Doctrine and Covenants 2025
5–11 Me: “Pwomès yo … Pral Akonpli”: Doktrin ak Alyans 45


“5–11 Me: “Pwomès yo … Pral Akonpli”: Doktrin ak Alyans 45,’ Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Doktrin ak Alyans 45,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025

fanmi ki nan tanp lan

5–11 Me: “Pwomès Yo … Pral Akonpli”

Doktrin ak Alyans 45

Revelasyon nan seksyon 45 la te resevwa, daprè antèt seksyon an, “nan lajwa Sen yo.” Epi, te gen anpil bagay nan revelasyon sa a pou te fè yo rejwi. Ladan l, Sovè a te fè pwomès plen mizèrikòd Li a, pou L plede pou nou devan Papa a (Gade nan vèsè 3–5). Li te pale konsènan alyans etènèl Li a ki simaye nan tou mond lan, tankou “yon mesaje … pou preparechemen an devan [Li]” (vèsè 9). Epi Li te pwofetize konsènan Dezèm vini L la. Sovè a fè tout bagay sa yo pandan L te rekonèt an menm tan ke tan sa yo se move tan (gade nan vèsè 34), an pati akoz peripesi ki dwe rive anvan L vini an. Men, peripesi sa, tenèb sa, pa fò ase pou l etenn limyè lespwa a. “Paske reyèlman m di w konsa,” Senyè a te deklare, “m se … yon limyè ki klere nan tenèb” (vèsè 7). Sa sèlman se rezon pou resevwa revelasyon sa a—avèk nenpòt konsèy ak avètisman ak laverite Li vle bay—avèk lajwa.

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

Doktrin ak Alyans 45:1–5

senbòl seminè
Jezikri se avoka nou devan Papa a.

Lè nou santi nou pa alawotè oubyen nou pa diy devan Bondye, nou ka resevwa asirans nan pawòl Sovè a nan Doktrin ak Alyans 45:1–5 yo. Pandan n ap editye vèsè sa yo, konsidere kesyon tankou sa yo:

  • Ki mo oubyen fraz nan vèsè sa yo ou santi yo espesyalman gen sans pou ou?

  • Yon avoka se yon moun ki sipòte oubyen rekòmande yon moun oubyen yon koz piblikman. Dapre vèsè sa yo, kouman Jezikri fè bagay sa yo pou ou Kisa ki kalifye L pou L fè sa?

  • Kisa ki enpresyone w konsènan pawòl Sovè a, te di Papa a? (vèsè 4–5).

Ou ta ka etidye sa Elder Dale G. Renlund te anseye konsènan Jezikri, Avoka nou an tou, nan “Chwazi Jodi a” (Lyawona, Nov. 2018, 104–5). Dapre Elder Renlund, kijan objektif Sovè a konpare avèk objektif Lisifè?

Pasaj swivan yo ka ajoute sou konpreyasyon ou konsènan wòl Sovè a kòm Avoka. Pandan w ap etidye yo, konsidere ekri fraz oubyen verite ou ta ka pataje avèk lòt moun: 2 Nefi 2:8–9; Mozya 15:7–9; Moroni 7:27–28; Doktrin ak Alyans 29:5; 62:1. Poukisa fraz sa yo enpòtan pou ou?

Gade tou nan “Merveilleux l amour,” Cantiques, no. 193; Sijè ak Kesyon, “Ekspyasyon Jezikri a,” Bibliyotèk Levanjil; “The Mediator (Medyatè a)” (video), Bibliyotèk Levanjil.

10:47

The Mediator

Doktrin ak Alyans 45:9–10

Levanjil la se yon etanda pou nasyon yo.

Lontan, yon etanda sete yon banyè moun te pote al nan batay pou ralye ak inifye twoup yo. Yon etanda se yon egzanp oswa yon règ ki ka sèvi pou yo mezire lòt bagay tou. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 45:9-10 la, reflechi sou fason alyans levanjil ou yo konn sèvi kòm yon etanda pou ou.

Doktrin ak Alyans 45:11–75

Jezikri ap retounen nan laglwa.

Yo dekri Dezyèm Vini Senyè a an menm tan kòm “gran” ak “terib” (Malachi 4:5). Nan Doktrin ak Alyans 45, toude deskripsyon yo sanble yo byen tonbe. Revelasyon sa a gen avètisman saj ak pwomès esperans konsènan vini Senyè a. Pandan w ap etidye vèsè 11–75 yo, medite sou fason ou ka prepare pou Dezyèm Vini an avèk lafwa nan Kris la olye de krent. Ekri sa w jwenn yo nan yon tablo tankou sa a:

Pwofesi oubyen pwomès

Kisa m ka fè

Pwofesi oubyen pwomès

Yon limyè (levanjil la) ap vini pou moun ki chita nan tenèb yo (vèsè 28)

Kisa m ka fè

Resevwa limyè a—epi pataje li (vèsè 29)

Pwofesi oubyen pwomès

Kisa m ka fè

Pwofesi oubyen pwomès

Kisa m ka fè

Pwofesi oubyen pwomès

Kisa m ka fè

Nan video “Kè Lèzòm Pral Twouble”a (Biblyotèk Levanjil la), ki konsèy Prezidan Russell M. Nelson bay pou ede nou afwonte sityasyon efreyan yo avèk lapè?

3:24

Men's Hearts Shall Fail Them

Doktrin ak Alyans 45:31–32, 56–57

M ka “kanpe nan kote ki sen” epi pa deplase.

Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 45:31–32, 56–57 sou prepare w pou Senyè a k ap vini an? Ki kote ki “sen” pou ou? Kisa sa vle di pou nou “pa kite moun deplase nou”? Kouman ou ka fè kote w ye a vin pi sen?

Note ke Senyè a refere L a parabòl dis vyèj yo, pou konpare luil nan parabòl la avèk laverite ak Sentespri a. Konsidere pou w ta li parabòl nan Matye 25:1–13 la avèk sa nan panse w. Ki lòt ide ou vin genyen?

Gade tou David A. Bednar, “Si w Te Konnen MwenLyawona, Nov. 2016, 102-5.

senk vyèj saj

Parabòl Dis Vyèj yo, tablo Dan Burr

Doktrin ak Alyans 45:11–15, 66–71

Siyon se yon lye sekirite pou Sen Bondye yo.

Sen yo nan epòk Joseph Smith la te te enterese pou yo te bati Siyon, Nouvèl Jerizalèm nan (gade nan Etè 13:2–9; Moyiz 7:18, 62–64). Kisa w aprann osijè Siyon—ni ansyen vil nan epòk Enòk la ni vil dènye jou a—nan Doktrin ak Alyans 45:11-15, 66–71la? Jodia a, kòmandman pou etabli Siyon an refere a etabli wayòm Bondye a tout kote n ap viv. Kisa w ka fè pou w ede bati Siyon tout kote w ap viv?

senbòl 01 seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

Doktrin ak Alyans 45:3–5

Jezikri se avoka m nou devan Papa a.

  • Ou ta vle ede timoun ou yo konprann ke yon avoka se yon moun ki sipòte yon lòt moun. Apresa, ou ta ka pale konsènan egzanp yon avoka ki familye pou yo (tankou defann yon zanmi). Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 45:3–5 ansanm, ede timoun ou yo dekouvri kiyès Avoka nou an ye ak kouman Li ede nou.

Doktrin ak Alyans 45:32

Mwen “kanpe kote ki sen.”

  • Li ta ta amizan pou w mete yon foto yon kay, yon batiman Legliz ak yon tanp nan sal la. Apresa, ou ta ka bay timounh yo ti avans pou dekri kote sa yo epi envite yo kanpe pre foto w ap dekri a. Mande yo kanpe dousman pandan w ap li premye liy nan Doktrin ak Alyans 45:32. Ki kèk kote ki sen Bondye ban nou? Ede timoun yo konprann ke “kanpe kote ki sen, epi … pa deplase” vle di chwazi byen tout tan, kèlkeswa sa k ap pase. Kijan nou ka fè lakay nou vin tounen yon kote ki pi sen?

Doktrin ak Alyans 45:9

Levanjil Jezikri a se yon banyè pou mond lan.

  • Ou ta ka eksplike timoun ou yo ke nan tan lontan, yon etanda sete yon banyè oubyen drapo moun te konn pote nan batay. Li te ede sòlda yo konnen kibò pou yo rasanble ak kisa pou yo fè. Li ansanm Doktrin ak Alyans 45:9, epi diskite sou fason levanjil la tankou yon etanda. Timoun ou yo ka kontan fè pwòp etanda oubyen drapo pa yo, ansanm avèk imaj oubyen mo ki eksprime santiman yo konsènan Sovè a.

leve yon etanda

Levanjil la tankou yon etanda, yon banyè oubyen yon drapo.

Doktrin ak Alyans 45:44–45

Jezikri ap vini ankò.

  • Destriksyon sou sa ki pral rive anvan Dezyèm Vini an ka fè timoun yo pè. Pwente yo sou Jezikri ka ede yo tann avèk lafwa! Konsidere envite yo panse sou fason yo santi yo lè yon moun espesyal ap vin vizite, tankou yon gran paran oubyen yon zanmi. Kijan yo prepare yo pou vizit la? Apresa, oyu ta ka montre yon foto Sovè a, epi li Doktrin ak Alyans 45:44–45. Pataje yonn avèk lòt fason ou santi w konsènan vini Sovè a.

  • Pou ede timoun yo santi yo kontan pou Dezyèm Vini Sovè a, ou ta ka ekri sou moso papye kèk nan pwomès ki bay esperans yo nan seksyon 45 la (gade nan, paregzanp, vèsè 44–45, 51–52, 55, 58–59, 66–71). Bay timoun ou yo papye yo epi mande yo pou leve men yo lè pwomès yo kenbe a mansyone pandan w ap li vèsè yo. Diskite sou kisa pwomès sa yo vle di. Ou ta ka chante yon kantik avèk timoun yo konsènan Dezyèm Vini an tou, tankou “Quand Jésus reviendraChants pour les enfants82–83).

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Pandan w ap anseye timoun yo, di yo kilè ou santi Sentespri a. Pale sou fason ou rekonèt enfliyans Li. Pa egzanp, ou ta kapab santi w gen lapè ak lajwa pandan w ap chante yon chan konsènan Sovè a.

Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.

Dezyèm Vini Jezikri a

Dezyèm Vini an, tablo Harry Anderson

paj aktivite pou timoun