“19–25 Me: “Sa Ki Sòti Nan Bondye Se Limyè”: Doktrin ak Alyans 49–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 49–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025
Doktrin ak Alyans 49–50: “Sa ki Sòti nan Bondye Se Limyè”
Doktrin ak Alyans 49–50
Sovè a se “bon bèje” nou (Doktrin ak Alyans 50:44. Li konnen pafwa brebi yo konn pèdi epi dezè a gen anpil danje. Konsa, Li kondi nou avèk amou nan sekirite doktrin Li a. Li kondi nou lwen danje tankou “fo lespri, ki ale sou tè a pou yo twonpe mond lan” (Doktrin ak Alyans 50:2. Suiv li souvan vledi abandone ide ak tradisyon ki pa kòrèk yo. Se sa k te pase pou Leman Copley ak kèk lòt moun nan Ohio. Yo te aksepte levanjil ki te retabli a, men, yo te toujou kenbe kèk kwayans ki pat kòrèk. Nan Doktrin ak Alyans 49, Senyè a te deklare verite ki te korije ansyen kwayans Leman yo sou kèk sijè tankou maryaj ak Dezyèm Vini Sovè a. Epi, lè konvèti nan Ohio yo te “resevwa … lespri [yo] pa t kapab konprann,” Senyè a te anseye yo kijan pou yo te detekte vrè manifestasyon Lespri yo (Doktrin ak Alyans 50:15). Bon Bèje a pasyan avèk nou, “timoun piti L yo” ki “bezwen grandi nan lagras ak nan konesans verite a” (Doktrin ak Alyans 50:40.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Jezikri vle m anbrase laverite levanjil Li a.
Anvan l te vin manm Legliz la, Leman Copley te fè pati yon gwoup relijye yo te rele Sosyete Ini Kwayan nan Dezyèm Aparisyon Kris la, ke yo te rekonèt kòm Shakers yo tou. Apre yon konvèsasyon avèk Leman, Joseph Smith te chèche klarifikasyon nan men Seyè a konsènan kèk nan enstriksyon Shakers yo. Senyè a te reponn avèk revelasyon ki nan seksyon 49 la. Kèk nan kwayans Shakers yo mansyone nan antèt seksyon an.
Kisa Senyè a anseye nan seksyon 49 la pou korije kwayans Shakers yo? Ki evidans ou wè nan revalasyon sa a konsènan amou Li ak sousi pou moun ki pa gen plenitid laverite yo? Kijan w ka lonje lamen ba yo avèk amou ak sousi?
Kisa ki enpresyone ou nan obsèvasyon Senyè a nan Moyiz 1:31–39la? Ou ta ka konpare bagay sa avèk sa k ta p pase si w gade sèlman yon pati nan yon film, si w gade yon sèl pyès Puzzle, oubyen si w koute yon sèl moun nan yon diskisyon. Nan ki fason avètisman Senyè a gen relasyon avèk Doktrin ak Alyans 50:24? Konsidere kisa w ap fè pou w resevwa plis limyè nan men Senyè a.
Gade tou nan “Leman Copley and the Shakers,” nan Revelations in Context, 117–21.
Maryaj ant yon gason ak yon fi esansyèl nan plan Bondye a.
Nan yon efò pou minimize plan Pè Selès la, Satan chèche kreye konfizyon osijè maryaj. Senyè, yon lòtbò, kontinye revele laverite konsènan maryaj atravè pwofèt Li yo. Ou ka jwenn kèk nan laverite sa a nan Doktrin ak Alyans 49:15–17; Jenèz 2:20–24; 1 Korentyen 11:11; ak “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Fè yon lis sou verite ou jwenn yo. Poukisa maryaj enpòtan konsa pou plan Bondye a?
Elder Ulisses Soares te anseye ke “levanjil retabli Jezikri a pwoklame prensip asosyasyon total ant fi ak gason, ni nan lavi mòtèl ni nan letènite yo” (“An Asosyasyon avèk Seyè a,” Lyawona, Nov. 2022, 42). Ou ta ka etidye mesaj li a, pou w chèche prensip “ki ranfòse asosyasyon ant gason ak fi” yo. Kijan w ka aplike prensip sa yo nan lavi w? Si yon moun ki nan yon lòt legliz mande w poukisa maryaj enp Poukisa w rekonesan pou konpreyansyon sa a?
Gade tou nan Sijè ak Kesyons, “Maryaj,” “Fanmi,” Biblyotèk Levanjil la; David A. Bednar, “Maryaj Esansyèl pou Plan Etènèl Li a,” Ensign, June 2006, 83–84; “Renaissance of Marriage” (video), Bibliyotèk Levanjil.
Renaissance of Marriage
Ou dwe sansib a sikonstans lòt moun. Pandan ke maryaj ak lavi familyal kèkontan se bagay ideal nan levanjil Jezikri a, se pa nou tout ki jwi benediksyon sa yo pandan nou nan mòtalite. Lè n ap diskite sijè sa yo, nou dwe sansib a plizyè sikonstans endividyèl ak familyal, espesyalman pou moun k ap “ret tann Senyè a avèk pasyans” pou pwomès etènèl yo akonpli yo (gade nan Doktrin ak Alyans 98:1–3).
Ansèyman Senyè a bay yo ka pwoteje m kont twonpri Satan.
Nouvo manm Legliz yo nan Ohio a pa t ka tann pou yo te resevwa manifestasyon espirityèl yo te pwomèt yo nan ekriti yo. Sepandan Satan te prese pou desevwa yo. Si yo te mande w pou w te ede manm sa yo konprann kouman pou yo rekonèt vrè manifestasyon Sentespri a, ki prensip nan Doktrin ak Alyans 50 ou t ap pataje? (gade nan vèsè 22–25, 29–34, 40–46). Kouman Sovè a ede w konnen diferans ant laverite ak erè?
Gade tou nan 1 Korentyen 14:1–28; 2 Timote 3:13–17.
Enstriktè yo ak elèv yo edifye ansanm pa Lespri a.
Lè nou viv levanjil Jezikri a, sa bay anpil opòtinite pou nou enstriktè ak apranti, lakay nou ak nan Legliz la. Yon fason ou ta ka etidye Doktrin ak Alyans 50:13–24 se desine yon foto yon enstriktè ak yon apranti. Bòkote toude, fè yon lis mo ak fraz ki soti nan vèsè sa yo ki anseye w yon bagay konsènan aprann an anseye levanjil. Ki eksperyans ou te fè ki te anseye w enpòtans Lespri a nan anseye ak nan aprann? Reflechi sou sa w kapab fè pou amelyore efò ou antanke yon moun k ap aprann ak anseye levanjil la.
“Sa ki Sòti nan Bondye se Limyè.”
Pandan w ap medite sou pawòl Sovè a nan Doktrin ak Alyans 50:23–25, panse sou fason ou resevwa limyè Bondye ak fason ou “chase tenèb”. Paregzanp, kouman vèsè sa yo gide chwa ou yo sou fason ou pase tan w? Ki distraksyon ak media pou w chèche? Nan ki konvèsasyon pou w angaje? Nan ki lòt desizyon vèsè sa yo ka ede w? Yon kantik tankou “Christ Est Ma Lumière” (Cantiques, no. 50) ta ka enspire panse adisyonèl.
Gade tyou nan “Mache nan limyè Bondye,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa, 16–21.
Ide pou Anseye Timoun yo
M ka vin suiv Jezikri.
-
Pou anseye timoun yo prensip ki nan vèsè sa yo, ou ta ka prepare kat papye enprent pye ak kat foto ki reprezante lafwa nan Jezikri, repantans, batèm ak resepsyon don Sentespri a (gade foto nan paj aktivite semèn sa a). Timoun ou yo ta ka plase enprent pye yo sou atè a avèk foto ki dèyè yo a. Apresa, yo ta ka fè tou pa yo pou mache nan anprent pye yo a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 49:12–14. Ede yo konprann ke lè nou fè bagay ki nan foto sa yo, n ap suiv Jezkri.
-
Ou ta ka envite timoun ou yo tou pou yo konpare Doktrin ak Alyans 49:12–14 avèk Travay 2:38 epi avèk katriyèm Atik Lafwa a. Ki resanblans yo jwenn? Poukisa verite sa yo enpòtan?
Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay ki esansyèl nan plan Bondye a.
-
Pou entwodui vèsè sa yo, ou ta ka eksplike ke Shakers yo te yon gwoup ki te kwè moun pa ta dwe marye (gade nan seksyon ki antèt pou Doktrin ak Alyans 49la). Envite timoun yo jwenn bagay Senyè a te anseye konsènan maryaj nan Doktrin ak Alyans 49:15–17. Kisa sa vle di ke se Bondye ki “òdone maryaj”? Petèt nou ta ka li ansanm twa premye paragraf nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Apresa, pale sou rezon k fè maryaj ak fanmi enpòtan pou Pè Selès la.
“Sa ki sòti nan Bondye se limyè.”
-
Pou entwodui Doktrin ak Alyans 50:23–25, pale avèk timoun ou yo sou diferans ant limyè ak tenèb. Poukisa nou bezwen limyè? Nou ta ka li ansanm premye paragraf “Mache nan Limyè Bondye” ki nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid Pou Fè Chwa (paj 17) ansanm avèk Doktrin ak Alyans 50:23–25. Pale sou fason nou resevwa limyè Bondye ak fason nou ka chase tenèb. Apresa, nou ta ka chante ansanm yon kantik sou limyè espirityèl yo, tankou “Petite est la lumière en moiChants pour les enfants,96).
Jezikri se Bon Bèje m nan.
-
Lè nou fin li Doktrin ak Alyans 50:40-46la ansanm, ou ta ka montre yo foto Sovè a ki nan fen leson sa a epi poze kesyon tankou sa suivan yo: Kijan yon bèje ka santi l konsènan Brebi l yo? Kijan Sovè a tankou yon bèje pou nou?
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmian.