Prepare pou Rankontre Sovè a
Devosyon Nwèl 2024 Premye Prezidans lan
Dimanch, 8 Desanm, 2024
Pandan n ap antre nan sezon Nwèl la, mwen panse anpil a moun ki petèt lwen lakay yo, espesyalman gran kantite misyonè ki ap sèvi aktyèlman yo.
Premye Nwèl mwen lwen lakay sete kòm yon misyonè an Angletè, an Desanm 1960. Mwen t ap sèvi nan Swindon, Angletè a.
Nou te ouvri Swindon pou travay misyonè apeprè 90 jou anvan sa. Nou te lwe yon sal pou reyinyon Dimanch yo. Nou te gen benediksyon jwenn kèlke konvèti—pou kòmanse yon branch.
Nan Lavèy Nwèl la, konpayon m, Èldè Noel Luke, avèk mwen te deside pou nou t al salye moun yo nan kay yo nan zòn kote nou t ap sèvi a epi kite yon brèf mesaj Nwèl ak yon benediksyon pou yo. Sete yon bèl sware, epi syèl ranpli nyaj la te gen yon bèl lalin klere ki t ap briye pou kreye yon sansasyon selès. Nou te reyalize toudenkou ke tout moun nan katye a te gen televizyon yo ouvri sou yon komedyen ak chantè byeneme, Harry Secombe. Li t ap chante chan presye ki rele “Beni Kay Sa a.” Li te tradui pawòl sakre yo nan yon fason touchan, m ap site:
Beni moun yo ki ap viv andedan la a.
Kenbe yo pur ak lib anba peche.
Beni nou tout pou nou kapab
Pèfòmans li a te fè dlo koule nan je nou. Chan an, ki t ap soti nan prèske chak kay, te rezone ak rebondi soti nan nyaj yo. Èldè Luke avèk mwen te gen sansasyon ekstraòdinè sa a ke nou sete vrèman emisè Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, ki t ap eseye sèvi ak beni pitit Pè Selès nou yo.
Kòm misyonè, mwen te vin konprann ke pandan n ap viv sou tè sa a, nou tout lwen lakay nou—fwaye selès nou an. Fason pou nou santi rekonfò fwaye sa a se atravè sèvi Sovè nou an.
Nan dènye ane sa yo, Legliz la ankouraje nou pou nou mete aksan sou limyè Sovè a ofri pou tout mond lan, espesyalman pandan sezon Nwèl sa a. Legliz la gen yon pwogram mayifik ki se Klere Mond lan pou vire panse tout moun sou Sovè a. Sa akonpaye pa yon efò pou bay moun ki nan bezwen yo ak founi sèvis nan fason Kris la.
Ane pase, Legliz la te kòmanse pwogram Klere Mond lan nan itilize gwo pano afichaj dijital ki te antoure Times Square nan New York City.
Mary ak mwen te prezan lè deskripsyon emouvan sou nesans Sovè a te parèt sou pano afichaj dijital jeyan yo. Sete yon eksperyans pwofondeman spirityèl. Ane sa a, yo repwodui eksperyans Times Square la nan plizyè vil atravè mond lan.
Pandan nan Vil New York, pandan evenman Klere Mond lan , mwen te remake efò pou moun yo te mete afichaj siyifikatif nan vitrin gran magazen yo.
Mwen sonje yon piblikasyon New York Times jou Dimanch ki te gen yon paj atik konplè ki te rele: “Vitrin Sezonfèt yo Retounen. Achtè Yo Tou. Atik la te rakonte yon tradisyon kote ekspozisyon nan bèl vitrin te dekore fenèt gran magazen yo sou Senkyèm Avni nan New York City yo. Daprè sa m te ka detèmine nan atik la ak nan dènye vizit mwen an, okenn nan fenèt sa yo pa t reprezante sèn Nwèl ni Kris la kòm Timoun.
Pandan m t ap li atik la, mwen te sonje ke lè m te piti, te gen ekspozisyon sou Nwèl nan fenèt gran magazen yo nan Salt Lake City yo ak Kris la kòm Timoun an vedèt. Mwen raple m tou yon istwa ki te soti nan peryòd sa a apwopo yon sant komèsyal nan Midwès la ki te vle mete aksan sou tèm Nwèl la pou te kreye yon santiman Nwèl ak atire achtè yo. Yo te mete yon gwo banyè ki te ekri, “Si Kris la te vini aswè a, kimoun Li t ap vin jwenn?” Te gen plizyè sèn ki te afiche sou vitrin yo nan magazen an anba banyè a. Si m sonje sèn yo kòrèkteman:
-
Youn sete yon dàm aje nan kabann ni ke yon enfimyè t ap okipe. Li te sanble trè malad.
-
Dezyèm nan sete yon jèn manman avèk yon tibebe fèk fèt. Lajwa te klere sou figi li.
-
Yon twazyèm sèn te afiche yon fanmi avèk timoun k ap kriye. Li te klè ke pa t gen ase pou yo manje, epi pa t ap gen anpil, sinon, okenn kado Nwèl.
-
Yon katriyèm sèn te montre yon fanmi aparaman rich ki t ap ouvri anpil kado.
-
Senkyèm nan sete yon bèl fanmi plen imilite, avèk anpil timoun ki t ap chante jwayezman ansanm.
Pandan m t ap kontanple senk afich sa yo ak banyè “Si Kris la te vini aswè a, kimoun Li t ap vin jwenn?” nan, de panse te vin nan lespri m.
Premyèman, nou konnen ke lè Sovè a vini pou dezyèm fwa a, nou p ap konnen jou a ni lè a.
Dezyèmman, lè Jezikri vini, jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye nan dènye konferans jeneral la, “[Li] pral retounen sou tè a kòm Mesi Milenè a.” Pou nou pare, Prezidan Nelson egzòte nou, “Pou rekonsakre lavi [nou] bay Jezikri.” Pa konsekan, li t ap pi bon si banyè a ta di pito, “Si Kris la te vini aswè a, kimoun ki t ap prepare pou akeyi Li?”
Pandan m t ap repase sèn yo sou vitrin nan, mwen reyalize ke tout sa yo di nou se osijè kondisyon fizik ak finansye moun yo, men yo pa di anyen sou kondisyon spirityèl yo. Ekspozisyon nan fenèt yo te dekri moun ki te aje ak malad osibyen ke moun ki te ansante ak fèk fèt. Te genyen moun rich ak pòv tou. Men laj, sante, ak kondisyon finansye pa di nou sa ki vrèman enpòtan an, ki se kondisyon lespri yo.
Nan Doktrin ak Alyans nou li osijè kalifikasyon pou batèm nan Legliz Kris la. Kritè yo prensipalman baze sou genyen imilite, gen “yon kè brize ak yon lespri kontri,” repanti, ak “sèvi [Jezikri] jiska lafen.” Objektif la se pou yo vin “yon disip fèvan Jezikri”epi pwogrese sou chemen alyans lan ki prepare nou pou benediksyon Ekspyasyon L yo.
Kris la se egzanp nan tout bagay. Li te deklare, “Gade, m se limyè a; m te tabli yon egzanp pou nou.” Lè n ap gade kondisyon lespri nou, sa ta bon si nou ta gade egzanp pafè Li. Sovè a te montre nou chemen pou jwenn bonè, rezondèt, ak lajwa nan lavi sa a ak nan letènite a. Bonè ak lajwa defini lespri Nwèl la.
Nan Jan 19:5 nou li ke Pilat te mennen Jezi devan moun ki te vle krisifye L yo. Li te “abiye ak kouwòn pikan an, ak rad wouj la. Epi Pilat te di yo, Men Lòm nan!”
Nan sezon Nwèl sa a, ann ou briyèman gade Lòm nan, ki se Kris la, ak don Li bay yo.
Premyèman, an nou konsidere nesans mirakile Li a.
Nou konnen ke tibebe presye sa a nou selebre nan sezon Nwèl sa a sete sèl Pitit Gason Literal Papa a. Li te eritye pouvwa lavi etènèl nan men Papa Li—pouvwa pou Li viv la. Epi Li te eritye de manman Li pouvwa pou L mouri a. Yo te chwazi Li depi nan kòmansman an pou misyon sakre L la.
Matye 1:23 di, “Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y a rele l Emanyèl, non sa a vle di: Bondye avèk nou.”
Dezyèmman, medite sou lavi pafè ak san peche Li ak egzanp Li. Byenke Li te soufri doulè, afliksyon, ak tantasyon tout kalite, Li te ranpli misyon L lan avèk siksè. Li se egzanp nou epi Li trase chemen ke nou dwe suiv la. Li te konsakre lavi L pou pòv yo, moun ki nan nesesite yo, malad yo, ak aflije yo, ak pou akonplisman plan etènèl ke Limenm sèlman te kalifye pou li a.
Twazyèmman, kontanple lanmò, Rezirèksyon, ak Ekspyasyon Li.
Konsènan Ekspyasyon an, Preche Levanjil Mwen an di mayifikman e senpleman: “Ekspyasyon Sovè a te enkli soufrans Li nan Jetsemane, soufrans Li ak lanmò Li sou kwa a, ak Rezirèksyon Li. Li te soufri depase konpreyansyon—sitèlman ke Li te senyen nan chak two nan kò Li.”
Nan Doktrin ak Alyans 76:41 nou li: “Pou fè konnen, li te vini nan mond la, Jezi menm, pou mond lan te kapab krisifye l, epi pou l pote peche mond lan, epi pou l sanktifye mond lan, epi pou l netwaye l anba tout enjistis.”
Ekspyasyon Jezikri a se pi gwo evenman ak pi gran kado ki janm rive nan istwa limanite. Nou tout peche, epi se sèl atravè Ekspyasyon Jezikri a nou ka jwenn mizèrikòd epi viv avèk Bondye.
Katriyèmman, prepare tèt nou pou Dezyèm Vini Li a.
Nan Ansyen Testaman an, Jòb te anseye “L ap kanpe nan dènye jou a sou latè.” Jan Prezidan Russell M. Nelson te trè mayifikman anseye a, “[Kris] la pral dirije zafè Legliz Li a apati alafwa ansyen Jerizalèm nan ak Nouvo Jerizalèm nan.” Kounyea se moman pou prepare nou pou evenman sa a. Ekriti yo di: “Prepare nou pou gran jou Senyè a.”
Dènye konsèy mwen se pou nou renmen ak sèvi Senyè a. Pandan n ap reflechi sou kondisyon espirityèl nou ak preparasyon pou akeyi Sovè a, nou dwe toudabò, “Renmen Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout panse nou.” Epi dezyèm nan, “Renmen pwochen ou menmjan ak tèt ou.”
Lanmou nou pou Bondye ak pou pwochen nou se tès final kondisyon lespri nou. Si nou renmen Bondye, n ap obeyi kòmandman L yo. Si nou renmen pwochen nou, n ap sèvi yo epi n ap esansyèlman tounen men Sovè a.
Nan Doktrin ak Alyans, Sovè a itilize pawòl sa yo: “Wi, m ap louvri kè pèp la, epi … m ap tabli yon legliz avèk men ou”
Meyè fason nou ka montre gratitid nou pou Sovè a nan sezon Nwèl sa a se pou nou tounen sèvitè Li—pou, an reyalite, tounen men Li isit sou tè a.
Nan bèl sezon sa a, kote n ap selebre nesans Senyè ak Sovè nou an, Jezikri, mwen temwaye nou ke Li vivan. Li se Egzanp nou, Avoka nou bò kot Papa a, epi Li te akonpli tout sa ki nesesè pou nou ka retounen nan prezans Papa a ak Pitit Gason an. Li t ap saj si nou ta suiv Jezikri epi resevwa don Li akòde yo.
Mwen swete nou pase yon Nwèl gloriye santre sou Jezikri.
Nan non Jezikri, amèn.