Kris Tibebe a te Fèt pou Ou
Devosyon Nwèl 2024 Premye Prezidans lan
Dimanch, 8 Desanm, 2024
Èske nou pa privilejye pou nou koute si bèl mizik konsa? Mèsi anpil pou koral sa a, òkès la, ak kondiktè yo. Mwen pa ka wè nou dèyè abdenwèl sa yo, men mwen konnen nou la a.
“Infant Holy, Infant Lowly” se youn nan kantik Nwèl favori mwen.
Twoupo yo t ap dòmi, Bèje yo t ap veye
Yo t ap veye jiskaske maten leve;
Yo te wè laglwa, yo te tande istwa
Bòn nouvèl yon levanjil vrè.
Yo te rejwi, libere anba lapenn,
Chante louwanj, jis nan maten
Kris Tibebe a te fèt pou ou.
Kris Tibebe a te fèt pou ou!
Lè m te ti jènfi, ti non paran m te ban m se te “Tammy Ti Mouton,” konsa, lè ekriti yo te pale de yon bèje ak mouton l yo, mwen te toujou santi se avè m yo t ap pale.
Sa te espeysalman vre nan istwa Nwèl la ak zanj yo ki te parèt devan bèje yo, pandan yo t ap veye twoupo yo, mouton yo, nannuit la. Mwen te fè vizyon tèt mwen epi imajine kijan sa t ap ye pou n t al apwoche devan tibebe a nan krèch la. Mwen toujou renmen imaj sa yo chak ane lè m kontanple nesans Li.
Yon lòj imaj mwen renmen te soti nan yon istwa Èldè John R. Lasater te rakonte.
Sa gen anpil ane, Èldè Lasater te vizite yon peyi an Afrik antanke manm nan yon delegasyon ofisyèl gouvènman an.
Yon jou, pandan yo t ap vwayaje nan dezè a nan yon karavàn limouzin nwa, yo te fè aksidan. Machin pa l la te franchi kolin nan epi li te remake ke machin devan an te soti kite wout la. Li te di, “Sèn ki te devan nou an rete nan lespri m pandan anpil ane apre sa.”
Yon bèje granmoun, avèk yon wòb long menmjan ak nan epòk Sovè a, te kanpe tou pre limouzin nan ap pale avèk chofè a. Tou pre li li te gen yon ti twoupo anviwon 15 mouton.
Premye machin nan te frape epi blese youn nan mouton yo, chofè Èldè Lasater a te eksplike. Paske sete machin wa a, bèje a kounyea te vin gen dwa pou l te resevwa 100 fwa lavalè ti mouton an lè te fin grandi. Men selon menm lwa sa a tou, yo te oblije tiye mouton an epi separe vyann nan avèk pèp la.
Apresa chofè a te di, “Men gade, bèje a pa t vle pran lajan an; yo pa janm dakò pou fè sa.” Lè nou te mande l poukisa, li te ajoute, “Se akozde lanmou li genyen pou chak nan mouton l yo.”
Yo te obsève bèje a ki te bese, li te ranmase ti mouton blese l la nan bra li, epi li te mete l nan pli wòb li yo. Li te kontinye karese mouton an, pandan l t ap repete menm mo a san rete, epi lè Èldè Lasater te mande siyifikasyon mo a, yo te di l, “O, se non mouton an l ap site wi. Chak mouton l yo gen non pa yo, paske li se bèje yo, epi tout bon bèje konnen non chak grenn nan mouton l yo.”
Nan Ezayi yo pwomèt nou, “Se Li menm k ap rasanble mouton L yo avèk bra li. L ap pote ti mouton yo sou bra l.”
Si gen yon bagay nou ta dwe sonje oubyen yon bagay nou ta dwe santi nan sezon Nwèl sa a, se ta sonje ke se pou Li nou ye. Sonje lè Kris la te di Pyè, “Pran swen ti mouton …myo brebi m yo ”?
“Jodi a nan lavil David la nougen yon Sovè ki fèk fèt, ki se Kris la Senyè a.”
“ Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt. Bondye ban nou yon gason.”
Li te fèt pou L edifye chak grenn nan nou pèsonèlman. Epi si Li pou tout moun, Li sètènman pou ou. Kris Tibebe a te fèt pou ou.
Men Ezayi avèti nou tou, “Nou te tankou brebi ki egare.” Petèt chak nan nou gendwa rive santi nou abandone tankou yon ti mouton k ap ere oubyen menm tankou yon brebi ki egare. Aswè a, mwen vledi nou ke nou tout se ti mouton ki blese ki bezwen Bon Bèje a, pou L pote nou nan bra lanmou Li. Paske nou mòtèl, sa vledi ke nou gen bagay nan nou ke nou santi ki brize, ki bezwen reparasyon.
Epi, m pa konnen si gen yon moman nan semèn nan kote bezwen m santi pou yon Redanmtè a plis pase jou Dimanch pandan reyinyon sentsèn nan. Mwen pote kè brize mwen epi m reflechi sou pawòl yo ak anblèm yo nan “moman renouvèlman espirityèl sa a,” Men, pafwa gen yon moman deprim ki vini kote, lè m ap panse a semèn ki pase a, mwen rekonèt ke se sou menm peche sa yo, menm feblès la ke m t ap panse nan jou Dimanch ki pasea. Epi mwen santi m vrèman kontri oswa brize.
Èske w konn santi w konsa?
Jodia mwen envite w pou w eseye yon bagay nouvo. Nan minit ki pi sakre sa yo nan tout semèn nan, si w santi w brize, imajine Limenm k ap rele non ou, epi w al jwenn Li. Imajine Sovè a nan lespri w, avèk aparans briyan Li ak bra L ouvri k ap lonje ba ou, k ap di w, “Mwen te konnen ou t ap santi w konsa! Se poutèt sa mwen te vin sou tè a epi m te soufri sa m te soufri a.” Èd Li, lagras Li disponib pou ou kounyea menm, non pa nan fen chemen an lè w santi ke w gen tout bagay nan plas yo. Paske, èske gen moun ki santi l konsa? Okenn moun ke m konnen.
Sonje, nou ale legliz, pou pran sensèn Soupe Senyè a, pou nou ka geri, men tou pou n santi nou pwòp.
Sa gen kèk ane, lè m t ap sèvi nan Primè, mwen t ap rakonte yon istwa sou yon moun ki te fèk batize. Mwen te eksplike kijan zanmi sa a gendwa te youn nan moun ki te pi sen ak pi pwòp pami tout manm ki nan Legliz la. Lè sa a, nan premye ran an, yon men te leve epi youn nan ti gason pi gran yo te deklare, “Mwen ka pwòp menmjan avèk li paske m batize epi mwen fèk sot pran sentsèn.” Mwen te reponn maladwatman, “Wi, se sa m te vle di—se l di a.”
Zanmi m yo, èske nou vrèman sonje epi resevwa doktrin ki vrèman bèl sa a? Si n ap travay pou nou kapab kenbe alyans nou avèk Bondye—n ap kontinye retounen, fè rapò, repanti—nou kapab vin pwòp chak jou. Epi atravè òdonans sentsèn nan, nou kapab santi nou pwòp menmjan ak jou nou te batize a.
Pou mwen menm, se konsa jou Saba a vin tounen yon jou repo. Non pa sèlman yon repo fizik, men repo anba santiman kilpabilite ak krent, anba ensifizans ak feblès mwen yo. Omwen pou jis yon jou!
Youn nanpi bèl istwa nan tout ekriti yo ban nou yon apèsi sou repo sa a. Nan Liv Mòmon an, pandan Sovè resisite a t ap vizite “lòt brebi L yo nan Amerik la, epi apre Li te santi bezwen moun yo te genyen san yo pa t menm mande L, Li te envite tout moun ki te brize fizikman—moun kokobe, avèg, ak tout moun ki te “aflije nan nenpòt fason”—pou yo te avanse vin jwenn Li.
Mwen imajine moun ki te kanpe nan liy yo avèk bezwen gerizon fizik ki te evidan. Men konsa tou nan lespri m, mwen ka wè moun tankou mwenmenm ak lòt moun pa m nan liy nan ki aflije nan fason ki gendwa pa vizib pou je lòm. Li te mande pou tout moun ki te aflije nan nenpòt fason, “epi li te geri yo youn apre lòt.”
Remake kijan, nan ka sa a, Li pa t di Li te trete yo. Mwen renmen ide ke gen yon diferans ant gerizon ak tretman an. Tretman abityèlman retounen nou nan yon premye eta byennèt nou te genyen, ki se sa nou tout ap chèche, pa vre? Men gerizon diferan. Gerizon enkòpore ansyen blesi a, ki yon lòt bò fè nou diferan an.
Menm Sovè mond lan, kòm yon èt resisite, te konsève blesi nan men Li, pye L, ak bò kòt Li yo—prèv ke Li pa p janm bliye nou epi se gras ak kout fwèt Li yo nou jwenn gerizon. Epi petèt, jou sa a lè Sovè a te geri yo a, Li te kenbe yo tou, Li te bay yo chak yon akolad plen lanmou.
Aswè a, petèt ou santi w brize epi w pa sèten si w ap rive fè eksperyans gerizon Li. Men èske se vre? Chak Dimanch pandan sentsèn nan, Li ranmase w sou wout pousyè a, plase w nan pli wòb Li, epi pote w nan bra solid Li yo.
Nan nuit Nwèl sakre sa a, yon zanj te pataje bòn nouvèl la, nouvèl ki te pote gwo lajwa a. “Limenm ki te pi gran, te fè tèt Li vin tou piti—Bèje Selès la ki te vin tounen ti Mouton an.” “Se konsa Wa tout wa yo te kouche nan yon enb etab. Nan tout eprèv nou yo, Li te fèt pou L te ka zanmi nou.” Mwen kwè ke zanj lan t ap di, “Zanmi ou, pi bon zanmi w ak Sovè w la fèk rive. Epi, si w te konnen kijan L ap veye sou ou de prè, nan ki pwen ou te konsidere Li lè w te viv avèk Li anvan an, si w te konprann kisa L pral sakrifye pou ou ak kijan L ap toujou dispoze pou L ede w retounen lakay ou, ou t ap kouri al salye Li nan etab la.”
Mwen temwaye ke Tibebe nan etab la, Sila nou adore a epi petèt ke nou oze imajine kijan nou ta santi nou pou nou ta kenbe L la, te vini pou L te egzakteman fè sa pou nou.
Wi, Kris tibebe Jezi te fèt pou ou!
Nan non Jezikri, amèn.