2025
Kouman m ka konnen mwen vrèman repanti epi m jwenn padon?
Jen 2025


Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Jen 2025

Kouman m ka konnen mwen vrèman repanti epi m jwenn padon?

jèn fi k ap priye

Coming Full Circle, pa Jenedy Page

Senyè a te di: “Yon moun ki repanti nan peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò.

“Men jan n ap konnen si yon moun repanti nan peche li yo—gade, l ap konfese yo epi l ap abandone yo” (Doktrin ak Alyans 58:42–43).

Atravè repantans sensè, nou ka resevwa padon. “Lè w santi rekonfò Sentespri a, ou ka konnen ke pouvwa ekspyatwa Sovè a ap travay nan lavi ou.” Men, si nou tonbe ankò, nou ka repanti ankò, jwenn padon, epi kontinye ap eseye.

Anplis de sa, Èldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Satan ap eseye fè nou kwè peche nou yo pa jwenn padon paske nou ka sonje yo. Satan se yon mantè. … Bondye pa t pwomèt ke nou pa t ap sonje peche nou yo. Sonje ap ede nou evite fè menm erè yo ankò. Men, si nou rete sensè ak fidèl, souvni peche nou yo ap diminye avèk letan.”