“22-28 Desnam: ‘Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Detay dapre Nativite an Kuiv ak Bwa, pa J.Kirk Richards
22-28 Desanm: Kado San Parèy Pitit Gason Diven Bondye a
Nwèl
Pwofèt Joseph Smith te deklare: “Prensip fondamantal yo nan relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ke Li te mouri, Li te antere, epi Li te leve ankò nan twazyèm jou a, epi Li te monte nan syèl; epi tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou an se sèlman ekspansyon li” (Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith [2011], 49). Plis pase 160 ane apre, deklarasyon sa a te enspire Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo pou yo pibliye “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” pou onore 2000 lyèm anivèsè nesans Sovè a (gade Russell M. Nelson, “Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou,” Lyawona, Me 2017, 40).
Antanke Sen Dènye Jou, nou rejwi nan benediksyon revelasyon ka p kontinye atravè pwofèt ak apot modèn. Nou rekonesan pou pawòl konsèy, avètisman ak ankourajman enspire yo. Men, pi enpòtan, nou beni pa temwayaj puisan yo sou Jezikri—nan sezon Nwèl ak pandan tout ane a. Bagay sa yo plis pase pawòl emouvan ekriven oubyen oratè piblik abil oubyen ide moun ki se ekspè nan ekriti yo. Yo se pawòl “temwen espesyal sou non Kris la nan tout mond lan” ke Bondye chwazi, aple, ak otorize (Doktrin ak Alyans 107:23).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
“Pa gen okenn lòt moun ki gen yon enfliyans pwofon konsa.”
Kisa w t ap di pou sipòte deklarasyon ke “pa gen okenn lòt moun ki gen yon enfliyans osi pwofon [tankou Jezikri] sou tout moun ki te viv epi ki ap gen pou yo viv sou tè a”? Chèche verite ki nan “Kris Vivan an” ki temwaye sou efliyans pwofon Sovè a. Kijan Li te enfliyanse w?
Ann sipoze yon moun ki pa abitye ak lavi Kretyen an ta mande w poukisa ou fete Nwèl? Kisa w t ap reponn? Repase “Kris Vivan an” avèk kesyon sa a nan lespri w, epi konsidere ekri nenpòt panse oubyen enpresyon ki vini nan lide ou.
Gade tou “Poukisa Nou Bezwen yon Sovè” (videyo), Libreri Levanjil.
Why We Need a Savior
“Li te leve soti nan tonb lan.”
Nan “Kris Vivan an,” Apot yo temwaye sou rezirèksyon Sovè a, kote yo mansyone twa fwa Senyè resisite a te fè aparisyon (gade paragraf 5). Konsidere li konsènan vizit sa yo nan Jan 20; 3 Nefi 11; ak Istwa—Joseph Smith 1:14–20. Kisa w aprann konsènan Sovè a nan atravè pawòl ak aksyon Li pandan aparisyon sa yo?
Konsantre sou Sovè a. “Li ‘Kris Vivan an’ an nan yon espri lapriyè se tankou w ap li temwayaj Matye, Mak, Lik, Jan, ak pwofèt nan Liv Mòmon yo. Sa ap ogmante lafwa w nan Sovè a epi ede w rete konsantre sou Li” (M. Russell Ballard, “Retounen epi Resevwa,” Lyawona, Me 2017, 65).
“Prètriz Li a ak Legliz Li a retabli.”
Pandan etid ou nan Doktrin ak Alyans yo ane sa a, ou te gen opòtinite pou w te aprann plis konsènan fason “prètriz Sovè a ak Legliz Li a te retabli.” Ki verite oubyen prensip retabli ki espesyalman gen plis enpòtans pou ou? Anvizaje pou w repase kèk nan ekriti ki pi ba la yo ki anseye sou Retablisman an: Doktrin ak Alyans 1:17–23; 13; 20:1–12; 65; 110; 112:30–32; 124:39–42; 128:19–21. Medite sou fason verite yo nan levanjil retabli a ede w konnen ak adore Jezikri.
“L ap retounen sou tè a yon jou.”
Nwèl se yon moman pou nou alafwa gade dèyè sou jou Jezikri te fèt la epi gade devan pou tann jou L ap retounen an. Kisa w aprann konsènan retou Kris la daprè avan-dènye paragraf nan “Kris Vivan an”? Ou gendwa konsidere li, oubyen chante oubyen koute kantik Nwèl ki anseye sou Dezyèm Vini an tou, tankou “Oh, quel bonheur! Jésus viendra!” oubyen “Minuit, c’est l’heure ou retentit” (Cantiques, nos. 123, 130).
“Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan.”
Nan dènye paragraf nan “Kris Vivan an,” remake kalite ak tit yo bay pou Sovè a. Anvizaje pran tan pou w aprann plis de yo. Pa egzanp:
Light: Kouman Jezikri se tankou yon limyè pou ou? Ou gendwa konsidere desine yon imaj oubyen pran yon foto ki reprezante, pou ou, limyè Li ba ou. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w pataje limyè Li? (Gade Jan 8:12; 3 Nefi 18:24; Doktrin ak Alyans 50:24tou.)
Lavi: Poukisa ou panse lavi se yon bon mo pou dekri Jezikri? Nan ki sans Li ba w lavi? Ki jan lavi w t ap diferan san Limenm ak levanjil Li a? (Gade Jan 10:10; 1 Korent 15:19-23; Doktrin ak Alyans 66:2.tou)
Espwa: Kisa espwa ou genyen poutèt Jezikri ak levanjil Li a? Eske w konnen yon moun ki santi l san espwa pou lavni a? Reflechi sou fason ou te ka pataje avèk moun sa a espwa ou santi nan Jezikri. (Gade Women 8:24-25; Etè 12:4; Mowoni 7:41tou.)
Gade Sujets et questions tou, “Jésus-Christ,” Libreri Levanjil.
“Nou remèsye Bondye pou kado san parèy [Li] a.”
Nan “Kris Vivan an,” Apot yo fè referans ak Sovè a kòm “kado” Pè Selès la ba nou. Dapre sa ou jwenn nan “Kris Vivan an,” kijan ou ta konplete fraz sa a: “Atravè Jezikri, Bondye ba mwen kado …” Medite sou kisa ou kapab fè pou w ka pi byen resevwa kado sa yo.
Kijan etidye “Kris Vivan an” afekte lafwa w sou Sovè a ak lanmou w pou Li?
Gade Russell M. Nelson tou, “Kat kado Jezikri Ofri Nou” (Devosyon Nwèl Premye Prezidans lan, 2 Des 2018), Libreri Levanjil la; “Excerpts from ‘The Living Christ: The Testimony of the Apostles’” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.
Excerpts from "The Living Christ: The Testimony of the Apostles"
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak revi Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
M ka “ofri temwayaj [mwen]” pou fete nesans Jezi.
-
Konsidere kijan nou ta kapab entwodui timoun yo a “Kris Vivan an.” Petèt ou ta kapab montre yo non Kris la ki nan tit la ak montre yo siyati Premye Prezidans la ak Douz yo. Ou ta kapab eksplike yo ke sa se temwayaj yo sou Jezikri ke yo te vle pataje avèk mond lan.
-
Ou ta kapab bay chak timoun yon fraz ki soti nan “Kris Vivan an” epi mande yo pou yo jwenn oubyen desine yon imaj ki an rapò ak fraz sa a. Apresa ou ta kapab ede yo jwenn fraz sa a nan “Kris Vivan an.” Apresa ou ka menm konpile foto sa yo ak fraz sa yo pou vin fòme yon liv.
-
Pataje ansanm kijan ou te jwenn temwayaj ou sou Jezikri. Petèt ou ta kapab pase yon foto Sovè a youn pa youn epi pataje yon bagay nou chak konnen de Li (sa gen ladann verite ki anseye nan “Kris Vivan an”).
“Li te mache toupatou ap fè byen.”
-
Pandan oumenm ak pitit ou ap li dezyèm paragraf “Kris Vivan an,” pale avèk yo de kèk nan bagay Jezi te fè yo. Ou kapab gade foto sou evenman nan lavi Li tou (gade paj aktivite semèn sa a ak Liv Ilistrasyon Levanjil la). Envite timoun yo pou yo pale de sa Jezi ap fè nan foto yo. Nan ki fason nou ka rann moun sèvis jan l te fè l la? Videyo “Éclairer le monde” yo ki nan Libreri Levanjil la ka ba w ide.
“Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan.”
-
Ede timoun ou jwenn kantik Nwèl ki pale de limyè, lavi, ak lespwa nesans Sovè a pote pou mond lan, tankou “Petite ville, Bethléhem” (Cantiques, no. 136). Chante kantik yo ansanm, epi kite timoun yo pataje kijan Jezi pote limyè, lavi, ak lespwa nan lavi yo.
“Bay Bondye remèsiman pou kado enkonparab Pitit Gason diven L lan.”
-
Ki kado nou resevwa gras a Jezikri? Petèt oumenm ak pitit ou ta kapab chèche kado sa yo nan “Kris Vivan an” oubyen nan yon chante tankou “Il envoya son Fils” (Chants pour les enfants, 20-21). Apre sa, yo ta kapab anbale yon bagay pou reprezante kado sa yo. Ou kapab fè sijesyon pou timoun yo ovri kado yo jou Nwèl la pou ede yo sonje Sovè a ak kado Li anvè nou.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.