Libreri
Apendis


Apendis

Papa nou ki nan Syèl la envite ou resevwa òdonans sakre yo. Òdonans sa yo enkli alyans—ou fè pwomès avèk Bondye, epi Li fè pwomès avèk ou. Ou fè alyans sa yo, pa egzanp, lè w batize epi konfime, lè w dote, epi lè w sele pou letan ak letènite nan kay Senyè a. Fè ak kenbe alyans ap pote lajwa ak kè kontan pou ou epi sa ap pèmèt ou jwenn aksè nan pouvwa Bondye pou ede w retounen nan prezans Li, kote w kapab jwi lavi etènèl avèk Li.

Pou w aprann plis konsènan sa ou pwomèt Bondye lè w fè alyans sa yo—ak sa Li pwomèt ou—gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 3.5, Bibliyotèk levanjil la.

Medite sou kesyon ki pi ba la yo. Yo se kesyon y ap poze w lè w ap fè entèvyou pou yon rekòmandasyon tanp, men ou pa bezwen tann pou yon entèvyou. Fè pwòp oto-evalyasyon espirityèl ou nenpòt kilè ou vle.

Tèm Jènfi a, Tèm Kowòm Prètriz Aawon an, ak Dis Kòmandman yo kapab tounen zouti ki ap ede nan oto-evalyasyon w lan tou.

Kesyon rekòmandasyon Tanp pou Jèn yo

  • Èske w gen lafwa ak yon temwayaj nan Bondye, Papa Etènèl la; ak Pitit Gason Li a, Jezikri; ak Sentespri a?

  • Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl Li kòm Sovè ak Redanmtè ou?

  • Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a?

  • Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle yo nan prètriz la? Èske w soutni manm Premyè Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè? Èske w soutni lòt Otorite Jeneral yo ak dirijan lokal yo nan Legliz la?

  • Senyè a te di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske w fè efò pou rete moralman pwòp nan panse ou ak nan konpòtman ou? Èske w obeyi lwa chastete a?

  • Èske w suiv ansèyman Legliz Jezirki pou Sen Dènye jou yo nan lavi prive ou ak nan konpòtman ou an piblik avèk manm fanmi ou ak lòt moun?

  • Èske w sipòte oubyen fè pwomosyon ansèyman, pratik, oswa doktrin ki kontrè avèk pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo?

  • Èske w fè efò pou respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon ou yo; prepare pou pran sentèn nan ak diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?

  • Èske w fè efò pou ou onèt nan tout sa w ap fè?

  • Èske w peye yon dim konplè?

  • Èske w konprann epi obeyi Pawòl Sajès la?

  • Èske gen okenn peche grav nan lavi ou ki ta bezwen rezoud avèk otorite prètriz yo kòm pati nan repantans ou?

  • Èske w konsidere tèt ou diy pou antre nan kay Senyè a epi patisipe nan òdonans tanp yo?

Tèm Jènfi yo

Mwen se yon pitit fi byeneme paran selès, ki gen yon nati divin ak yon destine etènèl.

Antanke disip Jezikri, m ap fè efò pou mwen vin menmjan avèk li. M ap chèche ak aji sou revelasyon pèsonèl epi sèvi lòt moun nan non sakre Li.

M ap kanpe kòm yon temwen Bondye tout tan, nan tout bagay ak nan tout kote.

Pandan m ap fè efò pou kalifye m pou egzaltasyon, m ap cheri don repantans lan epi m ap chèche amelyore chak jou. Avèk lafwa, m ap fòtifye fwaye ak fanmi m, fè ak kenbe alyans sakre, epi resevwa òdonans ak benediksyon tanp sakre yo.

Tèm Kolèj Prètriz Aawon an

Mwen se yon pitit gason byeneme Bondye, epi Li gen yon travay pou m fè.

Avèk tout kè, panse, ak fòs mwen, m ap renmen Bondye, kenbe alyans mwen yo, epi itilize prètriz Li a pou m sèvi lòt moun, kòmanse nan pwòp fwaye pa m.

Pandan m ap fè efò pou sèvi, egzèse lafwa, repanti, ak amelyore chak jou, m ap kalifye pou m resevwa benediksyon tanp yo ak lajwa dirab levanjil la.

M ap prepare pou vin yon misyonè dilijan, yon mari lwayal, ak yon papa eman nan vin yon vrè disip Jezikri.

M ap ede prepare mond lan pou retou Sovè a nan envite tout moun pou yo vin jwenn Kris la epi resevwa benediksyon Ekspyasyon l yo.

Dis kòmandman yo

  • Nou pa dwe gen lòt bondye apre m.

  • Nou pa dwe fè okenn imaj taye.

  • Nou pa dwe site non Senyè Bondye nou an anven.

  • Sonje jou saba a, pou sanktifye l.

  • Respekte papa w ak manman w.

  • Ou pa dwe touye moun.

  • Ou pa dwe fè adiltè.

  • Ou pa dwe vòlè.

  • Ou pa dwe rann fo temwayaj.

  • Ou pa dwe konvwate.

Gade Egzòd 20:3–17.