“2–8 Jen: ‘Gen Bon dezi pou angaje nan bon kòz’: Doktrin ak Alyans 58–59,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 58– 59,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
Independence, Missouri, 1831, pa Al Rounds
Jen 2– 8:“Gen bon dezi pou angaje nan bon kòz”
Doktrin ak Alyans 58–59
Premye fwa ansyen yo nan Legliz la te wè sit Siyon an nan—Independence, Missouri—li pa t sa yo t ap atann nan. Gen kèk ladan yo ki te panse yo ta pral jwenn yon kominote travayan ki t ap pwospere, avèk yon gwoup Sen solid. Men olyesa, yo te jwenn yon teritwa ki pa t gen anpil moun, ki te manke sivilizasyon yo te abitye a epi ki te abite pa yon pakèt kolon brital olye de Sen. Sanble ke Senyè a pa t mande yo pou yo te jis vini nan Siyon—Li te vle pou yo te bati Siyon.
Lè atant nou pa koresponn ak reyalite nou, nou ka sonje sa Senyè a te di Sen yo an 1831 an: “Pou kounyea, nou pa kapab wè avèk je natirèl nou yo, objektif Bondye nou an … ak laglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon.” (Doktrin ak Alyanss 58:3). Wi, lavi a ranpli ak tribilasyon, li menm gen mechanste, men nou toujou ka “reyalize anpil jistis; paske pouvwa a nan [nou]” (vèsè 27–28).
Gade tou Les saints, 1:135-142.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Doktrin ak Alyans 58:1-5; 59:23
“Apre anpil tribilasyon benediksyon vini.”
Sen yo te siman espere ke pandan lavi yo, Konte Jacksyon nan ta pral fleri pou l te vin tounen Siyon, yon zòn kote tout Sen yo te ka rasanble. Sepandan, tan yo te pase nan Konte Jackson nan te ranpli ak tribilasyon. Nan lespas kèk ane, yo te fose yo ale epi yo te oblije “rete tann yon ti tan pou redanmsyon Siyon” (Doktrin ak Alyanss 105:9).
Kisa w aprann osijè tribilasyon ak pwoblèm nan pawòl Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 58:1–5 yo? Poukisa w panse ke kèk benediksyon vini apre tribilasyon? Ki benediksyon ou te resevwa apre tribilasyon?
Kisa ou aprann nan Doktrin ak Alyans 59:23 an ki ba w espwa?
Ou ka “reyalize anpil lajistis;” avèk “pwòp volonte pa [m].”
Kòm yon pati nan vèsè sa yo, ou gendwa fè yon lis de kèk bagay ou “gen bon dezi pou angaje” ladan yo. Èske yo tout se pou “bon kòz”? Medite sou sa ou ka fè pou w “reyalize anpil lajistis”—epi konsidere fikse bi pou w ka akonpli yo.
Pouki rezon Senyè a vle ou fè “anpil bagay pa pwòp volonte [ou]”? Kisa ki te ka pi bon rezilta si Bondye te “kòmande nan tout bagay? Kisa 2 Nefi 2:27 ajoute sou konpreyansyon ou konsènan prensip sa a?
Gade Dale G. Renlund tou, “Chwazi jodi a menm,” LyawonaOkt. 2018.
Senyè a ap padone m lè mwen repanti.
Pwomès Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 58:42 a pou nou konplètman padone moun ki repanti yo enspiran anpil, menmsi li soulve kèk kesyon: Kisa sa vle di pou nou repanti? Kijan m ka konnen si m repanti? Erezman, Senyè a kontinye, “Men jan n ap konnen …” (vèsè 43)).
Men kèk kesyon adisyonèl moun konn genyen konsènan repantans. Kisa Lespri a anseye w lè w ap etidye sijesyon ki nan resous yo bay anba la a yo?
Kijan konfese peche m ede m repanti? Gade Sòm 32:1–5; Pwovèb 28:13; Mozya 27:34–37; Alma 39:12–13.
M ap eseye abandone peche mwen, men m kontinye ap fè erè. Èske repantans mwen an toujou valid? Gade Bradley R. Wilcox, “Diyite Pa Vle di San Defo,” Lyawona, Nov. 2021, 61–67; “Daily Restoration [Retablisman Kotidyen]” (videyo) Bibliyotèk Levanjil la.
Daily Restoration
Kijan m ka sèten ke Sovè a padone mwen? Gade Tad R. Callister, “Ekspyasyon Jezikri a,” Lyawona, Me 2019, 85–87, espesyalman seksyon ki rele “2. Peche a.”
Ou ka jwenn plis ide nan “Kesyon ak Repons” sou repantans nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa ( paj 6–9).
Gade Sijè ak Kesyon, “Repantans,” Bibliyotèk Levanjil la.
Kiyès Polly Knight te ye?
Polly Knight ak mari li, Joseph Knight Sr. te pami premye moun ki te kwè nan apèl Joseph Smith kòm pwofèt la. Polly ak Joseph te bay Pwofèt la yon sipò vital nan travay tradiksyon Liv Mòmon an. Knight yo te kite Colesville, nan Nouyòk, pou yo t al rasanble avèk Sen yo nan Ohio epi nan apre yo te kòmande yo pou yo te demenaje ale Konte Jackson, nan Missouri. Pandan yo t ap vwayaje a, sante Polly te kòmanse bese, men li te detèmine pou l te wè Siyon anvan l te mouri. Li te mouri kèk jou sèlman apre l te fin rive nan Missouri (gade Les Saints, 1:127–28, 132–33). RevelasyonDoktrin ak Alyans 59 la ki te resevwa nan jou lanmò l la, ak vèsè 1 ak 2 yo gendwa fè referans espeskfikman a limenm.
Kòmandman yo se benediksyon.
Kisa sa vledi pou nou “kouwone … avèk kòmandman”? (vèsè 4). Panse sou kijan Senyè a beni ou lè ou fè efò pou w obeyi chak kòmandman ki nan vèsè 5–19.
Pataje sa w ap aprann yo. Nan anpil ka, pèspektif espirityèl ou resevwa yo pandan w a p etidye ekriti yo kapab fòtifye lafwa fanmi ou, zanmi ou, ak manm pawas ou yo. Pataje eksperyans ou, santiman ou, ak temwayaj ou konsènan Jezikri avèk yo.
Saba a se jou pa Senyè a.
Apre l te fin pwomèt pou l te beni Sen nan Siyon yo “avèk kòmandman ki anpil,” Senyè a te mete yon aksan espesyal sou youn nan kòmandman yo an patikilye: kòmandman pou nou onore “jou sakre” L la (Doktrin ak Alyans 59:4, 9). Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 59:9–19 la, medite sou rezon ki fè onore Saba a vreman enpòtan pou Sen sa yo pandan yo t ap chèche bati Siyon an. Poukisa li enpòtan pou ou?
Ou gen dwa medite sou si w ap itilize jou Saba a nan fason Senyè a te prevwa a? Kijan sanktifye jou Saba a ede nou rete “pwoteje kont salte mond lan”? (vèsè 9). Kisa nou ka fè pou nou bay “Bondye Ki Pi Wo a devosyon nou”? (vèsè 10).
Ou gen dwa remake kijan Senyè a itilize mo tankou “rejwisans,” “kontan,” ak “lajwa” pou L anseye konsènan jou Saba a. Kisa ki fè jou Saba a yon jou kè kontan pou ou? Kijan w ta eksplike yon moun poukisa w chwazi pou w sanktifye jou Senyè a?
Kisa ou aprann nan kantik “Elevons nos chants sacrée” (Cantiques, no. 83) a konsènan objetif ak benediksyon jou Saba a?
Gade tou Jenèz 2:2–3; Ezayi 58:13–14; Russell M. Nelson, “Saba a se yon Delis,” Lyawona, Me 2015, 129–32.
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Pè Selès la ban m pouvwa pou m chwazi.
-
Lè ou menm ak timoun ou yo li Doktrin ak Alyans 58:26–28 ansanm, sa kapab ba nou yon òpotinite pou nou pale konsènan pouvwa Pè Selès la ba nou pou nou chwazi pou n fè sa ki byen an. Nou gendwa pale youn ak lòt sou diferan chwa ou konn fè ak kisa ki rivè poutèt chwa sa yo. Timoun ou yo gendwa vle desine yon foto konsènan eksperyans yo.
-
Ou gendwa ekri chwa sou yon bò moso papye a epi ekri konsekans sou lòt bò papye a epi sèvi ak papye sa a pou w montre kijan chak chwa gen yon konsekans ki pa ka separe avèk li. Timoun ou yo gendwa fè yon lis ki gen kèk chwa sou li epi pale de konsekans ki sòti nan yo. Apresa ou kapab li Doktrin ak Alyans 58:27—28 ansanm epi pale de konsekans ki “reyalize anpil lajistis” oubyen bon konsekans. Kijan Pè Selès la “rekonpanse” oubyen beni nou pandan n ap fè efò pou n fè sa ki byen? (vèsè 28).
“Nou dwe remèsye Senyè Bondye nou an nan tout bagay.”
-
Konsidere li kèk vèsè sa yo pandan oumenm ak timoun ou yo ap fè yon pwomnad oubyen ap gade foto lanati, pandan n ap remake bagay ki “fè je moun plezi epi ki … fè kè moun kontan” (vèsè 18). Ou gendwa remake bagay ki parèy avèk yo nan chante yon kantik tankou “Mon Père Céleste m‘aime” (Chants pour les enfants, 16–17) an. Oubyen ou gendwa envite timoun ou yo pou yo fè desen bagay yo rekonesan pou yo epi kite yo pale de fofo yo? Kijan nou gendwa montre rekonesans nou pou tout bagay sa yo?
Senyè a te kreye anpil bèl bagay pou ba nou lajwa.
Saba a se jou Senyè a.
-
Kisa nou kapab fè jou Dimanch pou nou adore Senyè a epi jwenn lajwa? Ede timoun ou yo jwenn ide nan Doktrin ak Alyans 59:9–12 nan paj aktivite semèn sa a. Petèt yo te kapab jwenn foto oubyen objè pou reprezante bagay nou ka fè jou Saba an (tankou foto sentsèn nan ki nan chema sa a). Kijan bagay sa yo fè nou santi nou pi pre Pè Selès la ak Jezikri?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.