Paran
9. Ou beni pa otorite ak kle prètriz yo


mesaje selès k ap retabli kle prètriz yo nan Tanp Kirtland lan

9.

Ou beni pa otorite ak kle prètriz yo

Matye 16:18–19

Lè Jezi te anseye Pyè konsènan otorite prètriz la, Li te pale de kle. Yo itilize kle pou delòk ak ouvri kèk bagay. Kle prètriz yo kapab delòk pouvwa, kado ak benediksyon Bondye yo nan lavi ou.

Verite Etènèl yo

Tout otorite ak kle prètriz yo vini atravè Jezikri. Chak detantè prètriz la kapab trase otorite li pou retounen nan Jezikri. Sovè a detèmine kiyès ki resevwa otorite sa a ak kiyès ki resevwa kle prètriz yo. Nou mete konfyans nan konesans pafè Li.

Jezikri retabli prètriz Li nan epòk nou an. Li dirije fason yo pral itilize prètriz la. Adan, Moyiz, Pyè, ak anpil lòt pwofèt nan tout listwa te resevwa kle prètriz yo. Nan epòk nou an, Joseph Smith te resevwa kle prètriz yo nan men Jan Batis, Pyè, Moyiz, Elyas, Eli, ak lòt moun. Chak manm nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo detni tout kle prètriz yo sou tè a jodia. Dirijan prètriz lokal yo ak prezidan kowòm yo gen kle prètriz yo tou pou apèl yo. Kle prètriz yo gouvène travay Bondye a. Yo otorize ak bay gason ak fi pouvwa pou ede nan travay sa a.

Otorite prètriz beni tout pitit Bondye yo. Paske prètriz la te retabli, nou kapab resevwa òdonans epi fè alyans avèk Bondye. Ou kapab aji nan non Bondye lè ou resevwa yon asiyasyon oswa apèl nan men yon moun ki gen otorite.

Envitasyon

Aksepte apèl Legliz yo epi sèvi fidèlman. Lè ou resevwa yon apèl Legliz la, ou resevwa mizapa avèk otorite Bondye pou sèvi nan wòl sa a. Ou kapab jwenn konsèy nan men Bondye tou pou sèvis ou. Pandan w ap sèvi, ou reprezante Jezikri. Ba Li sa ki pi bon nan oumenm.

Soutni moun Bondye aple pou sèvi yo. Soutni vle di plis pase jis leve men ou lè yo li yon non nan yon reyinyon Legliz. Li vledi pou sipòte ak ede. Chèche fason pou montre ke ou soutni moun Jezikri te aple pou sèvi nan Legliz Li a.

Akonpli asiyasyon ki soti de dirijan Legliz ou yo—enkli prezidans kowòm oswa klas ou. Yo gen otorite ki soti de Bondye, ke yo delege ou pou tach sa a. Yo ka asiyen ou sèvis pastoral pou yon moun, akeyi moun lè yo rive nan reyinyon sentsèn, oswa ede nan yon aktivite. Kèlkeswa sa asiyasyon an ye a, wè li kòm yon opòtinite pou vin yon disip Jezikri epi sèvi pitit Bondye yo.

Jan Batis k ap batize Jezikri nan Rivyè Jouden an

Pwomès Benediksyon yo

Ou kapab gen konfyans ke Jezikri otorize òdonans ou resevwa yo. Sa a se youn nan bagay ki fè Legliz Jezikri a inik. Atravè òdonans prètriz yo, pouvwa Bondye a manifeste.

Ou pral tounen yon enstriman nan men Senyè a Pandan w ap sèvi Senyè a avèk otorite Li epi anba direksyon sèvitè Li yo ki gen kle prètriz yo, Li pral ede ou konnen kijan pou w sèvi lòt moun nan travay Li a. Jezikri se fòs ou. Sèvis ou pral ede w vin pi pre Li epi pote lajwa pou ou.

Kesyon ak Repons

Kiyès nan pawas mwen an ki gen kle prètriz yo? Evèk la ak prezidan yo nan kowòm ansyen yo, enstriktè ak dyak yo gen kle prètriz yo. Sa vledi Senyè a te asiyen yo pou dirije fason prètriz la itilize pou sèvi ak beni tout moun nan pawas la.

Kijan kle prètriz yo beni mwen? Kle prètriz yo otorize òdonans tankou batèm ak sentsèn lan. Lè ou resevwa yon apèl nan Legliz la, ou resevwa mizapa anba direksyon yon moun ki gen kle. Sa a beni ou avèk otorite pou w sèvi nan apèl sa a. Dirijan ak enstriktè nan Legliz la k ap sèvi ou yo te resevwa otorite prètriz la tou atravè kle yo.

Kijan gason ak fi sèvi avèk otorite prètriz la? Mesye ki diy yo resevwa prètriz la epi yo òdone nan ofis prètriz la tankou dyak, enstriktè, prèt ak ansyen. Ni fi ni gason ki mete apa pou sèvi nan yon apèl resevwa otorite prètriz ki delege soti nan Bondye pou akonpli apèl sa a. Se menm bagay la tou pou fi ak gason ki resevwa yon asiyasyon nan men yon lidè Legliz.

Gade Doktrin ak Alyans 35:24–27 (Legliz la dirije atravè kle Senyè a te bay yo); 107:18–20 (kle yo nan Prètriz Melkisedèk ak Prètriz Aaronik la); 110:11–16 (Moyiz, Elyas ak Eli te retabli kle yo).

Kesyon Rekòmandasyon Tanp yo

  • Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle yo nan prètriz la?

  • Èske w soutni manm Premyè Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè?

  • Èske w soutni lòt Otorite Jeneral yo ak dirijan lokal yo nan Legliz la?