ekspyasyon Jezikri a. Anpil fwa, yo te deklare kòmandman Li yo ke nou ta dwe renmen ak sèvi Li epi renmen ak sèvi youn lòt. Epi, Li te ajoute, “Si nou renmen m, kenbe kòmandman m yo.” Deklarasyon sa yo ke yo repete atravè tout peryòd tan yo se mesaj ki pi enpòtan nan tout letènite a. Yo se pou nou, pou benefis nou.
Bagay ki pi enpòtan yo nan lavi sa a repetitif. Nou pa janm fatige tande pale de non sakre Sovè nou an. Nou pa janm fatige de prezans moun nou renmen yo. Nou pa janm fatige tande “Mwen renmen w.”
Donk konsa tou mesaj repetitif sou Nwèl la se pa yon mesaj pou nou repase, men yon mesaj pou nou renouvle nan lavi nou.
II.
Depi epòk anfans nou, chak nan nou konnen ke Nwèl se yon moman pou fanmi ak zanmi yo bay kado. Se yon moman jantiyès spesyal pou moun nou renmen yo. Men Espri donan Nwèl la ta dwe etann pi lwenn sèk fanmi ak zanmi nou yo. Jodia, anpil nan jèn nou yo ap fè eksperyans memorab lè kowòm yo ak klas yo epi lòt gwoup yo nan Legliz la vizite epi pote kado pou moun ki benwen nou sonje yo nan epòk Nwèl la, nan lopital yo ak mezon retrèt yo, ak nan anpil lòt. Nan pil Lavèy Nwèl ke nou pa ka konte, gason ak fi onorab, ki enfòme de sitiyasyon kritik paran pòv k ap soufri, deplase al pote jwèt ak manje ak bonbon pou timoun je gran-louvri e konfyan yo ka santi lajwa ke yon moun te sonje yo nan maten jou Nwèl la. Dè milye gason ak fi reyini efò yo nan charite Nwèl pou soulaje grangou, abiye moun ki toutouni, ebèje sanzabri, vizite malad ak moun yo bliye yo, epi pote lajwa pou timoun yo. Se pou Bondye beni men k ap ede sa yo! Nou tout ta dwe sipòte yo. Moun k ap sèvi nan lanmou e sanzenrterè yo se vrè sèvitè Prens Lapè a.
III.
Ki siyifikasyon “lapè sou tè a, bòn volonte pou lèzòm” nan? “Renmen … pwochen nou tankou tèt pa nou,” Sovè a te premye anseye. Li te menm anseye ke nou ta dwe “renmen ènmi [nou] yo, beni moun ki modi [nou], fè byen ak moun ki rayi [nou], epi priye pou moun ki itilize kont volonte [nou] epi pèsekite [nou].”
Lè nou travay pou objektif ki eksprime nan ansèyman sa yo, Nwèl ta dwe yon moman pou padone, yon moman pou geri ansyen blesi yo epi retabli relasyon ki vire mal yo.
Sitrasyon: “Se poutèt sa, m di nou, nou dwe padone youn lòt; paske yon moun ki pa padone peche frè l, li kondane devan Senyè a; paske pi gwo peche a rete nan li.
“Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun.”
Konsa, Nwèl se yon moman pou nou depase limit nòmal lanmou ak amitye nou yo. “Lapè, bòn volonte pou lèzòm” se pa jis yon mesaj pou moun nou deja gen santiman lanmou ak afeksyon pou yo, tankou konsitwayen nou yo nan Legliz la oswa nan peyi nou, rezidan nan vil natal oswa katye nou, oubyen moun menm kilti avèk nou. Mesaje selès yo te pwoklame bòn volonte pou tout moun—pou zanmi okazyonèl yo, pou etranje yo, menm ènmi yo. Nwèl se yon moman pou nou sonje ke nou tout se pitit yon Pè Selès, ki te bay Sèl Pitit Gason Li a pou tout moun ka rachte anba lanmò. Papa nou ki nan Syèl la ofri benediksyon sali ak egzaltasyon yo tou pou tout moun selon menm kondisyon yo: lafwa nan Senyè a, Jezikri; repantans; batèm; ak respè pou lwa ak òdonans levanjil yo.
IV.
Espri Nwèl la ankouraje nou pou n itilize sezon sa a pou travèse baryè yo epi fè pwomosyon konpreyansyon ak lanmou pou tout ras, kwayans, ak nasyonalite ak orijin. Kit Sen Dènye-jou yo an majorite, jan sa ye pou nou nan Utah a, oubyen an minorite, jan sa ye pou nou tout lòt kote, nou ta dwe lonje lamen bay tout pitit gason ak pitit fi Bondye yo. Nou ta dwe sensèman ofri kamaradri nou pou tout moun, sila ki se manm legliz nou yo ak sila ki pa manm yo. Nou ta dwe obsève kòmandman Bondye te fè pwofèt Moyiz bay timoun Izrayèl yo:
“Si yon etranje vin sejoune avèk ou nan peyi w, ou pa dwe ofanse l. Men ou dwe konsidere etranje ki abite avèk ou a kòm pitit ou, epi ou dwe renmen li menm jan ak tèt ou.”
Nou ta dwe anseye timoun nou yo pou yo janti epi gen konsiderasyon pou tout moun. Mwen tris chak fwa m tande dè paran ki pa Sen Dènye Jou nan kominote sa a ki atriste paske pitit gason ak pitit fi yo te eskli oswa rejte pa pitit manm nou yo oubyen jèn nou yo. Mwen espere ke kalite egzanp sa yo ap vin rare epi y ap diminye. Nou dwe moun ki pi amikal e ki gen plis konsiderasyon nan mitan tout pèp tout kote.
Evidamman nou dwe evite kalite asosyasyon ki konpwomèt konduit nou oubyen febli lafwa nou ak adorasyon nou. Men kalite esklizivite sa a pa dwe anpeche nou montre konsiderasyon pou lòt moun. Ni sa pa ta dwe fè nou rete lwen anpil asosyasyon ki òganize efò koperasyon nan gran chan denterè komen ki enkli tout moun yo.
Espri nou ta dwe itilize pou resevwa mesaj “lapè, bòn volonte pou lèzòm” nan se espri pou lage tèt nou nan sèvis lòt moun. Menmjan Nwèl selebre nesans Moun ki te bay lavi Li pou nou tout la, se konsa nou chak ta dwe itilize Nwèl kòm yon moman pou amelyore fason nou bay pwochen nou yo.
Si nou fè sa—pandan espri donan Nwèl la anvayi panse nou ak aksyon nou yo—nou chak pral pote pwòp kontribisyon pa nou nan objektif etènèl pou “lapè sou tè a, bòn volonte pou lèzòm” nan. Se moman pou nou tout fè sa, paske chak jou ki pase ap rapwoche nou pi pre vini Sovè a. Jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou nan dènye konferans Oktòb la, “Bagay ki pi bon yo poko menm rive paske Senyè a ap akselere travay Li a. Bagay ki pi bon yo poko menm rive pandan n ap remèt kè nou ak lavi nou konplètman bay Jezikri. Fen sitasyon an.
Kounyea m ap site nan “Kris Vivan An: Temwayaj Apot yo.” Li deklare, m ap site:
“Pandan n ap komemore nesans Jezikri sa gen de mil ane a, nou ofri temwayaj nou sou reyalite lavi san parèy Li ak vèti enfini gran sakrifis ekspyatwa Li a. Pèsonn lòt moun pa t genyen yon enfliyans si pwofon sou tout moun ki te viv epi ki ap gen pou viv sou tè a.”
Sitasyon an kontinye, “Nou solanèlman temwaye ke lavi Li, ki se pwen santral istwa tout limanite, pa t kòmanse nan Betleyèm ni l pa t fini sou Kalvè a. Li sete Premyene Papa a, Sèl Pitit Gason Literal Li nan lachè, Redanmtè mond lan. …
“Nou deklare avèk pawòl solanèl ke prètriz Li a ak Legliz Li a te retabli sou tè a—‘bati sou fondasyon … apot ak pwofèt yo, avèk Jezikri … kòm prensipal pyè angilè a.’
Sitasyon an kontinye, “Nou temwaye ke [yon jou] L ap retounen sou tè a. ‘Epi laglwa Senyè a pral revele, epi tout chè ansanm pral wè li.’” Fen sitasyon an. “Li pral dirije kòm Wa tout Wa yo epi renye kòm Senyè tout Senyè yo, epi tout jenou pral flechi epi tout lang pral pale an adorasyon devan Li.
“Nou rann temwayaj, kòm Apot kòrèkteman òdone Li—ke Jezi se Kris Vivan an, Pitit gason imòtèl Bondye a. Li se gran Wa Emanyèl la, ki kanpe jodi a sou kote dwat Papa Li. IM ap site ankò, “Li se limyè, lavi ak lespwa mond lan. Chemen l lan se wout ki mennen nan bonè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond ki gen pou vini an. Bay Bondye remèsiman pou kado enkonparab Pitit Gason diven L lan.”
Nan non Jezikri, amèn.