2025
Verite Lavi Nou yo
Out 2025


“Verite sou Lavi Nou yo,” Liahona, Out 2025.

Mesaj Mansyèl Liahona Out 2025

Verite sou Lavi Nou yo

Papa eman nou an te revele verite sou pase, prezan, ak fiti nou, enkli fason pou nou resevwa pi gwo nan tout kado yo.

N.K. Whitney & Co. store

Anwo eskalye yo nan yon ti chanm byen sere anlè magazen Newel K. Whitney a nan Kirtland, Ohio, jou 22 Janvye 1833 a, ansyen yo nan Legliz la te rasanble avèk Pwofèt Joseph Smith. Nan mwa Desanm ane avan an, Joseph te resevwa yon revelasyon ki te mande pou l te etabli yon lekòl prensipalman pou l te prepare frè yo pou misyon.

“Mwen ba nou yon kòmandman,” Senyè a te deklare, “pou nou ka anseye youn lòt doktrin wayòm nan.

“Anseye avèk dilijans epi lagras mwen ap vini sou nou, pou nou kapab enstwi pi pafètman nan teyori, nan prensip, nan doktrin, nan lalwa levanjil la, nan tout bagay ki gen rapò avèk wayòm Bondye a, ki nesesè pou nou konprann; …

“Pou nou kapab prepare nan tout bagay lè m voye nou ankò pou nou mayifye apèl m te ba nou a, ak misyon m te mandate nou an.” (Doktrin ak Alyans 88:77–78, 80).

“Lekòl Pwofèt yo,” sa a jan yo te rele l la, te bay yon bèl devèsman espirityèl. Anpil nan premye dirijan yo nan Legliz la te aprann ladan l. Jodi a mond lan se yon kote antyèman diferan, men konsèy Senyè a te bay lè sa a, toujou ekstrèmeman aplikab jodia. Noumenm tou, nou dwe chèche konesans ak verite sou “bagay jan yo ye, ak jan yo te ye, ak jan yo pral vin ye” (Doktrin ak Alyans 93:24).

Yon fi k ap medite sou liv l ap li a

Rechèch Nou pou Verite

Nan peryòd sa a n ap viv la, gen plis konesans ki disponib pou nou pase tout tan anvan. Nan tan lontan, si ou te vle konnen yon bagay, ou te oblije ale nan bibliyotèk la epi chèche l. Jodia entènèt la ak aparèy pòtatif yo bay aksè a enfòmasyon prèske sanlimit nou ka jwenn prèske imedyatman.

Senyè a kontan lè nou byen sèvi avèk resous ki disponib pou nou yo, men li bay konsèy etènèl sa a: “Chèche avèk dilijans epi ansenye youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo; chèche konesans, menm pa etid epi pa lafwa.” (Doktrin ak Alyans 88:118). Li ankouraje nou pou nou aprann konsènan mond alantou nou an (gade Doktrin ak Alyans 88:79; 93:53), men nan rechèch nou pou verite a, nou dwe gade sou Bondye, ki “konprann tout bagay, epi tout bagay devan l, epi l alatèt tout bagay, epi l anndan tout bagay, epi l nan tout bagay; epi li fè tout bagay, epi tout bagay soti nan li” (Doktrin ak Alyans 88:41).

Pami verite Bondye ban nou yo, youn ki pi fondamantal pou lavi nou sou tè a se ke li se Papa nou ki nan Syèl la. Nou se pitit gason ak pitit fi espri Li. Li konnen nou epi Li renmen nou pafètman. Epi antanke pitit lespri li, nou gen yon nati ak destine divin. Konprann ak anbrase verite etènèl sa yo ban nou idantite, valè, ak objektif ki beni ak dirije nou nan lavi premòtèl nou an epi k ap kontinye fè sa kounye a ak pou tout tan.

Moun k ap travèse vwal la

Nou te avèk Papa a nan Kòmansman an

Pandan n ap chèche verite sou bagay yo “jan yo te ye a,” nou dekouvri pawòl sa yo de Sovè nou an, Jezikri: “Epi kounyeya, an verite m di ou, m te nan kòmansman avèk Papa a, epi m se Premyene a,” epi “nou te nan kòmansman an tou avèk Papa a” (Doktrin ak Alyans 93:21, 23).

Anvan lavi nou sou tè a, nou te asiste yon konsèy nan syèl la kote Papa nou ki nan Syèl la te prezante gran plan bonè li a. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke motivasyon Bondye pou plan Li a se pou ban nou “yon privilèj pou nou avanse tankou limenm [ak] … vin egzalte avèk limenm.” Travay li ak glwa li se “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moyiz 1:39

Nou te egzèse libabit nou epi nou te chwazi suiv plan Papa nou ki nan Syèl la. Nou te jwenn benediksyon pou nou fèt nan lavi sa a, kote nou kontinye gen libabit epi nou ka fè eksperyans mòtalite, aprann, ak pwogrese vè lavi etènèl.

Pandan vwayaj mòtèl nou an, n ap jwenn difikilte ak pwoblèm. Men nou pa oblije fè fas ak pwoblèm lavi yo poukont nou. Joseph Smith te anseye ke Papa nou ki nan Syèl la, “Gran Paran linivè a[,] ap veye sou tout fanmi imèn nan avèk swen epi atansyon yon papa.”

Papa nou ki nan Syèl la, “Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an” ap beni nou, leve nou, epi rekonfòte nou “nan tout tribilasyon, pou nou kapab rekonfòte moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm rekonfò nou te resevwa nan men li an.” (2 Korentyen 1:3–4). Kòm yon pati esansyèl nan plan Li a, Papa nou ki nan Syèl la ba nou chemen pou nou retounen al jwenn Li.

Jaden Jetsemani a, nan Izrayèl

Wout pou al Jwenn Papa Nou an

Verite “sou bagay yo jan yo ye reyèlman” a (Jakòb 4:13) klè: nou pa ka atenn tout potansyèl nou antanke pitit Papa nou ki nan Syèl la poukont nou. Jezikri, Premye Pitit Gason Papa a nan lespri a, te fè alyans pou vin Sovè nou ak Redanmtè nou.

Jezikri, “Sèl Pitit Literal Papa a, ki plen lagras ak verite, Espri verite a memm … ki te vini epi ki rete nan lachè, epi ki te rete pami nou.” (Doktrin ak Alyans 93:11). Li te vini pou montre nou chemen pou jwenn bonè, konpreyansyon, ak lajwa nan lavi sa a ak nan letènite a.

“Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Gason Literal li a, pou moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pèdi lavi yo. Okontrè ya va gen lavi ki pap janm fini an.

“Paske Bondye pa voye Pitit Li a sou latè pou kondane lèzòm; men pito pou Li te kapab delivre yo.”(Jan 3:16–17).

Eksperyans terès Sovè a enpòtan. Li “pa t resevwa toutnèt nan kòmansman, men li te resevwa lagras sou lagras” (Doktrin ak Alyans 93:12). Li te grandi jiskaske “li te resevwa yon plenitid laglwa Papa a” ak “tout pouvwa, ni nan syèl la ni sou tè a, ak laglwa Papa a te avèk li, paske li te rete nan li” (Doktrin ak Alyans 93:16–17). Sovè a te anseye:

“M ba nou pawòl sa yo pou nou kapab konprann epi pou nou kapab konnen kòman pou nou adore, epi pou nou konnen kisa nw ap adore, pou nou kapab vin jwenn Papa a nan non mwen, epi lè tan an rive, pou nou resevwa tout bagay.

“Paske si nou respekte kòmandman m yo, n ap resevwa totalite li, epi n ap glorifye nan mwen jan m glorifye nan Papa a; se poutèt sa, m di nou, nou pral resevwa lagras apre lagras” (Doktrin ak Alyans 93:19–20).

Nan Jaden Getsemani an ak sou kwa a, Jezikri te pran fado peche mond lan met sou do Li epi andire tout doulè ak “lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon” (Alma 7:11). Sa te “lakoz [Limenm], … ki pi gran pase tout moun nan, tranble anba doulè, epi senyen nan chak twou swè nan kò Li” (Doktrin ak Alyans 19:18). Se sèlman atravè Jezikri ak Ekspyasyon L lan ke sali ak egzaltasyon posib.

Atravè gras ak sakrifis ekspyatwa a Sovè a, nou ka grandi jiskaske nou resevwa yon plenitid epi nou ka vin pafè yon jou. Si n ap suiv egzanp Sovè a epi obeyi kòmandman Li yo, L ap dirije nou epi gide nou sou wout nou pou nou retounen nan prezans gloriye Papa nou ki nan Syèl la.

tablo Kris la k ap mache sou wout pou ale Jerizalèm nan

Kris la sou wout Jerizalèm, pa Michael Coleman, pa kopye

Èske W Ap Resevwa KadoLi a?

Pami verite “sou bagay yo jan yo pral ye reyèlman” (Jakòb 4:13), nou aprann ke eksperyans nou nan letènite ap detèmine pa chwa nou pou suiv Jezikri epi resevwa kado Li ofri yo. Ekriti yo anseye ke n ap “jwi sa [nou] dispoze resevwa.” Malerezman, gen kèk moun ki p ap “dispoze jwi sa yo te kapab resevwa” (Doktrin ak Alyans 88:32).

Prezidan misyon mwen an, Èldè Marion D. Hanks (1921-2011), ki te sèvi kòm Swasanndis Otorite Jeneral, te anseye misyonè li yo ke mande sa nou dispoze resevwa ak jwi se yon fason nou ka jije ki kote nou ye nan vwayaj espirityèl nou an. Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon kado, epi li pa resevwa kado a? Lè nou resevwa kado Sovè a pandan n ap chèche l epi suiv li, n ap rejwi nan espwa lavi etènèl ak “nan moun ki bay kado [sa a]” (Doktrin ak Alyans 88:33). Kado sa a ki te bay ak lanmou “se pi gwo nan tout kado Bondye yo” (Doktrin ak Alyans 14:7).

Bondye se Papa nou ki nan Syèl la. Li konnen nou epi li renmen nou. Lè nou vire gade Li nan rechèch laverite nou an, n ap resevwa entèlijans, resevwa sajès, anbrase laverite, renmen vèti, epi resevwa limyè ki soti nan Li (gade Doktrin ak Alyans 88:40). Lè sa a, n ap kontinye pandan tout lavi nou jiskaske “jou a ap vini kote [nou] pral konprann menm Bondye, paske nap vivifye nan li epi akoz li” (Doktrin ak Alyans 88:49).

Se pral yon jou ki pi gloriye ak plen lajwa.

Remak

  1. Enseignements des Présidents de l’Église: Joseph Smith (2011), 210, Librairie de l’Evangile.

  2. Enseignements: Joseph Smith, 39.