7.
Òdonans ak alyans yo ba nou aksè a benediksyon Bondye.
Papa nou ki nan Syèl la anvi anseye ak beni ou. Youn nan fason Li fè sa se atravè òdonans tankou batèm, konfimasyon ak sentsèn nan. Atravè òdonans tankou sa yo, nou fè yon alyans, oswa pwomès, avèk Bondye. Kenbe alyans ogmante pouvwa Bondye nan lavi ou epi ede ou prepare pou lavi etènèl. Se poutèt sa òdonans ak alyans yo presye pou nou—paske yo ranfòse koneksyon nou ak Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou epi ede nou vin pi sanble avèk yo.
Verite Etènèl yo
Òdonans yo pwente ou sou Jezikri. Yon òdonans se yon seremoni sakre avèk siyifikasyon senbolik ki anseye konsènan Jezikri. Sentsènn nan, pa egzanp, se pa jis pen ak dlo. Li raple nou de Sovè a.
Alyans yo se yon siy sou lanmou, konfyans ak atant Bondye. Yo mete relasyon ou avèk Bondye nan yon nivo pi pwofon. Fè yon alyans montre ke ou renmen Bondye epi ou angaje avèk Li. Ou kapab fè Li konfyans epi Li kapab fè ou konfyans. Avèk angajman pi pwofon sa a vini pi gwo aksè nan pouvwa Li ak èd pandan w ap kenbe alyans ou yo.
Ou fè yon alyans avèk Bondye lè ou batize epi konfime ak lè ou pran sentsèn nan. Lè ou batize, ou pwomèt pou pran sou tèt ou non Jezikri, sèvi Li, epi kenbe kòmandman Li yo pandan tout lavi ou. Pandan sentsèn nan, ou pwomèt w ap toujou sonje Li tou. Sa yo se pwomès ou. Lè ou dispoze kenbe yo, Bondye pwomèt L ap ba ou Sentespri a kòm yon konpayon konstan.
Envitasyon
Trete sentsèn nan tankou yon kado sakre. Montre angajman ou anvè Jezikri nan prepare w pou yon eksperyans sakre pandan sentsèn nan. Medite sou kisa ou kapab fè pou fè òdonans sa a yon pwen espirityèl enpòtan nan semèn ou.
Chèche Sovè a nan òdonans yo. Lè ou gade oswa patisipe nan yon òdonans, mande tèt ou, “Kisa mwen aprann nan sa a konsènan Jezikri?” oswa “Ki jan sa fè m vin pi pre Li?” Pote atansyon a sa Lespri a anseye ou.
Kite alyans ou yo gide aksyon ou yo. Lè w gen yon chwa pou w fè, sonje relasyon alyans ou avèk Bondye. Rete fidèl anvè Li. Mande tèt ou: Èske sa aliyen avèk alyans mwen yo? Pa egzanp, èske mwen renmen ak sèvi lòt moun, èske mwen konsole moun ki bezwen konsolasyon, epi kanpe kòm yon temwen Kris—tout kote e toujou?
Pwomès Benediksyon yo
Ou kapab gen pouvwa pou simonte tantasyon, peche ak eprèv lavi yo. Fè ak kenbe alyans yo ba w aksè a pouvwa Bondye a. Avèk pouvwa sa a, ou kapab fè fas a nenpòt bagay avèk konfyans. Jezikri se fòs ou!
Ou kapab rete pwòp epi jwenn padon. Pati nan pwomès Bondye pou ou pou w kenbe alyans batèm ou an se yon remisyon pou peche ou yo. Sa vledi ke pandan w ap repanti epi kenbe pwomès ou yo avèk Bondye, L ap padone ou epi l ap ede w amelyore.
Ou kapab gen Sentespri a avèk ou tout tan. Yon lòt pwomès ki konekte avèk batèm ak sentsèn se konpayi konstan Lespri Li ak ministè zanj yo. Ou p ap janm oblije travèse eprèv lavi yo poukont ou. Bondye pa janm abandone pitit alyans Li yo—ou kapab konte sou sa.
Ou ka gen sipò pèp alyans Bondye a. Ou fè pati yon kominote moun alyans nan Legliz Sovè a. Ou leve epi ankouraje youn ak lòt. Nou pran lapenn ansanm, nou rejwi ansanm. Nou youn pote fado lòt. Fanmi ou, evèk ou, dirijan w yo, ak lòt manm nan Legliz la dispoze pou ede ou, epi ou kapab ede yo.
Kesyon ak Repons
Èske mwen kapab yon bon patizan Jezikri san òdonans ak alyans? Gen anpil bon moun ki suiv Jezikri sensèman menm si yo pa janm batize oswa ale nan tanp. Sepandan, Papa nou ki nan Syèl la vle pou tout pitit Li yo resevwa òdonans Li yo epi fè alyans avèk Li pou yo ka gen plis aksè a èd, mizèrikòd ak fòs Li. Sa se youn nan rezon prensipal ki fè Jezikri te retabli Legliz li a! Chak pitit Bondye ap gen opòtinite—nan lavi sa a oubyen nan lavi kap vini an—pou yo aksepte òdonans ak alyans ki nesesè pou lavi etènèl yo.
Mwen pa toujou fidèl a alyans mwen yo. Èske gen espwa pou mwen? Wi! Levanjil Jezikri a se yon levanjil lespwa ak nouvo kòmansman. Se poutèt sa nou pran sentsèn nan chak semèn. Papa nou ki nan Syèl la te konnen nou ta pral fè erè e bezwen yon nouvo kòmansman. Sovè a te bay lavi Li pou ba ou yon fason pou w retounen. Pandan w egzèse lafwa nan Jezikri epi repanti, ou kapab rejwenn aksè a pouvwa Bondye.
Gade 1 Korentyen 11:23–26 (pran sentsèn nan montre nou kwè nan Jezikri ak nan Ekspyasyon Li a); Mozya 18:10, 13 (alyans batèm la); Doktrin ak Alyans 13 (prètriz Aawon an gen kle repantans, batèm, ak ministè zanj yo); 20:37 (egzijans batèm yo); 20:77, 79 (priyè sentsèn yo).
Kesyon Rekòmandasyon Tanp
-
Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou pran sentèn nan ak diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?