2025
Prizon Liberty
Out 2025


“Prizon Liberty,” Zanmi, Out 2025, 26–28.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2025

Prizon Liberty

Kay k ap boule ak gason avèk zam ki an kolè.

Anpil moun nan Misouri pa t renmen Sen yo. Gouvènè a te voye sòlda pou fè yo ale.

Yon mesye sou yon cheval ki pwente yon epe sou Joseph Smith

Sòlda yo te arete Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo. Yon jou swa, gad yo t ap ri apwopo move bagay yo te fè Sen yo.

Joseph Smith avèk chenn nan ponyèt li, ki kanpe ap pale avèk mesye yo.

Joseph te kanpe epi li te kriye: “Silans!” Li te pale avèk pouvwa Bondye. Gad yo te di yo te regrèt epi yo te sispann pale.

Joseph Smith ak lòt mesye yo nan Prizon Libèty ki sanble yo tris epi frèt

Nan apre, yo te mete Joseph ak zanmi l yo nan prizon nan yon vil ki te rele Liberty. Prizon an te frèt anpil, li te piti, epi l te fènwa. Yo te gen sèlman kèk pay sal pou yo te dòmi. Manje yo te ba yo a te fè yo malad.

Joseph Smith k ap kriye e yon mesye k ap rekonfòte li

Joseph te enkyete pou Sen yo. Men, li pa t kapab fè anyen pou ede yo.

Joseph Smith ajenou pou l priye nan prizon an

Joseph te priye anpil. Li te mande si Bondye te bliye li ak manm Legliz yo.

Joseph Smith ajenou nan prizon, l ap gade limyè solèy la anlè a ki reflete nan yon ti fenèt.

Bondye te reponn priyè Joseph la. Li te di, “Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou.” Bondye te di Joseph ke difikilte l yo pa t ap dire pou tout tan, e yo t ap pou byen l. Li te pwomèt ke Li t ap avèk Joseph “pou tout tan” (Doktrin ak Alyans 121:7, 46).

Paj pou Kolorye

Mwen Ka Vin Tankou yon Limyè pou Lòt Moun

Paj aktivite pou kolore avèk yon fanal, rivaj wòch, ak yon bato sou lanmè a

Ilistrasyon pa Corey Egbert

Kijan w se yon bon egzanp pou lòt moun?