28 Avril–4 Me: “Lwa Mwen Pou Gouvène Legliz Mwen an”: Doktrin ak Alyans 41—44” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 41–44” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
28 Avril–4 Me: “Lwa Mwen pou gouvène Legliz mwen an”
Doktrin ak Alyans 41–44
Legliz la te grandi rapidman an 1830 ak 1831, patikilyèman avèk yon devèsman nouvo manm nan Kirtland, Ohio. Kwasans sa a te pasyonan ak ankourajan pou Sen yo, men li te prezante kèk pwoblèm tou. Kijan pou w inifye yon gwoup kwayan ki ap ogmante byen vit. Kisa pou w fè lè yo pote doktrin ak pratik soti nan relijyon yo te genyen anvan yo? Pa egzanp, lè Joseph Smith te rive nan Kirtland nan kòmansman Fevriye 1831 an, li te jwenn nouvo manm ki t ap pataje pwopriyete yo an komen nan yon tantativ sensè pou yo te imite Kretyen nan Nouvo Testaman yo (gade nan Travay 4:32–37) Senyè a te fè kèk koreksyon ak klarifikasyon enpòtan sou sa ak sou lòt sijè. Li te fè sa sitou atravè yon revelasyon ki ekri nan Doktrin ak Alyans 42 ke l rele “lwa mwen pou gouvène legliz mwen an” (vèsè 59). Nan revelasyon sa a, nou aprann verite ki fondamantal nan etabli Legliz Senyè a nan dènye jou yo. Epi nou aprann ke nou gen anpil lòt bagay pou nou aprann; Senyè a pwomèt: “Si nou mande, n ap resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ak Alyans 42:61).
Gade tou nan Les saints, 1:114–19 tou.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
“Yon moun ki resevwa lalwa mwen an epi ki obsève l, moun sa a se disip mwen.”
Nan kòmansman 1831, Sen yo te kòmanse rasanble nan Ohio. Yo te prese pou yo te resevwa lwa Bondye te pwomèt pou l te revele yo nan kote sa a (gade nan Doktrin ak Alyans 38:32). Men, toudabò, Li te anseye kijan disip li yo te dwe prepare yo pou yo te resevwa lwa l la. Ki prensip ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 41:1–6 ki t ap ede Sen yo resevwa lwa Bondye a? Kijan prensip sa yo ta ka ede w resevwa enstriksyon nan men Li?
Gade “Un évêque pour l’Eglise,” Révélations dans leur contexte, 77–83 tou.
Senyè a ban m kòmandman paske Li renmen mwen.
Sen yo te konsidere revalasyon ki nan Doktrin ak Alyans 42:1–72 la kòm youn nan revelasyon pi enpòtan Pwofèt la te resevwa. Se te youn nan premye revelasyon ki te pibliye. Pandan anpil ane, Sen yo te senpleman rele l “lwa a.” Pandan ke seksyon an pa enkli tout kòmandman oswa lwa Senyè a, sa vo lapèn pou nou medite sou rezon ki fè prensip sa yo te enpòtan pou Legliz ki te fèk retabli a. Poukisa yo enpòtan pou nou jodi a?
Paske seksyon 42 a relativman long, ou ta gen dwa anvizaje etidye l an ti pòsyon, tankou sa a. Idantifye prensip yo anseye nan chak, epi konsidere kijan lwa sa yo se yon siy sou lanmou Senyè a pou pèp Li a.
Poukisa Bondye ba nou lwa ak kòmandman? Nan ki fason ou beni paske w konnen ak suiv kòmandman yo?
“Sonje Senyè a”
Kòm yon pati nan lwa yo revele nan seksyon 42 a, Senyè a te anseye Sen L yo kijan, tankou ansyen disip Kris yo, yo te ka mete “tout bagay an komen” (Travay 2:44; 4 Nefi 1:3), pou pa gen “okenn pòv nan pami yo” (Moyiz 7:18). Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 42:30–42 a sou fason Sen yo te viv lwa konsekrasyon an? (Konsakre vle di mete yon bagay akote pou yon objektif sakre.)
Menm si nou pa gen “tout bagay an komen” jodi a, nan tanp yo, Sen Dènye Jou yo fè alyans pou yo viv lwa konsekrasyon an. Kijan w ka konsakre sa Bondye ba nou pou beni moun ki nan bezwen? Petèt yon kantik tankou “Parce que j’ai tant reçu ” (Cantiques, no. 119) te kapab bay plis ide.
Gade tou Sharon Eubank, “Mwen Priye Pou L Ka Itilize Nou,” Lyawona, Nov. 2021, 53–56; “Lwa a,” nan Revelations in Context, 93–95.
Kris la avèk Jenòm Rich la, tablo Heinrich Hofmann
Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68; 43:1–16
Bondye bay revelasyon pou gide Legliz Li a—ak pou gide mwen.
Imajine ke w ap fè yon konvèsasyon avèk yon nouvo manm Legliz la ki twò kontan konnen ke Legliz la gide pa revelasyon. Kija w ka itilize Doktrin ak Alyans 43:1–16 pou eksplike l chema Senyè a pou gide Legliz Li a atravè pwofèt Li a? Kijan w ta kapab itilize Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68 pou anseye sou resevwa revelasyon pèsonèl?
Eske w site kèk nan “bagay pezib” ak jwaye ou resevwa nanmen Senyè a atravè Lespri Li?
Pou aprann kijan dirijan Legliz la tande vwa Senyè a, ou ta ka gade youn nan videyo ki nan koleksyon “Koute L” la nan Bibliyotèk Levanjil la. Anvizaje kreye pwòp videyo pa w, ki ap eksplike kijan Senyè a kominike avèk ou.
Gade tou nan Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona, Me 2018, 93–96; “Tout doit se faire avec ordre,” nan Révélations dans leur contexte, 50–53.
Itilize leson pratik. Leson pratik oswa èd vizyèl kapab ede moun w ap anseye yo konprann verite levanjil la yo pi byen epi sonje yo pi lontan. Pa egzanp, ou ta kapab itilize yon jwèt kastèt, rasanble pyès pa pyès, pou anseye sou resevwa „ “revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ak Alyans 42:61).
Ide pou Anseye Timoun yo
Yon disip se yon moun ki resevwa lwa Bondye epi ki obeyi li.
-
Pou ede timoun ou yo konnnen kisa sa vle di pou yo se yon disip Jezikri, ou ka ekri Doktrin ak Alyans 41:5 sou yon moso papye, pandan w ap kite espas vid kote mo disip la ta dwe ye a. Apre sa yo ta ka gade nan vèsè 5 la pou jwenn mo ki manke a. Selon vèsè sa a, kisa sa vle di pou m se yon disip Jezikri? Kijan n ap eseye vin pi bon disip Kris?
Mwen kontan lè m obeyi Senyè a.
-
Timoun ou yo ta gen dwa ta kontan jwe yon jwèt ki mande yo koute avèk atansyon epi pou yo suiv enstriksyon yo. Ou ta kapab itilize jwèt sa a pou pale de kisa sa vle di pou “koute epi tande epi obeyi” Senyè a (Doktrin ak Alyans 42:2). Ki enstriksyon Li ban nou? Kijan nou beni lè nou obeyi lwa ak kòmdnaman L yo?
-
Ou ta gen dwa konplete paj aktivite semèn sa a avèk timoun ou yo. Ou ta kapab chante yon chante konsènan obeyi lwa Bondye yo tou, tankou “Je veux vivre l’Evangile” (Chants pour les enfants, 172). Anvizaje pou youn pataje avèk lòt kijan obeyi lwa Bondye yo pote bonè pou ou.
M ap sèvi Jezikri lè m sèvi lòt moun.
-
Apre nou fin li ansanm Doktrin ak Alyans 42:38, ede timoun ou yo panse a fason yo ka sèvi Jezi nan sèvi lòt moun. Yo ka jwenn kèk ide nan videyo “Pass It On [Pase L Bay” (ChurchofJesusChrist.org). Yo ta kapab gade tou foto Sovè a ki ap ede lòt moun, ki ap geri malad, oubyen ki ap fè jantiyès avèk timoun (gade nan Recueil d’illustrations de l’Évangile la, no. 42, 47).
2:18Pass It On
-
Ou ta gen dwa montre timoun ou yo yon fòm pou DIm ak Ofrann Jèn epi di yo kijan pou yo itilize l pou bay sa nou genyen pou beni lòt moun (gade tou “Dim ak Don Anliy”).
Se sèl pwofèt la ki ka resevwa revelasyon pou tout Legliz la.
-
Envite timoun yo pou yo imajine ke yon moun kanpe nan reyinyon temwayaj epi li di pawas la ke l resevwa yon revelasyon pou tout Legliz la (pa egzanp, yon revelasyon ki di ke nou pa ta dwe manje kawòt ankò oubyen nou ta dwe lave men nou avèk lèt olye de dlo). Li di ke nou dwe tande sa l di olye nou tande pwofèt la. Kisa ki pa tap bon nan sitiyasyon sa a? Apre sa nou ta kapab etidye Doktrin ak Alyans 43:1–7 ansanm pou nou wè kijan Senyè a bay Legliz Li a kòmandman.
-
Montre foto pwofèt vivan an, epi envite timoun yo pou yo pataje yon bagay li te anseye resamman. Si yo bezwen èd, montre yon videyo oubyen li yon pasaj ki soti nan yon mesaj konferans jeneral resan. Poukisa se yon benediksyon pou nou gen yon pwofèt vivan jodi a?
Pou plis ide, gade nimewo magazin Zanmi an pou mwa sa a.