2025
Èd ki soti nan yon Sous Pafè
Fevriye 2025


Mesaj Pou Fòs Jèn yo Mansyèl, Fevriye 2025

Èd ki soti nan yon Sous Pafè

Kèlkeswa lit ou angaje ladan, Jezikri ap ede ou lè w vire jwenn Li.

Jezikri

Modèl la, pa Jeanette Bourup

Nan yon lè oswa yon lòt, nou tout bezwen yon ti èd. Pafwa yon gwo kantite èd. Verite a sèke, lavi anjeneral mache vrèman pi byen lè nou pa eseye mache poukont nou.

Jezikri se sous pafè èd, espwa, ak fòs ou. Li ka ede chanje ou tou pou vin pi bon—petèt menm nan fason ou pa t panse ki te posib.

Yon Chanjman Kè

Èske w konn janm priye Bondye pou l adousi kè ènmi w yo? Si se sa, ou nan bon konpayi (gade 3 Nefi 12:44; Mowoni 7:48). Menm si ou pa gen lènmi nan menm sans ak nan liv Mòmon an (ou konnen, lènmi ki ame ak zam epi pare pou atake), ou siman konn priye pou Bondye ta adousi kè yon moun ki pa trete w avèk jantiyès.

Men èske w janm panse pou w priye epi mande Bondye pou l adousi kè ou ? Petèt ou gen difikilte pou w padone yon moun. Oubyen ou kontinye pèdi kontwòl ou, menm lè ou pa vle. Oubyen ou vle santi plis jantiyès anvè frè ak sè w yo malgre lefèt ke yo anmède ou pafwa.

“[Jezikri] ap change kè ou ak lavi ou. Tikras pa tikras, w ap pwogrese epi w ap vin pi plis menmjan avèk Li. Koneksyon alyans ou avèk Li a ap pote pou ou pi gwo aksè nan pouvwa Li“ (Pou fòs jèn yo: Yon gid pou fè Chwa [2022], 8, anfaz ajoute).

Èske sa se pa yon gwo pwomès? Kèlkeswa sa w ap lite avèk li, menm pwòp kè ou, Jezikri ka ede. Kijan ou ka vire gade Li jodia?

yon tigason