“31 Mas–6 Avril: ‘Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a’: Doktrin ak Alyans 29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Doktrin ak Alyans 2025 (2025)
“Doktrin ak Alyans 29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: 2025
31 Mas–6 April: “Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a”
Doktrin ak Alyans 29
Malgre ke Legliz Jezikri a te òganize an 1830, anpil verite levanjil te toujou kontinye ap revele, epi plizyè nan premye manm Legliz yo te gen kesyon. Yo te li pwofesi nan Liv Mòmon yo konènan rasanbleman Izrayèl la akkosntriksyon Siyon an (gade 3 Nefi 21). Kijan sa t ap fèt? Revelasyon Hiram Page deklare ke l te resevwa yo te adrese sijè sa a, sa k te sèlman ogmante kiryozite manm yo (gade Doktrin ak Alyans 28). Lòt moun t ap poze tèt yo kesyon konsènan Chit Adan ak Èv la ak lanmò espirityèl. Senyè a te aksepte kesyon sa yo an 1830, epi lI aksepte kesyon nou yo jodia. Li te di Sen yo: “Nenpòt sa nou mande avèk lafwa, si nou reyini ansanm nan lapriyè daprè kòmandman m nan, n ap resevwa l” (Doktrin ak Alyans 29:6). Anfèt, jan revelasyon ki doktrinalman rich la nan Doktrin ak Alyans 29 montre a, Senyè a pafwa reponn kesyon nou yo nan ba nou verite ak konesans ki depase sa nou te mande yo.
Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la
Pè Selès la gen yon planm pou sali pitit Li yo.
Doktrin ak Alyans 29 anseye anpil verite konsènan plan Bondye pou ou. Pandan w ap li, chèche verite w aprann konsènan chak nan pati sa yo nan plan Li an.
-
Lavi premòtèl (gade vèsè 36–37).
-
Kreyasyon (gade vèsè 31–33).
-
Chit Adan ak Èv la (gade vèsè 40–41).
-
Jijman Dènye a (gade vèsè 12–13, 27–30)
Ki ide ou te jwenn? Si sa ka ede ou, ou ta ka ekri yo nan espas la ki vini avèk imaj yp nan fen prezantasyon sa a. Kijan verite sa yo enfliyanse lavi nou?
Gade Sijè ak Kesyon yo, “Plan Sali a,” Bibliyotèk Levanjil la.
Detay ki soti nan Vini Jwenn Mwen, pa Jenedy Paige
Jezikri enveite m pou ede rasanble pèp Li a avan Dezyèm Vini Li a.
Jezikri pale de rasanble pèp Li a ”tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li” (Doktrin ak Alyans 29:2). Kisa konparezon sa a anseye nou konsènan Jezikri? Ki panse adisyonèl oswa enpresyon ki vini jwenn ou pandan w ap etidye ilistarsyon sou yon manman poul ak tipoul yo nan plan sa a? Reflechi sou kijan w te santi Jezikri ap rasanble ak pwoteje nou.
Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 29:1–11, chèche jwenn ide konsènan:
-
Ki moun ki pral rasanble.
-
Kisa sa vledi “rasanble” pou Kris.
-
Rezon n ap rasanble kote LI.
Medite sou rezon ou vle lPoukisa temwen sa yo te vle pou lòt moun rasanble kote Jezikri. Kisa w santi w enspire pou w fè pou ede?
Ou ta ka poze tèt ou manm kesyon yo pandan w ap gade videyo “Yon Temwen pou Bondye” a (Libreri Levanjil la) oswa ap li oswa tande yon kantik konsènan rasanbleman an, tankou “Israel, Ton Dieu t’appelle” (Cantiques, no. 6). Kisa w santi Senyè a ap eseye anseye ou konsènan travay rasanbleman Li a?
A Witness of God
Prezidan Russell M. Nelson te di: “Kounyeya rasanbleman an fèt nan chak nasyon. SenyPresident Russell M. Nelson said: “ a te dekrete etablisman Siyon nan chak teritwa kote Li pèmèt Sen li yo pran nesans ak nasyonalite yo” (“Rasanbleman Izrayèl Dispèse a,” Lyawona, Nov. 2006, 81). Kijan rasanble nan fason sa a ede nou “prepare nan tout bagay” pou Dezyèm Vini Sovè a? (vèsè 8; gade tou vèsè 14–28).
Gade tou Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018), Libreri Levanjil; D. Todd Christofferson, “Doktrin Apatenans la,” Lyawona, Nov. 2022, 53–56; Sijè ak Kesyon yo, “Rasanbleman Izrayèl,” Libreri Levanjil.
“Tout bagay espirityèl pou mwen.”
Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 29:31–35, mande tèt ou, “Nan ki sans tout kòmandanm yo espirityèl?” Ou gendwa fè lis kèk kòmandman epi konsidere prensip espirityèl ki anrapò ak yo chak. Yon revizyon nan Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa ta ka ede—li anseye kèk nan verite etènèl y oki dèyè anpil nan kòmandman Bondye yo.
Kijan konnen ke “tout bagay … yo espirityèl” afekte fason nou gade kòmandman Bondye yo? Konsidere chèche jwenn siyifikasyon espirityèl ak rezondèt lòt aspè yo nan lavi a tou.
Gade tou 2 Nefi 9:39.
Fokis sou Jezikri. “Chak sijè levanjil la [se] yon opòtinite pou anseye ak aprann konsènan Jezikri” (Anseye nan Fason Sovè a, 6). Kisa ou aprann konsènan atribi Li yo, wòl Li yo, ak egzanp Li yo pandan w ap li Doktrin ak Alyans 29?
Jezikri te rachte nou anba Chit la
Kijan ou ta ka itilize Doktrin ak Alyans 29:36–50 pou eksplike poukisa nou bezwen redanmsyon atravè Jezikri?
Chit Adan ak Èv la te pote lanmò nan mond lan, men li te prepare wout la tou pou redanmsyon ak lajwa atravè Kris. Avèk panse sa a nan espri w, li vèsè 39–43 epi note pawòl ak fraz yo ki pote lajwa pou ou. Kisa ki enpresyone ou konsènan sa Adan ak Èv te di konsènan Chit la nan Moses 5:10–12?
Gade tou “Poukisa Nou Bezwen yon Sovè” (videyo), Libreri Levanjil.
Why We Need a Savior
Pou plis ide, gade piblikasyon mwa sa a nan revi Lyawona a ak Pou fòs jèn yo.
Ide pou Anseye Timoun yo
Pè Selès la gen yon plan pou sali pitit Li yo.
-
Pou kòmanse yon konvèsasyon konsènan plan Pè Selès la pou nou, ou ak timoun ou yo ta ka pale konsènan yon moman lè ou te fè yon plan, tankou pou yon vwayaj oswa akonpli yon tach. Ou ta ka pataje egzanp plan tou, tankou yon kalandriye avèk aktivite ki ekri sou li oubyen enstriksyon pou fè yon bagay. Poukisa plan itil? Ou ta ka apresa pale konsènan sa Pè Selès la vle nou akonpli ak kijan plan Li a ede nou akonpli l.
-
Ou ta ka itilize foto ki nan fen plan leson sa a pou ede timoun ou yo jwenn vèsè yo nan Doktrin ak Alyans 29 ki anseye konsènan diferan pati yo nan plan Pè Selès la. Ou ta ka tou dekoupe imaj yoY epi mande timoun yo remete yo nan lòd kòrèk la. Poukisa nou rekonesan dèske n konnen Pè Selès la gen yon plan pou nou? Kijan konnen konsènan li enfliyanse lavi chak jou nou?
Jezikri ap rasanble pèp li a anvan Li retounen ankò.
-
Ilistrasyon pi ba a sou yon manman poul k ap rasanble tipoul li yo oswa fideyo a “Tipoul ak Manman poul yo” (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede ytimoun ou yo vizyalize analoji a nan Doktrin ak Alyans 29:1–2. Apresa nou ta ka li vèsè sa yo ansanm epi pale avèk youn lòt konsènan fason yon manmanm poul pwoteje tipoul li yo ak kijan sa se menm bagay ak sa Sovè a ka fè pou nou.
1:24Chicks and Hens
Mwen Ta Rasanble Nou, pa Liz Lemon Swindle
-
Kisa ki ta enspire timoun ou yo pou yo vle ede Sovè a rasanble pèp Li a? Petèt yo t ap renmen tande eksperyans yon moun ki te “rasanble” kote Li nan vin manm legliz Li a. Pa egzanp, kiyès ki te entwodui fanmi w nan Legliz la? Ki benediksyon nou te resevwa nan aksepte apèl pou rasanble kote Li? Kijan nou ka ede lòt moun rasanble kote Li? (Gade “Yon Mesaj pou Timoun yo ki soti de Prezidan Russell M. Nelson” [vidyeo], ChurchofJesusChrist.org.)
3:30Video: A Message for Children from President Russell M. Nelson
Jezikri ap vini ankò.
-
Yo foto sou Dezyèm Vini Sovè a (tankou Liv Imaj Levanjil la, no. 66) oswa yon chan konsènan sa (tankou “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, 82–83) ta ka ede ou ak timoun ou yo diskite Doktrin ak Alyans 29:11. Ede timoun ou yo note fraz nan ekriti yo ki gen pou wè ak yon bagay nan foto a oswa chan an. Pataje youn avèk lòt kijan ou santi w konsènan retou Jezikri sou tè a ankò.
Pou plis ide, gade piblikasyon pou mwa sa a pou revi Zanmi an.