Doctrine and Covenants 2025
Vwa Retablisman yo: Rasanbleman nan Ohio


“Vwa Retablisman yo: Gathering to Ohio,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)

“Rasanbleman nan Ohio,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2024

senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Rasanbleman nan Ohio

Kirtland nan ane 1830 yo

Vilaj Kirtland Village, tablo Al Rounds

Phebe Carter

Picture of Phoebe Carter Woodruff, wife of Wilford Woodruff, circa 1840.

Pami Sen k te rasanble nan Ohio yo nan ane 1830 yo te gen Phebe Carter. Li te vin manm Legliz la nan Nòdès Etazini nan mitan ventèn li, malgre paran l pa t manm. Nan apre li te ekri sou desizyon l pou l te ale Ohio pou l te ini avèk Sen yo:

“Zanmi m yo te etone pou sa, ni mwenmenm tou, men gen yon bagay ki te pouse m kontinye. Chagren manman m lè m t ap kite lakay mwen an te prèske plis pase sa m te ka sipòte, e si se pat lespri a andedan mwen, m t ap febli alafen. Mnaman m te di li ta prefere wè m antere pase pou m te ale poukont mwen nan mond san kè sa a.

Li te di, “Phoeba, ‘èske w ap retounen vin jwenn mwen si Mòmonis la fo?’

“M te reponn, ‘wi, manman; m ap fè sa.’ … Repons mwen an te soulaje twoub li; men sa te rèd anpil pou nou te separe. Lè moman an te vire pou m tale, mwen pa t fè tèt mwen konfyans pou m te di orevwa; konsa m te ekri nòt orevwa pou yo chak, epi m te kite yo sou tab mwen, epi m te kouri desann epi m te vole antre kan kawòs la. Se konsa m te kite fwaye anfans mwen an pou m te liye lavi m avèk Sen Bondye yo.”

Nan youn nan mesaj orevwa sa yo, Phoebe te ekri:

“Chè paran byeneme—m sou lepwen pou m kite rasin patènèl mwen pandan yon tan … M pa konn pou konbyen tan—men pa san santiman rekonesans pou bonte m te resevwa depi anfans mwen jiska jodia—men la Pwovidens sanble li òdone m kounyea plis pase jamè anvan. Annou remèt tout bagay sa yo nan men Pwovidans lan epi remèsye l dèske li te pèmèt nou viv ansanm si lontan nan sikonstans si favorab nou viv yo, ak konesans ke tout bagay ap travay pou byen nou si nou renmen Bondye totalman. Annou reyalize ke nou ka priye yon Bondye ki ap koute priyè sensè tout kreyati l yo e ba nou sa k pi bon pou nou. …

“Manman, mwen kwè sa se volonte Bondye pou mwen pou m ale nan lwès e m te jwenn konviksyon sou sa depi lontan. Kounyeya wout la louvri … ; mwen kwè ke se Lespri Senyè a ki fè l, sa ki ase pou tout bagay. O, pa pè pou pitit ou a; Senyè a ap rekonfòte m. Mwen kwè ke Senyè a ap pran swen m e ba n m sa k pi bon pou mwen. … M ale paske Mèt mwen rele m—li fè devwa m parèt klè.”

Nòt

  1. Edward W. Tullidge, The Women of Mormondom (1877), 412.

  2. Lèt Phebe Carter te ekri paran li, okenn dat, Libreri Istwa Leglia la, Salt Lake City; ponktyasyon modènize. Phebe te antre nan legliz la an 1834, li te demenaje ale Ohio vè 1835 epi li te marye avèk Willfford Woodruff an 1837.