Kado ki pa Gen Pri
Devosyon Nwèl 2024 Premye Prezidans lan
Dimanch, 8 Desanm, 2024
Aswè a, m ap pale avèk kè kontan ak admirasyon sou siyifikasyon sakre Nwèl la. Okenn evènman nan istwa mond lan pa t gen yon pi gwo enpak pase nesans ak misyon Jezi Nazarèt la, sa gen plis pase de mil ane a. Nan mond modèn nan, nou mezire tan kòmanse apati evènman mirakile sa a.
Yo selebre nesans Senyè nou an nan plizyè fason diferan atravè mond lan, men gen yon tradisyon Nwèl ki sanble l rete inivèsèl.
Pwobableman tradisyon sa a te kòmanse avèk istwa nan Matye a apwopo wa maj yo ki te soti nan Lès pou yo te vin adore Jezi a. Lè yo te vini, yo te pote kado presye. Jodi a, tradisyon bay kado a se youn nan pati ki pi enpòtan nan selebrasyon Nwèl la.
Premye souvni kado Nwèl mwen se te yon bèl fizi jwèt ki te tire yon bouchon lyèj ki te mare ak yon fisèl, ak yon kana mekanik ki te mache ak chèn. Sa sete anpil kè kontan pou yon timoun katran. Kana a te danse nan yon sèk atè a epi reyèlman li pa t gen okenn chans paske avèk eksitasyon m t ap dechaje zam mwen sou li nan yon distans sis pous. Men jwèt la pa t pran tan pou l te kase, e tankou tout bagay materyèl, bonè li te bay la te tanporè epi m te bliye l byen vit.
Aswè a, m ap sijere twa kado chak nan nou ka bay pou sezon Nwèl sa a, ak pandan tout lavi nou, ki pa pral pote bonè tanporè, men pito pral pote lajwa vrè ak dirab.
Premye a se kado temwayaj la. Sa a se yon kado vrèman pèsonèl epi lè yo bay li san limit, san foste, li revele ekspresyon ki pi pwofon nan nanm nou yo. Pi presye pase lò, lansan, oswa lami, temwayaj pur sou Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè pèsonèl nou an se eleman santral nan tout sa nou selebre nan Nwèl la.
Lè sis pitit nou yo te jèn, Jacqui avèk mwen te deside pou sware familyal, olye nou te gen yon leson, nou t ap tou senpleman pataje temwayaj youn ak lòt. Apre m te fin pataje temwayaj mwen, Chelsea, pitit fi nou an, ki te gen 16 an nan epòk la, te di avèk je l gran ouvè: “Papa, mwen pa t janm tande temwayaj ou anvan”. Mwen te ontijan etone, epi m te sezi pou repons li an. Lè w gade nan epòk sa a, mwen te yon prezidan pieu e m konnen Chelsea te tande m rann temwayaj anpil fwa nan plizyè reyinyon legliz ak lakay mwen. Men nan moman sa a, li te tande epi l te santi temwayaj mwen kòmsi se te premye fwa. Li te anseye m yon leson mwen pa janm bliye: kado temwayaj la presye e gen pouvwa nan pataje l souvan.
Dezyèm nan se kado padon an. Asireman, nou tout nan yon moman kèlkonk konn blese pa pawòl oswa aksyon mechan lòt moun. E si nou onèt, nou menm tou nou fè lòt moun mal. Jezikri te anseye, ”Mwen menm, Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou nou menm se yon egzijans pou nou padone tout moun” Apresa, Li ale pi lwen epi li di ke lè nou pa padone lòt moun peche yo fè kont nou, pi gwo peche a se nan nou l rete.
Lè nou padone lòt moun libreman e franchman, nou vin libere anba pwazon amètim, jijman oswa revanj.
Mwen gen yon bon zanmi nan Afrik diSid ki rele Sandile Makasi. Avèk pèmisyon li, m ap pataje istwa trè pèsonèl li sou padon. Lè Sandile te prèske gen dezan, lapolis te tòtire papa l, ki te gen 28 an sèlman, epi te touye l pandan rejim apartheid la. Apresa Sandile te aprann tout detay sou asasina chokan papa l la. Kounye a m ap site pwòp pawòl pa li:
“Pandan premye ane m yo kòm yon tigason, mwen te santi amètim ak rayiman poutèt sa yo te fè papa m nan. Poukisa yo te retire l nan men nou? Yo te vòlè yon papa ak yon konseye nan men mwen, epi yo te vòlè yon konpayon ki eman ak atansyone nan men manman m.
“Lè m te aprann fason vyolan yo te tòtire li, sa te ranpli kè m ak lespri m avèk gwo kòlè, rayisman, ak ostilite anvè ofisye lapolis yo ak blan yo.
“Mwen te kontinye kenbe santiman sa yo jiskaske m te jwenn levanjil retabli Jezikri a. Levanjil la te ede m konprann ke mwen ta dwe padone ofisye polis yo pou krim yo, e ke lajwa mwen ak pwogrè espirityèl mwen te depann de sa.
“Sa te pi fasil pou di pase pou fè, men mwen te pèsiste avèk anpil lapriyè, epi avèk letan, Senyè a te ede m padone enmi m yo …. Olye de blesi a, mwen te santi rekonfò; olye de ostilite ak rayiman, mwen te gen lanmou; olye de fènwa nan kè m ak nan lespri mwen, mwen te gen limyè ak lapè.”
Mèsi Sandile pou egzanp ou sou bay kado padon an.
Twazyèmman, kado lanmou Kretyen. Nan tout don espirityèl yo, pa gen youn ki pi gran pase charite. Jezi te ouvètman eksprime lanmou li pou lòt moun e Li te anseye pou nou youn renmen lòt.
Lè nou suiv egzanp Sovè a nan eksprime lanmou pou lòt moun nan pawòl ak aksyon, yo ka fè eksperyans lanmou Bondye atravè nou.
Sa gen kèk ane, mwen te rankontre yon jèn gason 23 an ki t ap viv Washington ki te yon bèl egzanp sou sa. Misyonè yo te anseye l pandan twa mwa, epi li te fè eksperyans yon chanjman estraòdinè nan vizaj li ak nan fason l t ap viv. Yon jou swa li t ap pale avèk misyonè yo nan telefòn, epi pandan yo t ap rakwoche, yo te di: “Nou renmen w, Michael.” Li te depoze telefòn nan epi li panse nan tèt li, “Wow. Sa se yon bagay mwen pa abitye. Mwen ta ka menm kapab di lòt moun sa.” Li te rasanble tout kouraj li pou l te di manman l ke li renmen l. Manman l t ap viv a kèk èdtan distans nan yon lòt pati nan eta a. Lè li te rele l epi li te di l “Mwen renmen ou, manman,” repons imedyat manman li sete “Èske tout bagay anfòm? Èske ou te ale kay doktè a epi ou te aprann kèk move nouvèl? Èske w pral tounen nan prizon?” Konsa, li te pale l de fason li te jwenn levanjil la ak kijan sa te chanje li, e kounyea li te kite fimen ak itilize dwòg epi li t ap planifye pou l te batize.
Mwen panse ke sa se yon bèl egzanp sou sa k ap pase lè moun santi lanmou Bondye atravè lòt moun. Li adousi kè epi apresa li kreye yon dezi pou pataje kado lanmou sa a avèk lòt moun.
Aswè a, nou te kòmanse pale sou kado presye nan mansyone lò, lansan ak lami. Mwen te tcheke; epi ou ka menm achte kado sa yo sou Amazon. Men ou p ap janm jwenn lòt kado nou sot pale la yo nan okenn magazen. Yo se kado san pri, epi y ap pote lajwa dirab ak veritab ni pou moun k ap resevwa a ni pou moun k ap bay la.
Konsa, pandan w ap reflechi sou sa w pral bay pou Nwèl sa a, mwen envite w:
-
Pataje temwayaj ou avèk fanmi w ak moun ou renmen yo. Lè w pataje kado presye sa a, pwòp temwayaj pa w ap vin pi fò.
-
Padone yon moun ou santi ki te fè w ditò oubyen ki te fè w mal. Lè w bay kado sa a, ou menm tou w ap santi lapè ak gerizon.
-
Ede lòt moun santi lanmou Bondye atravè ou. Si sa apwopriye, di yo ke w renmen yo. Lè w wè lòt moun jan Bondye wè yo, lanmou w pou yo ap grandi, epi ou menm tou w ap santi lanmou Bondye nan lavi w.
Koulye a, mwen swete chak nan nou yon sezon Nwèl ranpli ak anpil lajwa. Mwen rann temwayaj mwen konsènan Jezi de Nazarèt. Li vivan. Li se Sovè nou, Redanmtè nou. Li se avoka ak zanmi nou. Mwen adore Li. Mwen renmen Li. Grasa kado Li bay nou chak la, ki te achte a yon pri enestimab, nou ka kalifye pou nou resevwa pi gwo kado pami tout kado—lavi etènèl menm nan prezans Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou an.
Nan non Jezikri, amèn.