2025
Joseph Smith Resevwa Plak Lò yo
Fevriye 2025


“Joseph Smith resevwa ak Plak Lò yo,” Zanmi, Fevriye 2025, 42–44

“Mwen Kapab Vin yon Temwen Ke Liv Mòmon an Vrè,” Zanmi, Fevriye 2025, 48.

Mesaj Zanmi, Mansyèl, Fevriye 2025

Joseph Smith Resevwa Plak Lò yo

Ou ka li istwa sa a nan Joseph Smith—Istwa 1:28–60.

Joseph Smith ap gade nan fenèt la

Twa ane apre Premye Vizyon an, Joseph Smith te santi l malalèz pou kèk erè li te fè. Li te priye Papa nou ki nan Syèl la konsènan sa.

Joseph Smith ajenou nan lapriyè

Pandan Joseph t ap priye, limyè te ranpli chanm nan. Li te wè yon zanj ki kanpe nan lè a. Non zanj lan se te Mowoni.

Zanj Mowoni vizite Joseph Smith nan chanm li

Mowoni te di ke te gen yon liv ki te fèt avèk paj, oubyen plak lò. Yo te antere l nan yon ti mòn toupre kay Joseph la. Liv la sete konsènan moun ki t ap viv nan peyi Amerik la sa te gen lontan. Mowoni te di Bondye t ap ede Joseph tradui liv la.

Joseph Smith ap gade anba nan twou a pou wè plak lò yo

Joseph te ale sou kolin nan epi li te jwenn plak lò yo anba yon wòch lou. Mowoni te vini epi li te di Joseph pa t ko pare pou l te pran yo.

Zanj Mowoni ap pale avèk Joseph Smith

Lè Joseph te pi gran, Mowoni te rankontre li sou ti mòn nan epi te ba l plak yo. Mowoni te di Joseph pou l te kenbe yo an sekirite.

Joseph Smith ap pale avèk yon fanmi

Joseph te kòmanse tradui plak yo an Anglè. Li te itilize zouti espesyal Bondye te prepare pou ede li. Liv la te pibliye nan lane 1830 kòm Liv Mòmon an. Liv la anseye konsènan Jezikri ak levanjil Li a.

Paj pou Kolore

Mwen Ka Vin yon Temwen Ke Liv Mòmon an Vrè.

Paj pou kolere sou ti fi ki anbrase Liv Mòmon an

Ilistrasyon Corey Egbert

Kijan ou ka ede lòt moun aprann konnen Jezikri nan Liv Mòmon an?