2025
“M ap Geri Yo”
Fevriye 2025


“M ap Geri Yo,” Lyawona, Fev. 2025.

Mesaj Lyawona Mansyèl, Fevriye 2025

M ap Geri Yo

Ministè gerizon Sovè a se yon prelid ak pwomès diven sou gerizon fizik ak emosyoneriz ki pral vin jwenn nou chak nan Rezirèksyon an.

Imaj videyo biblik Jezi ki ap konsole yon fi

Mwen toujou sonje klèman kèk nan vòl long ke mwen te fè pandan lavi pwofesyonèl mwen kòm yon kapitèn avyon.

Nan youn nan yo, mwen te derape kite Almay a 11:00 a.m. epi pou m te ateri nan Kalifòni a 1:00 p.m. nan menm jou a. Konpare lè depa lokal la ak lè arive a, li ta ka sanble ke yon vòl atravè Oseyan Atlantik la ak kontinan Amerik di Nò te pran sèlman dezèdtan. Boeing 747 la te rapid se vre, men pa rapid konsa! An reyalite, sa te pran nou anviwon 11 èdtan, selon van an, pou nou te vwayaje sou yon distans 5,600 miles (9 000 kilomèt).

Paske nou t ap vole nan lwès, solèy la pa t janm kouche pandan vòl nou an. Nou te renmen limyè jounen klè a sou tout wout la soti nan Almay rive Kalifòni.

solèy kouche anwo nyaj yo

Sepandan, retounen nan Almay, sete yon istwa totaman diferan. Menm lè nou te derape byen bonè nan apremidi, lè nou t ap vwayaje direksyon lès, solèy la te kouche pi rapidman ke l t ap fè nòmalman, e anvan nou te reyalize sa, lannuit te kouvri nou.

Pandan vòl long sa yo, souvan nanm mwen te konn ranpli avèk admirasyon pandan m t ap medite sou bote tè sa a ak lòd kreyasyon Bondye a. Menm pandan vòl nan mitan lannuit, nan fènwa konplè, mwen te konnen avèk sètitid ke solèy la ta pral leve ankò, limyè briyan sa a ta pral retounen epi pote chalè ak lavi nan yon nouvo jou anvan fen vwayaj nou an. Sikonstans vòl mwen yo ta ka fè l sanble tankou solèy la t ap kouche pi dousman oswa pi vit, men mwen te konnen ke solèy la te rete konstan, fèm, ak fyab nan syèl la.

lalin anwo nyaj yo

Mwen santi menm bagay la konsènan Bondye. Paske mwen gen yon sètitid pwofondeman ankre nan sajès ak objektif Bondye pou tout kreyasyon Li yo, mwen ka santi espwa kè kontan ak lapè dirab lè mwen panse sou egzistans nou nan mòtalite a. Nou se pitit Bondye. Li renmen nou. Li konnen sitiyasyon nou. Li pare pou ede. Verite sa yo pa p chanje, menm lè lòt bagay ki antoure nou yo sanble yo enstab e enprevizib.

Nou tout fè eksperyans moman fènwa, lapenn, ak ensètidid ki menase lapè nou. Ala m rekonesan pou sous vyab ak sensè verite ak limyè a (gade Doktrin ak Alyans 88:6–11). Jezikri se limyè ak lavi mond lan. Gras avèk Li ak sakrifis ekspyatwa Li a, nou gen espwa pou lavni, aksè a limyè diven pou klere jou fènwa yo nan vwayaj nou an, ak pwomès viktwa final la sou peche ak lanmò.

“Li Renmen Mond Lan”

Jezikri sete sèl moun pafè ki te janm mache sou tè a. Akoz lavi pafè Li a, Li pa t gen okenn dèt pou lajistis. Atravè lanmou Li pou nou, Li te bay lavi Li pou nou chak endividyèlman ak pou tout pitit Bondye yo kolektivman pou ouvri pòt pou imòtalite ak lavi etènèl.

Malgre sa Satan vle fè nou kwè, okenn nan nou pa depase kapasite Sovè a pou l pote nou sekou. Pa gen youn nan nou ki diskalifye anba gras pou padon an. Okenn nan nou pa depase kote pou n “anviwonnen etènèlman nan bra lanmou li” (2 Nefi 1:15).

Pi gwo nan tout kado sa yo soti nan pouvwa abilitan ak redanmtè Ekspyasyon Jezikri a. Akoz soufrans Sovè a nan Jetsemane ak sou Golgota a, Li konnen kijan pou sove nou anba epi ede nou atravè nenpòt ak tout enfimite nou yo (gade Alma 7:12).

“Li pa fè anyen si se pa pou benefis mond lan; paske li renmen mond lan tèlman, li bay lavi pa l pou l kapab atire tout moun sou li” 2 Nefi 26:24.

Jezikri se fòs nou!

Li lonje men.

Li retabli.

Li delivre.

“Lè Sovè a [te fè sakrifis ekspyatwa Li a] Li a] pou tout limanite, Li te ouvri yon wout pou moun ki suiv Li yo ka gen aksè a pouvwa gerizon, fòtifyan, ak redanmtè Li a,” se sa Prezidan Russel M. Nelson te di.

Pouvwa sa a, tankou solèy la, toujou la. Li pa janm bwonche. Chwa pou nou suiv tras Sovè a se tankou mache soti nan lonbraj epi antre nan limyè solèy la, kote nou ka resevwa benediksyon limyè, chalè, ak lanmou Bondye. Mwen konnen ke yon jou, nou pral gade dèyè epi n ap ranpli ak rekonesans paske nou te pran desizyon etènèlman enpòtan pou nou mete konfyans nou nan Jezikri ak lanmou diven Li pou edifye ak fòtifye nou an.

”Retounen vin jwenn Mwen”

Liv Mòmon an pale de yon pèp ki te pase twa jou nan fènwa ki pi pwofon an apre Krisifiksyon Sovè a. Fènwa fizik ki te antoure yo a ta kapab senbolize fènwa espirityèl nou tout fè eksperyans akoz peche a. Apresa, moun yo te tande vwa Kris la ki te envite yo pou yo te soti nan fènwa a epi antre nan limyè Li a:

“Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, e repanti pou peche nou yo, konvèti pou m kapab geri nou?” 3 Nefi 9:13).

“Ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis” (3 Nefi 9:19–20).

“Repanti epi retounen vin jwenn mwen avèk tout objektif kè” (3 Nefi 10:6).

Sovè a ofri menm envitasyon sa yo jodia lè nou twouve nou pèdi nan fènwa. Menmjan chak solèy leve make kòmansman yon nouvo jou a, chak fwa nou repanti, nou resevwa yon nouvo depa, yon nouvo kòmansman briyan.

Sa pa vledi li fasil. Repantans vledi chanjman, epi chanjman pa rive rapid. Byenke l jwaye, repantans gen ladan l “tristès selon bondye” tou (2 Korentyen 7:10). Sa mande pou nou admèt ak konfese move aksyon nou yo, mande Bondye ak moun nou ka te fè mal yo padon. Pi enpòtan nan tout, sa mande pou nou chèche “Lespri Senyè Omnipotan an,” pou nou ka fè eksperyans “yon chanjman puisan nan … kè nou, pou nou pa gen dispozisyon ankò pou nou fè sa ki mal, men pou nou fè byen tout tan” (Mozya 5:2).

Kalite chanjman sa a se yon vwayaj long, men pi vit ou fè premye pa a, se pi vit “jou delivrans ou” kòmanse, epi “imedyatman pral gwo plan redanmsyon an ap akonpli pou ou” (Alma 34:31).

Atravè repantans sensè nou, Bondye pwomèt pou L padone epi pou L pa sonje peche nou yo ankò. Lè nou gen difikilte pou nou bliye peche nou yo, annou fè efò pou nou mete konfyans nou nan pwomès Senyè a pou padone a epi aprann padone lòt moun ak tèt nou.

“Lespri nou domaje lè nou fè erè ak komèt peche,” jan Prezidan Boyd K. Packer te anseye (1924–2015). “Men, kontrèman a kò mòtèl nou, lè pwosesis repantans la fin konplè, pa gen okenn sikatris ki rete gras ak Ekspyasyon Jezikri a.”

tablo Jezi k ap geri yon mesye avèg

Geri Mesye Avèg la,, Tablo Carl Heinrich Bloch

“Mennen Yo Vini”

Sovè a se Mèt Gerisè a. Youn nan pi bèl demonstrasyon sou pouvwa gerizon Li se nan Liv Mòmon an, nan istwa ministè pèsonèl Li nan ansyen Amerik la:

“Èske gen moun ki malad nan mitan nou?” Li te mande. “Mennen yo vini. Èske gen moun ki paralize, oubyen avèg, oubyen bwate, oubyen domaje, oubyen lepre, oubyen ki vyeyi, oubyen ki soud, oubyen ki aflije nan nenpòt fason? Mennen yo vini e m ap geri yo, paske m gen konpasyon pou nou; zantray mwen chaje avèk mizèrikòd. …

“Epi, se te konsa, lè l te fin pale konsa, tout foul la, ansanm, te vini avèk malad yo, ak moun aflije yo, ak moun domaje yo, ak avèg yo, ak bèbè yo, epi ak tout moun yo ki aflije nan nenpòt fason; e li te geri yo youn apre lòt pandan yo te mennen yo ba li a” (3 Nephi 17:7, 9).

Chak fwa Sovè a te geri nenpòt moun ki “aflije nan nenpòt fason,” alafwa anvan ak apre Rezirèksyon Li, se te yon temwayaj pou pouvwa final Li pou geri nanm nou. Chak gerizon mirakile sete vrèman yon prelid ak pwomès sou gerizon fizik ak emosyonèl ki pral vin jwenn nou chak nan Rezirèksyon an, ki “se aksyon gerizon siprèm Senyè a.”

Se vre ke priyè nou pou gerizon yo nan lavi sa a pa toujou reponn nan fason nou espere, men yo pa janm inyore. Lè pou gerizon an ap vini, menm jan fènwa lannuit toujou louvri wout—nan bon moman an—pou solèy gloriye a leve.

Jan Prezidan Nelson te temwaye: “Lafwa nou pa janm pa jwenn apresyasyon. Mwen konnen ke pèspektiv sou yon Pè Selès plen sajès pi gran pase pa nou. Pandan n ap rankontre pwoblèm ak soufrans mòtalite nou yo, Limenm Li konnen pwogresyon ak potansyèl imòtèl nou. Si nou priye pou n konn volonte Li epi soumèt tèt nou avèk pasyans ak kouraj, gerizon selès ka vini nan fason pa Li ak nan tan pa Li,”

Resaman madanm mwen, Harriet, avèk mwen te enkli nan priyè nou yon esperans ak siplikasyon espesyal an favè kèk moun nou renmen. Nou te priye pou ekip swen sante yo t ap jwenn kapasite espesyal pou geri maladi yo. Nou te jwenn enpresyon pou nou te ajoute ke menmsi yon gerizon oswa rekiperasyon imedyat pa ta ka fèt, pouvwa gerizon Sovè a ta ka pote rekonfò ak lapè. Efè gerizon pouvwa redanmtè Sovè a ka gen yon pi gwo enpak sou sante emosyonèl, espirityèl, e menm fizik nou pase nenpòt gerizon terès nou ka resevwa. Jezikri se Gerisè a nan lavi sa a ak nan letènite.

Frè m ak sè m yo, chè zanmi m yo, mwen temwaye ke mizèrikòd Sovè nou an ase pou geri blesi nou yo, netwaye nou anba peche, fòtifye nou nan eprèv k ap vini yo, epi beni nou avèk espwa, sajès, ak lapè Li. Pouvwa li toujou la—konstan ak fyab—menm lè, pou yon moman, nou santi anmou, limyè, ak chalè Li lwen nou.

Mwen priye nou pa janm pèdi sans admirasyon nou ak rekonesans pwofon nou pou tout sa Jezikri te fè pou nou. Tanpri konnen ke Li renmen ou pafètman, epi sonje sa Li te pwomèt ou etènèlman.

“Se pou Bondye akòde ke chay ou yo kapab vin lejè, atravè lajwa Pitit li a,” Jezikri (Alma 33:23).

Remak

  1. Russell M. Nelson, “Pouvwa Elan Spitiryèl laLiahona, Me 2022, 100.

  2. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Ou ka fè li kounye a!Liahona, Nov. 2013, 57.

  3. Boyd K. Packer, “Plan Bonè a,” Liahona,, Me 2015, 28.

  4. Russell M. Nelson, “Jezikri—Mèt Gerisè a,” Liahona,, Nov. 2005, 87.

  5. Russell M. Nelson, “Jezikri — Mèt Gerisè a,” 86.