Doctrine and Covenants 2025
3–9 Novanm: “Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”: Doktrin ak Alyans 125–128


“3–9 Novanm: ‘Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo: Doktrin ak Alyans 125–128,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 125–128,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

tablo fanmi avèk zansèt nan mond dèzespri a

Nou avèk Yo, epi Yo avèk Nou, pa Caitlin Connolly

3–9 Novanm: “Yon vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”

Doktrin ak Alyans 125–128

An out 1840, Jane Neyman enkonsolab t ap koute Pwofèt Joseph Smith ki t ap pale nan antèman zanmi li, Seymour Brunson. Pitit gason adolesan Jane nan, Cyrus pa t gen lontan l te mouri. Pou ajoute a tristès li, Cyrus pa t janm batize, epi Jane te enkyete sou kisa sa te vledi pou nanm etènèl li. Joseph t ap poze tèt li menm kesyon an pou frè byenneme li, Alvin, ki te mouri anvan l te batize tou. Konsa, Pwofèt la te deside pataje avèk Jane, ak tout lòt moun nan antèman an, kisa Senyè a te revele l konsènan moun ki te mouri yo san yo pa t resevwa òdonans levanjil yo—ak sa nou ka fè pou ede yo.

Doktrin batèm pou mò yo te fè Sen yo eksite ak lajwa: panse yo te vire imedyatman sou manm fanmi yo ki te desede yo. Kounyea, te gen espwa pou yo! Joseph te pataje lajwa yo, epi nan yon lèt ki anseye doktrin sa a, li te itilize bèl langaj plen antouzyas pou eksprime sa Senyè a te anseye li konsènan sali mò yo: “Se pou mòn yo rele avèk jwa, epi pou tout vale yo rele fò; epi tout lanmè ak tè sèch yo rakonte mèvèy Wa Etènèl nou an! (Doktrin ak Alyans 128:23).

Gade Les Saints,, 1:415–27; “Lettre sur le Baptême pour les Morts,” nan Révélations dans leur contexte, 272–76.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 126

Senyè a vle m pran swen fanmi m.

Apre l retounen soti nan yon misyon nan Angletè—youn nan anpil misyon li te sèvi—Brigham Young te resevwa yon lòt apèl enpòtan de Senyè a. Li te mande l pou “bay fanmi [li] swen espesyal” (vèsè 3), yo t ap soufri nan absans li. Pandan w ap etidye seksyon sa a, konsidere poukisa pafwa Senyè a mande sakrifis nan sèvis nou. Kisa ou ka fè pou pran swen fanmi ou?

Gade tou “Prends bien soin de ta famille,” nan Révélations dans leur contexte,, 242–49.

Doktrin ak Alyans 127: 2–4

Mwen kapab konte sou Senyè a diran moman difikilte yo.

Fo akizasyon ak menas arestasyon te fòse Joseph Smith al kache yon fwa ankò an Out 1842. Epi malgre sa pawòl li te ekri Sen yo pandan moman sa a (kounyea Doktrin ak Alyans 127) chaje optimis ak lajwa. Kisa vèsè 2–4 anseye nou konsènan Bondye? konsènan fè fas ak mokri oswa opozisyon? Ki fraz nan vèsè sa yo ki t ap ede ou lè ou santi w pèsekite? Konsidere pou w anrejistre kijan Senyè a soutni w nan “dlo pwofon” lavi ou.

Doktrin ak Alyans 127:5–8; 128:1–8

“Nenpòt bagay ou anrejistre sou tè a pral anrejistre nan syèl la.”

Lè w ap li Doktrin ak Alyans 127:5–8; 128:1–8, chèche jwenn rezon Senyè a te bay Joseph Smith enstriksyon spesifik sa yo konsènan anrejistreman batèm pou mò yo. Kisa bagay sa a anseye nou konsènan Senyè a ak travay Li a? Kijan ou santi enstriksyon sa a aplike pou pwòp rejis fanmi ou yo, tankou jounal pèsonèl yo?

jènfi k ap fè istwa familyal

Fè sèvis tanp pou zansèt nou yo lye kè nou avèk yo.

Doktrin ak Alyans 128: 5–25

senbòl seminè
Sali zansèt mwen yo esansyèl pou sali pa m.

Li klè apati sa Bondye te revele atravè Joseph Smith poukisa zansèt nou yo ki pa t batize nan lavi sa a bezwen nou: nou batize nan plas yo yon fason pou yo ka aksepte oswa rejte òdonans sa a. Men Pwofèt te anseye tou ke sali zansèt nou yo “ak essansyèl pou sali nou.” Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 128:15–18, reflechi konsènan rezon sa konsa.

Vèsè 5 anseye ke òdonans batèm pou mò yo te “prepare anvan fondasyon mond lan.” Kisa verite sa a anseye nou konsènan Bondye ak plan Li a? Kisa mesaj Eldè Dale G. Renlund “Istwa Familyal ak Travay Tanp: Sèlman ak Gerizon” ajoute sou konpreyansyon ou? Lyawona, Me 2018, 46–49).

Joseph Smith te itilize fraz tankou “pouvwa ki lye,” “lyen ki soude,” ak “inyon ki pafè” lè l ap anseye sou òdonans prètriz yo ak batèm pou mò yo. Chèche fraz sa yo ak lòt ki sanble avèk yo pandan w ap li Doktrin ak Alyans 128:5–25. Eske ou ka panse ak objè ou ta ka itilzie pou ilistre fraz sa yo, tankou yon chèn oswa yon kòd? Poukisa sa yo se bèl fraz pou dekri doktrin sa a?

Konsidere kesyon sa yo gendwa ede etid ou nan vèsè sa yo:

  • Selon opinyon w, poukisa batèm pou mò yo ka konsidere kòm “pi gloriye nan tout aspè ki gen pou wè ak levanjil etènèl la”? (verse 17). Ki eksperyans ki te ede w santi w fason sa a?

  • Nan ki sans tè a gendwa modi si pa t gen “okenn … lyen ki koneksyon ant paran yo ak pitit yo”? (vèsè 18).

  • Kisa k enpresyone w nan pawòl Joseph Smith yo ki nan vèsè 19–25? Kijan vèsè sa yo afekte fason ou santi w konsènan Jezikri? konsènan sèvis tanp lpou zansèt nou yo? (gade tou “Come, Rejoice,” Cantiques, no. 9).

Apre w fin etidye vèsè sa yo, ou ka santi w enspire pou w fè yon bagay pou zansèt ou yo. Ide yo nan FamilySearch.org ta ka ede.

Videyo “pou Enspirasyon yo” nan koleksyon “Tanp ak Istwa Familyal yo” nan Bibliyotèk Levanjil la ka ba ou èd pratik, istwa ki enspiran, ak mesaj ki soti de dirijan yo konsènan istwa familyal.

Itilize resous ki gen pou wè ak Legliz la. Lyen yo nan plan Vini, Suiv Mwen yo ofri aksè fasil nan resous itil ki ka ede ou konprann ak aplike verite levanjil yo oswa aji sou enpresyon ou resevwa yo. Pa egzanp, lyen FamilySearch la ki pi wo a mennen nan aktivite tankou konstwi pwòp ab jeneyalojik ou, jwenn zansèt ki bezwen òdonans tanp yo, gade ki kote zansòt ou yo soti, oswa telechaje yon istwa familyal.

Gade tou Kevin R. Duncan, “Yon Vwa Kontantman!,” Lyawona, Me 2023, 95–97.

“Yon Pwovizyon Gloriye ak Mèveye.”

Prezidan Gordon B. Hinckley te di:

“Ekspyasyon Jezi nan plas tout moun nan reprezante yon gwo sakrifis pa pwokirasyon. Li tabli modèl ki fè Li vin tounen yon mandatè pou tout limanite. Modèl sa a ki fè yon moun kapab aji nan non yon lòt la transmèt nan òdonans yo nan kay Senyè a. Ladan nou sèvi nan non moun ki te mouri san yo pat konnen levanjil la. Se yo ki gen responsablite pou asepte oswa rejte òdonans ki fèt la. Yo plase sou yon pyedegalite avèk moun ki ap mache sou tè a. Mò yo resevwa menm opòtinite ak vivan yo. Yon fwa ankò, ala yon bagay gloriye ak mèveye se pwovizyon Toupuisan an te fè atravè revelasyon L pou Pwofèt Li a” (“Les Grandes Choses que Dieu a Révélées,” Lyawona, Me 2005, 82–83).

senbòl 02 seksyon pou timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 126:3

Mwen ka ede pran swen fanmi m.

  • Pou ede timoun ou yo aprann sèvi manm fanmi yo, konsidere pataje enfòmasyon konsènan Brigham Young lan nan “Chapit 50: Les Saints en Nauvoo” (nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 184, oswa videyo korespondan an nan Bibliyotèk Levanjil la) oswa fè rezime Doktrin ak Alyans 126 nan pwòp mo pa w. Ou gendwa mete aksan sou fraz “bay fanmi ou swen spesyal” (vèsè 3) epi pale avèk timoun ou yo konsènan sa li vledi pou bay fanmi nou yo swen spesyal.

    1:33

    Chapter 50: The Saints in Nauvoo: January–July 1841

  • Li gendwa amizan poiu ou ak timoun ou yo pou nou gade foto fanmi yo (oswa desine foto) pandan n ap pale ansanm konsènan fason nou ka ede “pran swen” manm fanmi yo. Nou ta ka chante tou yon chan tankou “Notre Foyer ici-bas” (Cantiques, no. 188).

Doktrin ak Alyans 128:5, 12

Tout pitit Bondye yo bezwen chans pou yo batize.

  • Envite timoun ou yo pou yo reyalize apati Doktrin ak Alyans 128:1 ki sijè ki te okipe lespri Joseph Smith. Yo ta ka chèche tou nan vèsè17 pou jwenn ki sijè li te konsidere ki te “pi gloriye a.” Kite yo pataje sa yo jwenn epi pale konsènan rezon ki fè sijè sa a enteresan konsa.

  • Anplis ede timoun ou yo prepare pou )epi viv) pwòp alyans batèm pa yo, ou ka ede yo konnen kijan pou ede moun yo ki pa te fè alyans sa yo pandan lavi pa yo. Konsidere pale timoun ou yo konsènan yon moun poiu konnen ki te mouri san l pa t batize. Apresa nou ta ka li ansanm Doktrin ak Alyans 128:5 epi gade yon foto fon batismo yon tanp (tankou sila ki nan fen plan sa a). Di timoun ou yo kisa ou santi konsènan resevwa batèm nan tanp yo nan pals moun ki mouri konsa tout moun gen yon chans pou fè alyans avèk Pè Selès la.

Doktrin ak Alyans 128:18

Pè Selès la vle mwen aprann konsènan istwa fanmi mwen.

  • Li gendwa amizan pou ou ak timoun ou yo fè yon chèn an papye avèk non paran yo, granparan yo, ak grangran paran yo, ak rès yo (gade paj aktivitesemèn sa a). Apresa nou ta ka patyaje youn ak lòt sa nou konnen konsènan zansèt sa yo. Li ansanm Doktrin ak Alyans 128:18 pou dekouvri ki “lyen koneksyon” ki rann istwa familyal nou “total ak konplè.” Nou ta ka gade tou videyo “Kouraj: M panse M pran sa nan Li” (Bibliyotèk Levanjil la).

    1:38

    Courage: I Think I Get It From Him

  • Ou ka jwenn aktivite adisyonèl pou ede timoun ou yo patisipe nan istwa familyal nan “Le Temple et le Plan de Bonheur” nan apendis B oswa nan FamilySearch.org.

manman ak pitit fi k ap yon chèn an papye

Òdonans tanp yo ede nou inifye fanmi yo tankou lyen yo nan yon chèn.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Fon batismo nan yon tanp

fon batèm nan Tanp Ogden Utah a

paj aktivite pou timoun