Doctrine and Covenants 2025
9–15 Jen: “M avèk Fidèl yo Tout Tan”: Doktrin ak Alyans 60–63


“9–15 Jen: ‘M avèk Fidèl yo Tout Tan’: Doktrin ak Alyans 60–63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 60– 63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

kan dife bò Rivyè Missouri a

Detay Kan Dife sou Missouri a, tablo Bryan Mark Taylor

Jen 9– 15: “M avèk fidèl yo tout tan”

Doktrin ak Alyans 60—63

Nan kòmansman Out 1831, Joseph Smith ak lòt ansyen nan Legliz la t ap prepare pou yo te retounen nan Kirkland apre yon ti vizit nan “tè Siyon an” (Doktrin ak Alyans 59:3). Senyè a te vle pou yo te preche levanjil la pandan vwayaj yo a (gade Doktrin ak Alyans 52:10), epi kèk nan yo te fè sa avèk anpil dilijans. Men kèk nan yo te ezite. “Yo kache talan m ba yo a,” Senyè a di, “poutèt yo pè moun” (Doktrin ak Alyans 60:2). Anpil nan nou konnen kijan ansyen èldè sa yo te santi yo. Menmsi nou renmen levanjil la, laperèz ak dout gendwa anpeche nou pataje li. Men Senyè a gen mizerikòd. Li “konnen feblès lòm epi li konnen kijan pou pote [nou] sekou]” (Doktrin ak Alyans 62:1). Atravè tout revelasyon sa yo Li te bay premye misyonè yo, nou jwenn asirans ki kapab ede nou simonte krent nou ak defo nou yo: “M kapab fè nou sen.” “Tout kò fizik nan men mwen.” “M avèk fidèl yo tout tan.” Epi “moun ki fidèl epi ki pèsevere, l ap gen viktwa sou mond lan.” (Doktrin ak Alyans 60:7; 61:6; 62:9; 63:47.)

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 60; 62

M kapab pataje lanmou mwen ak temwayaj mwen sou Jezikri.

Kijan temwayaj ou de levanjil la se tankou yon “talan” oswa yon trezò Bondye ba ou? Nan ki fason nou pafwa “kache talan [nou]”? (Doktrin ak Alyans 60:2; gade tou Matye 25:14–30).

Ki mesaj ankourajan nan menm Senyè a ou ka jwenn nan seksyon 60 ak 62yo? Kijan mesaj sa yo bati konfyans ou nan pataje levanjil la? Pandan w ap reflechi sou kesyon sa yo, konsidere chante oubyen li mo nan chante “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants,90) an. Kisa ou ka aprann nan kantik sa a osijè pataje levanjil la?

Gade koleksyon “Pataje Levanjil la” nan Biliyotèk Levanjil la tou.

pataje levanjil la nan yon estasyon tren

M kapab pataje lafwa mwen nan Kris la ouvètman.

Doktrin ak Alyans 60:2–4; 61:1–2, 20, 36–38; 62:1, 6

Ekriti yo anseye konsènan Jezikri.

Jan Li te enstwi misyonè Li yo, Senyè a te revele verite enpòtan konsènan Limenm. Chèche verite sa yo nan Doktrin ak Alyans 60:2–4; 61:1–2, 20, 36–38; 62:1, 6. Ki istwa nan ekriti yo ilistre wòl ak kalite ou te jwenn Sovè a genyen? (gade, pa egzanp, Jan 8:1–11; Etè 2:14–15).

Doktrin ak Alyans 62

Desizyon mwen yo dwe balanse “jijman ak direksyon Lespri a.”

Senyè a bay direksyon sou verite etènèl yo ak prensip yo, men Li souvan kite nou detèmine poukont nou detay espesifik yo sou kijan pou n aji sou prensip sa yo. Kijan w wè prensip sa a ilistre nan Doktrin ak Alyans 62a? (gade Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22) tou. Kijan ou wè prensip sa a aplike nan lavi ou? Poukisa li bon pou nou pran kèk desizyon san nou pa atann pou Bondye ba nou direksyon egzat sou sa pou nou fè?

Gade tou Etè 2:18–25; Doktrin ak Alyans 58:27–28

Doktrin ak Alyans 63:7–12

Siy yo vini pa lafwa ak atravè volonte Bondye.

Nan fen plan leson sa a, genyen yon imaj ki reprezante yon mirak ki te pwofondeman enpresyone Ezra Booth: Bra Elsa Johnson te geri pa mirak. Apre yo te fin wè sa, Ezra te batize byen vit. E poutan, nan lespas kèlke mwa, Ezra te pèdi lafwa li epi l te vin ap kritike Pwofèt la. Kijan sa te fè fèt, lè n konsidere mirak li te temwen an?

Medite sou sa pandan w ap li Doktrin ak Alyans 63:7–12la. Ki verite ou te aprann konsènan siy yo ak lafwa?

Gade tou: Matye 16:1–4; Jan 12:37; Mòmon 9:10–21; Etè 12:12, 18.

Doktrin ak Alyans 63:16

senbòl seminè
Mwen kapab gen chastete nan panse m ak aksyon mwen.

Nan Doktrin ak Alyans 63:16, Sovè a te reyafime sa Li te anseye nan Nouvo Testaman an—ke lwa chastetea dwe gouvène non sèlman aksyon nou yo men panse nou tou (gade Matye 5:27-28). Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 63:16la, ekri avètisman Senyè a ba nou konsènan panse chanèl yo. Ou ta ka reflechi tou sou opoze chak advètisman yo. Pa egzanp, ki kalite mo oubyen fraz ki se opoze laperèz? Ki lòt benediksyon nou resevwa lè nou gen chastete nan panse nou ak aksyon nou?

Anpil moun panse ke prensip Senyè a bay pou chastete nan panse ak nan aksyon nou yo se prensip ki pa alamòd ankò oubyen ki menm opresif. Ki diferans sa t ap fè si tout pitit Bondye yo t ap eseye viv lwa sa a? Ou gendwa chache repons kesyon sa a nan mesaj Èldè David A. Bednar la “Nou Kwè nou Dwe Chas” (Lyawona, Me 2013, 41–44) la oubyen nan “Kò w se Bagay ki Sakre” (Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Bon Chwa, 23–26). Ki mesaj lespwa ou jwenn?

Menm lè nou konnen benediksyon nou resevwa lè nou gen chastete nan panse ak aksyon nou yo, sa pa vle di li fasil. Ou gendwa pran yon ti tan pou w reflechi sou poukisa li difisil pou w kenbe prensip chastete Senyè a—e kisa ki rann ni pi fasil. Ki konsèy ou ta ka pataje avèk lòt moun konsènan kisa pou yon moun fè lè l gen panse ki pa diy?

Bay youn lòt sipò. Youn nan pi gwo benediksyon ki genyen nan rasanble ansanm nan reyinyon ak klas yo nan Legliz la se opòtinite pou nou jwenn sipò ak Sen parèy nou yo nan efò nou pou n suiv Sovè a. Anpil nan nou fè fas a menm kalite pwoblèm yo, epi eksperyans komen nou yo kapab ba nou fòs. Ou pa bezwen pè admèt ke ou gen pwoblèm. Pataje youn ak lòt kisa ki ede nou viv lwa Bondye yo ak simonte tantasyon.

Gade Doktrin ak Alyans 121:45; Sijè ak Kesyon, “Vèti,” Bibliyotèk Levanjil la; “Standards: Sexual Purity and Modesty—True Confidence [Estanda: Sentete Seksyèl ak Modesti—Vre Konfyans” (videyo), Bibliotèk Levanjil la; AddressingPornography.ChurchofJesusChrist.org.

3:58

Standards: Sexual Purity and Modesty - True Confidence

Doktrin ak Alyans 63:58–64

Nou ta dwe trete bagay sakre yo avèk reverans.

Prensip ki nan Doktrin ak Alyans 63:58–64 ale pi lwen pase sèvi mal ak non Senyè a. Ki lòt bagay sakre ki “soti anwo,” oswa ki soti nan Bondye? Kisa sa vledi pou w pale sou bagay sa a yo “avèk prekosyon”?

Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona an ak revi Pou fòs jèn yo .

senbòl 03 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Aklyans 60:4; 61:1–2, 36; 62:1

Ekriti yo anseye de Jezikri

  • Petèt ou te kapab ekri kèk nan deklarasyon yo konsènan Sovè a ke nou ka jwenn nan Doktrin ak Alyans 60–62 sou plizyè moso papye. Apresa timoun ou yo ap kapab matche deklarasyon sa yo avèk foto Jezi nan ministè terès Li a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 34–61) ki demontre atribi sa yo. Kijan Li fè moun konnen Li jodia?

    Jesus Christ at age twelve in the temple at Jerusalem during the Feast of the Passover. A group of learned Jewish doctors are gathered around Christ. The doctors are expressing astonishment at the wisdom and understanding of the young Christ. (Luke 2:41-50)
Jezikri resisite

Detay ki soti nan Pou Objektif Sa a, pa Yongsung Kim

Doktrin ak Alyans 60:7; 61:1–2; 62:1

Senyè a ap padone mwen lè mwen repanti.

  • Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 60:7; 61:2 avèk timoun ou yo, ede yo jwenn mo ke vèsè sa yo genyen an komen. Raple yo ke Joseph Smith te resevwa revelasyon sa yo ansanm ak lòt dirijan Legliz yo. Kisa Senyè a te vle pou yo konnen? Ou te gendwa pale tou sou kisa Senyè a santi konsènan nou lè nou fè erè ak kisa sa vle di pou nou repanti. Dapre Doktrin ak Alyans 62:1an, kijan Jezi kapad ede nou lè nou anba tantasyon?

Doktrin ak Alyans 62:3, 9

Jezikri vle pou m pataje levanjil Li a.

  • Ou te ka mande timoun ou yo kisa yo ta kapab di si yon moun ta mande yo kisa yo renmen osijè Jezikri ak Legliz Li a. Chante yon kantik sou pataje levanjil la ansanm, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90), ta kapab ofri timoun yo ide. Ou ta kapab li Doktrin ak Alyans 62:3 epi mande timoun ou yo pou yo tande kisa ki pase lè nou pataje temwayaj nou. Kijan promès ki dekri nan vèsè 9 la ka ede nou si nou santi nou strese?

Doktrin ak Alyans 63:64

Mwen kapab reveran.

  • Pou prezante Doktrin ak Alyans 63:64la, ou te kapab chante yon chante sou reverence avèk timoun ou yo, tankou “Le recueillement, c’est l’amour” (Chants pour les enfants, no. 12). Apre sa ou ta kapab pale sou diferan fason nou kapab gen reverans pou Pè Selès la ak Jezikri.

  • Ou kapab ede timoun ou yo konprann kisa reverans ye nan pale avèk yo de yon bagay yo genyen ki espesyal pou yo, tankou yon jwèt, yon liv, oubyen yon nounous yo pi renmen. Mande yo kijan yo pran swen oubyen pwoteje bagay ki espeyal pou yo. Apre sa, ou kapab li ansanm Doktrin ak Alyans 63:64. Ki kalite bagay ki espesyal—oubyen sakre—pou Pè Selès la? (gade, pa egzanp, vèsè 61 sou paj aktivite semèn sa a paj aktivite). Kijan nou ta dwe trete bagay sa yo—avèk panse nou ak aksyon nou?

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

gerizon Elsa Johnson

Gerizon Zepòl Elsa Johnson,, pa Sam Lawlor

paj aktivite pou timoun