Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Out 2025
Kiyès Bondye pa ye
5 Verite konsènan Papa nou ki nan Syèl la
Nou ka aprann anpil bagay konsènan kiyès Bondye ye lè nou konprann kiyès Li pa ye.
Ilistrasyon pa Camila Gray
Youn nan pi gwo benediksyon Retablisman an sèke Bondye te revele tèt li ak karaktè li ankò kòm yon Papa eman ki nan Syèl la. Men, pafwa nou gen panse oswa ide konsènan Bondye ki tou senpleman pa vre. Lè sa rive, nou ka aprann anpil bagay sou kiyès Bondye ye nan konprann kiyès Li pa ye.
Bondye pa yon moun nou pa abitye ki sou yon twòn lwen, trè lwen.
Li se Papa nou, pi mèveye pase menm pi bon papa ki sou tè a nou ta ka imajine. Malgre ke nou pa ka sonje lavi premòtèl nou avèk Li, Li konnen nou endividyèlman epi pafètman. Li gen yon kò pafè an chè ak zo, epi nou nan imaj Li.
Si n ap lite pou imajine a kisa Bondye sanble, gen yon egzanp pafè: Pitit Gason Li a, Jezikri. Kris la te di, “Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase pa mwen. Si nou konnen m, nou konnen Papa m tou.” (Jan 14:6–7). Sa vle di, si nou vle konnen a kisa Papa nou ki nan Syèl la sanble, nou ka aprann konsènan sa Jezikri sanble! Yo ini pafètman nan objektif.
Bondye se pa yon moun ki twò okipe pou ou.
An reyalite, ede ou gen lavi etènèl se travay Li ak laglwa Li. Ou se fokis #1 Li! Li pa mare avèk tan an menmjan avèk nou. Adrese Li nan lapriyè nenpòt ki lè. Apresa koute plizyè fason Li reponn yo.
Bondye se pa yon moun k ap fòse ou suiv Li.
Eldè Dale G. Renlund nan Kolèj Douz Apot yo te anseye yon fwa, “Bi Pè Selès la kòm paran se pa pou pitit Li yo fè sa ki byen; men se pou pitit Li yo chwazi pou fè sa ki byen epi finalman vin menmjan avèk Li.” L ap envite ou, fè konsèy avèk ou, epi anseye ou verite a, men li pap retire libabit ou nan fòse w suiv Li.
Bondye se pa yon moun ki ap eseye kenbe ou k ap fè yon bagay mal pou Li ka pini ou.
Okontrè, jan Èldè Patrick Kearon nan Kolèj Douz Apot yo di a, “Bondye ap pousuiv ou sanrete,” sa vledi Li pap janm abandone nan eseye ede w retounen vin jwenn Li. Li konnen nou tout gen pou nou tou natirèlman fè fas ak bagay ki difisil lè nou fè erè. Konsa, Li ba nou yon mwayen pou nou pwòpte anba peche epi jwenn fòs atravè Ekspyasyon Pitit Gason Li a.
Bondye se pa yon moun k ap tann pou ou “sifi” oswa “pafè” anvan Li renmen ou.
Amou Li pou ou enfini. Li renmen ou kounyea, osi enpafè ke w ye a! Prezidan Jeffrey R. Holland, Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo, bay yon klarifikasyon puisan konsènan verite sa a: “‘Vini jan ou ye a,’ yon Papa eman di nou chak, men Li ajoute, ‘Pa planifye pou w rete jan ou ye a.’ Nou souri epi nou sonje ke Bondye detèmine pou L fè nou vin plis pase sa nou te panse nou ta ka ye.” Avèk lanmou ak ankourajman pafè, Papa nou ki nan Syèl la ap eseye ede ou vin menmjan avèk Limenm epi resevwa tout sa Li genyen, yon etap alafwa.
Kiyès Bondye YE
Pi bon fason pou nou ka aprann konnen Papa nou ki nan Syèl la se toujou kontinye ap fè eksperyans avèk Li Kijan? Aprann konsènan Li ak Pitit Gason l lan nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo. Priye li. Respekte kòmandman Li yo. Pase moman trankil, pèsonèl ap adore Li nan legliz la, nan tanp la, ak nan lòt kote ki sen. Fè epi respekte alyans avèk Li. Li ap ede w konnen kiyès Li ye ak fason Li santi l konsènan ou.
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, Out 2024.Haitian. 19616 036