“12–18 Me: “Chèche Pi Bon Don yo Avèk Senserite”: Doktrin ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025, (2025)
“Doktrin”” ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025
Reyinyon yon Kan, tablo Worthington Whittredge
12– 18 Me: “Chèche Pi Bon Don yo Sensèman”
Doktrin ak Alyans 46–48
Lè Parley P. Pratt, Oliver Cowdery, Ziba Peterson, ak Peter Whitmer Jr. te kite Kirtland pou yo t al kontinye preche levanjil la, yo te kite plis pase 100 nouvo manm Legliz ki te gen anpil zèl men ki pa t gen anpil eksperyans ak direksyon. Pa t gen okenn manyèl enstriksyon, ni reyinyon fòmasyon pou dirijan, ni retransmisyon konferans jeneral—anfèt, pa t menm gen anpil kopi Liv Mòmon an ki t ap sikile. Anpil nan nouvo kwayan sa yo te atire nan levanjil retabli a pa pwomès manifestasyon mèveye Lespri a te ba yo, espesyalman sa yo te konnen atravè etid yo sou Nouvo Testaman an (gade, paregzanp, 1 Korentyen 12:1—11). Men anpil moun te twouve sa difisil pou yo te idantifye vrè manifestasyon Lespri yo. Lè Joseph Smith te wè konfizyon an, li te priye pou l te jwenn èd. Repons Senyè a te ba li a egalman valab pou nou tou jodia, kote moun souvan rejte oubyen inyore bagay Lespri yo. Li te reyafime ke manifestasyon espirityèl yo reyèl. Li te klarifye tou ke yo se: don yon Pè Selès eman, “pou benefis moun ki renmen [Li] epi ki respekte kòmandman [Li] yo, ak pou moun k ap chèche fè sa” (Doktrin ak Alyans 46:9).
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Sovè a akeyi tout moun ki vle adore nan Legliz Li a.
Èske zanmi nou yo ak moun nan vwazinaj nou yo santi yo byenveni nan sèvis adorasyon nan pawas nou yo? Kisa n ap fè pou nou ka fè reyinyon Legliz nou yo vin kote moun ta anvi retounen? Medite sou kijan ou ka aplike konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 46:1–7 la (gade tou 2 Nefi 26:24–28; 3 Nefi 18:22–23).
Ou gen dwa pase tou a yon lè kote w te ale nan sèvis Legliz la—oubyen nan yon reyinyon avèk yon lòt gwoup—pou lapremyè fwa. Kisa moun yo te fè pou yo te ede w santi w byenveni?
Gade tou Mowoni 6:5–9; “’Tis Sweet to Sing the Matchless Love,” Hymns, no. 177; “Byenveni” (video), Bibliyotèk Levanjil.
Byenveni nan ComeUntoChrist.org
Papa nou Ki nan Syèl la ban m don spirityèl pou beni lòt moun.
Premye Sen yo te kwè nan don espirityèl men yo te bezwen èd pou yo te rekonèt yo ak konprann objektif yo. Pandan w ap etidye don Lespri yo nan Doktrin ak Alyans 46:7–33 la, medite sou pou “pou [kisa] yo ba nou yo” (vèsè 8). Kisa w aprann osijè Bondye—ki bay don sa yo?
Èske w ka panse a kèk egzanp kote w konn wè moun ap itilize don sa yo oswa lòt don espirityèl? Kijan yo te “benefisye … pitit Bondye yo”? (vèsè 26). Ou ta gendwa gade tou si w ka idantifye egzanp sou diferan don espirityèl nan ekriti tankou sa yo: 1 Wa 3:5–15; Danyèl 2:26–30; Travay 3:1–8; Elaman 5:17–19; Mòmon 1:1–5; Etè 3:1–15; Doktrin ak Alyans 6:10–12; Moyiz 7:13.
Etid ou sou don espirityèl yo ta ka mennen w medite sou ki don Bondye ba ou. Kijan w ka itilize don sa yo pou beni pitit Li yo? Si w gen benediksyon patriyakal ou, li pwobab ke l idantifye ki don yo te ba ou. Lekti mesaj John C. Pingree Jr. a “Mwen gen yon Travay pou Ou” a ta ka ouvri lespri w pou w wè don ou pa menm panse ke w genyen (Liahona, Nov. 2017, 32–35).
Si w ta renmen aprann kijan pou w devlope don espirityèl, analoji ki nan kòmansman mesaj Èldè Pablo Villar la “Egzèse Mis Espirityèl Ou yo” ta ka ede (Liahona, Me 2019, 95). Ki “egzèsis” ki ta ka ede w devlope don espirityèl ou yo?
Gade Sijè ak Kesyon tou, “Sentespri,” Bibliyotèk Levanjil la.
Senyè a vle Legliz li a konsève yon istwa.
Apèl John Whitmer pou l te kenbe yon istwa sou Legliz la te kontinye yon long tradisyon sou gadyen anal pami pèp Bondye a. Poukisa w panse kenbe yon istwa si enpòtan konsa pou Senyè a? Medite sou sa pandan w ap li seksyon 47 la, osibyen ke enstriksyon menm kalite a nan 2 Nefi 29:11–12; Moyiz 6:5; Abraham 1:28, 31. Kisa w santi Senyè a vle w ekri osijè lavi ou?
Nan FamilySearch, ou ka ekri souvni ak eksperyans sou lavi ou—ak sou lavi zansèt ou yo (gade FamilySearch.org
Gade Henry B. Eyring, “O Sonje, Sonje,” Liahona, Nov. 2007. 66–69.
John Whitmer
Sentespri a ka ban m direksyon lè m ap ranpli apèl mwen.
Petèt ou ka idantifye w avèk sa John Whitmer te santi a lè l te vle jwenn asirans ke apèl li a te soti nan Bondye a. Kisa Senyè a te di nan Doktrin ak Alyans 47 pou John Whitmer—ak pou oumenm—pou enspire konfyans nan ranpli apèl Li bay yo?
Wòl yon enstriktè. Anseye se plis pase prezante enfòmasyon. Sa enkli kreye yon anviwonman kote manm klas yo ka aprann ak dekouvri verite yo pou tèt pa yo epi pataje sa yo aprann youn ak lòt (gade Anseye nan fason Sovè a, 26).
Ide pou Anseye Timoun yo
Mwen ka ede lòt moun santi yo byenveni nan legliz la.
-
Apre w fin li Doktrin ak Alyans 46:5 avèk timoun yo, pale sou kijan Sovè a vle pou pèp Li a santi yo lè yo vini nan Legliz Li a. Envite timoun ou yo pou yo imajine ke yo te wè yon moun nan legliz la pou la premyè fwa. Ede yo fè pratik sou fason pou ede moun sa a santi l byenveni.
Papa nou Ki nan Syèl la ban m don spirityèl pou beni lòt moun.
-
Pou ede timoun ou yo aprann sou don espirityèl yo dekri nan Doktrin ak Alyans 46:13–26 yo, konsidere ide sa a. Ou ta gendwa ekri don yo sou moso papye epi kache yo toutotou sal la. Pandan timoun yo ap jwenn chak papye, ede yo wè ki kote don sa a mansyone nan seksyon 46 la. Pou chak don, pale avèk yo sou fason li itilize pou beni lòt moun (deskripsyon yo nan “Chapit 20: Don Lespri yo,” nan Istwa Doktrin ak Alyans yo, 77–80, kapab ede).
2:19Chapter 20: Gifts of the Spirit: 8•March 1831
-
Pale timoun de don ou santi Pè Selès la ba yo, epi fè yo pale de don youn remake nan lòt. Selon Doktrin ak alyans 46:8–9, 26, poukisa Papa nou ki nan Syèl la ba nou don espirityèl? Kijan nou ka itilize don sa yo pou beni lòt moun?
Mwen ka anrejistre istwa m.
-
Kite timoun yo dekouvri kisa Senyè a te vle John Whitmer fè nan Doktrin ak Alyans 47:1, 3. Ou ta gendwa pataje avèk yo istwa ou pi renmen nan ekriti yo. Fè yo remake ke nou konnen istwa sa yo paske yon moun te ekri yo.
-
Konsidere nan ki fason w ta ka enspire timoun ou yo pou yo ekri istwa pèsonèl yo. Ou ta ka pataje kèk pasaj nan jounal pèsonèl ou oubyen yon istwa sou yon zansèt (gade FamilySearch.org oswa app Souvni an). Ou gendwa bay kèk ti pouch pou yo ka ekri nan jounal yo, tankou “Kisa k pase nan semèn sa a ke w ta renmen pitit pitit ou konnen?” oubyen “Kijan w te wè men Senyè a nan lavi w semèn sa a?” Jèn timoun yo gendwa fè desen sou eksperyans yo, oubyen ou gen dwa anrejistre yo pandan y ap rakonte istwa yo. Ki benediksyon ki genyen nan kenbe yon “istwa regilyèman”? (Doktrin ak Alyans 47:1).
Mwen ka ede lòt moun lè m pataje sa m resevwa.
-
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 48:2–3 avèk timoun yo, ou ta gendwa bezwen eksplike ke moun te vini nan Ohio soti nan Lès epi yo pa t gen kote pou yo te viv. Kisa Senyè a te mande Sen yo pou yo te fè? Ede timoun yo panse sou kèk bagay Bondye ba yo ke yo ka pataje avèk lòt moun. Ou ta gendwa chante avèk yo tou yon kantik tankou “‘Donne’” (Chants pour les enfants, 236).
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.