2025
Bati Tanp Kirtland nan
Jen 2025


Mesaj Mansyèl Zanmi, Jen 2025

Bati Tanp Kirtland nan

Joseph Smith ak lòt moun kap gade yon tè

Senyè a te di Joseph Smith ke li te lè pou l te konstwi yon tanp nan Kirtland, Ohio, Etazini. Li ta pral yon kote espesyal kote Senyè a te pral vizite pèp Li a epi fè pwomès avèk yo.

Moun k ap kòmanse bati Tanp Kirtland nan

Sen yo te kòmanse konstwi tanp lan. Li te koute anpil lajan e li te mande anpil travay. Men, yo te kontan pou yo te resevwa benediksyon Senyè a.

Moun k ap priye ak travayè ki tou pre

Pandan Sen yo t ap travay nan tanp lan, yo te kòmanse manke lajan. Yo te priye Bondye pou ede yo.

Yon fi nan yon charyo k ap gade tanp Kirtland la ki poko fin bati

Yon dam ki te rele Caroline Tippets ak fanmi li te ekonomize anpil lajan. Yo te pèmèt Legliz la prete lajan an pou ede bati tanp lan.

Timoun k ap kolekte vè nan panye devan tanp Kirtland la ki potko fin bati

Sen yo te travay di. Kèk te kondui charyo ranpli ak wòch. Lòt te fè rad ak manje pou travayè yo.

Timoun yo te ranmase moso vè kase pou moulen yo epi mete yo sou mi tanp lan pou yo te ka klere nan limyè solèy la.

Moun kap gade tanp Kirtland lan ki fini

Yon ti tan apre, tanp lan te fini! Sen yo te kontan pou yo te antre nan kay Senyè a pou resevwa benediksyon Li te pwomèt yo a.

Paj pou Kolorye

Senyè a konnen Kimoun Mwen Ye epi Li Renmen Mwen.

Alt text

Ilistrasyon pa Corey Egbert

Trase figi ou nan oval la. Kijan w fè konnen Jezikri renmen ou?