Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2013
Responsablite nou pote sekou
Pou Sen Dènye Jou yo, bezwen pou pote sekou bay frè nou ak sè nou yo ki, pou yon rezon kèlkonk, egare soti nan chemen aktivite nan legliz la gen siyifikasyon etènèl. Èske nou konnen kèk moun konsa, ki te anbrase levanjil la yon fwa deja? Si wi, ki responsablite nou genyen pou pote yo sekou?
Panse avèk moun ki pèdi yo nan pami moun aje yo, vèv yo, ak malad yo. Twò souvan nou jwenn yo nan dezè arid ak dezole izolasyon yo rele solitid la. Lè jèn yo fin ale, lè sante bese, lè vigè febli, lè limyè lespwa bese anpil, yo kapab resevwa sekou ak soutyen nan men moun ki ap ede ak kè ki konnen sa k rele konpasyon.
Natirèlman, gen lòt moun ki bezwen sekou tou. Gen moun k ap lite anba peche pandan ke gen lòt k ap ere nan laperèz oswa endiferans oswa inyorans. Pou kèlkeswa rezon an, yo izole tèt yo de aktivite nan Legliz la. Epi se sèten y ap prèske rete pèdi si andedan nou menm—manm aktif yo nan legliz la—pa gen yon dezi ki reveye andedan nou pou pote yo sekou ak pou sove yo.
Yon moun pou n montre chemen an
Sa pa gen lontan, m te resevwa yon lèt ki te ekri pa yon mesye ki te kite legliz la. Li reprezante anpil nan nou menm, manm yo. Lè l te fin dekri kijan li te fè vin inaktif la, li te ekri:
“M te gen sitèlman anpil e kounyeya mwen prèske pa gen anyen. Mwen malere e m santi kòmsi m ap echwe nan tout bagay. Levanjil la pa janm kite kè mwen, menmsi li kite lavi mwen. M ap mande pou nou priye pou mwen.
“Tanpri pa bliye nou menm ki deyò yo isit la—Sen Dènye Jou ki pèdi yo. Mwen konnen ki kote legliz la ye, men pafwa, m panse m bezwen yon lòt moun pou montre m chemen an, pou ankouraje mwen, pou retire krent mwen, ak rann mwen temwayaj.”
Pandan m t ap li lèt sa a, m te panse ak yon vizit m te fè nan youn nan gwo mize atistik yo nan mond lan—Mize Atistik renome Victoria ak Albert la nan Londres, an Angletè. Nan kote sa a, ankadre byen bèl, gen yon tablo ki te penn an 1831 pa Joseph Mallord William Turner. Tablo a montre gwo nyaj tou nwa ak vyolans yon lanmè ajite ki anonse danje ak lanmò. Yon limyè ki soti nan yon bato ki echwe ap briye byen lwen. Nan premye plan, gen yon gwo bato sovtaj, k ap souke byen fò anba vag dlo dechennen. Mesye yo ap rale ak tout fòs sou ràm yo pandan bato sovtaj la ap plonje nan tanpèt la. Bò rivaj la, gen yon madanm ak de pitit ki kanpe, mouye anba lapli, ak van k ap frape yo. Y ap gade lanmè a avèk enkyetid. Nan lespri pa m, mwen abreje non tablo sa a. Pou mwen menm li te vin tounen Pote sekou
Nan mitan difikilte lavi yo, gen danje ki tou pre. Gason ak fi, tigason ak tifi, twouve yo bloke e yo anfas destriksyon. Kiyès ki pral gide bato sovtaj la, pou pati kite konfò lakay yo ak fanmi yo, pou al pote yo sekou?
Tach nou an pa enposib. Se nan travay Senyè a nou ye; nou gen dwa ak èd li.
Pandan ministè Mèt la, li te aple pechè pwason nan Galile yo pou yo te kite filè yo pou yo te vin suiv li, li te deklare yo: “M ap fè nou tounen pechè moun pito.” Se pou nou rantre nan ran pechè gason ak pechè fi sa yo, pou nou ka pote kèlkeswa sa nou kapab la pou yo.
Devwa nou se lonje lamen pou nou pote sekou bay moun ki ale kite sekirite aktivite yo, pou nou kapab mennen yo vin sou tab Senyè a pou fè festen avèk li, pou jwi konpayi Lespri li, epi pou yo “pa etranje ankò, ni moun ki depasaj, men pou yo se sitwayen avèk sen yo, moun kay Bondye.”
Prensip lanmou an
Mwen twouve ke gen de rezon fondamantal ki grandman jistifye ke yon moun retounen aktif ak pou chanje atitid, abiman, ak aksyon. Premyèman, moun yo retounen paske yon moun montre yo posiblite etènèl yo e ede yo deside pou yo atenn posiblite sa yo. Moun inaktif yo pa kapab kontante yo avèk medyokrite ankò lè yo fin wè ke ekselans alapòte yo.
Dezyèmman, gen lòt moun ki retounen paske kèk fanmi oswa “zanmi pami sen yo” suiv konsèy Sovè a, pou renmen pwochen yo tankou tèt pa yo a, epi yo ede lòt moun akonpli rèv ak anbisyon yo fè yo vin reyalize yo.
Sa ki te pouse yo nan pwosesis sa a sete—e sa ap toujou rete—prensip lanmou an.
Nan yon sans trè reyèl, moun sa yo ki bloke nan lanmè ajite tanpèt ki nan tablo Turner la menmjan avèk manm inaktif nou yo ki ap tann moun k ap gide bato sovtaj la vin pote yo sekou. Kèk nan yo anvi jwenn èd. Manman ak papa ap priye pou pitit gason yo ak pitit fi yo. Madanm ap sipliye syèl la pou mari yo ka santi yo atenn. Pafwa timoun ap priye pou paran yo.
Priyè mwen se pou nou gen yon dezi pou pote sekou bay inaktif yo pou mennen yo retounen vin nan lajwa levanjil Jezikri a, pou yo ka pataje, avèk nou, tout sa nou gen pou n ofri nan asosyasyon nou avèk yo.
Se pou nou lonje lamen pou pote sekou bay moun ki santi yo pèdi ki antoure nou yo: granmoun, vèv, moun malad, moun ki andikape, inaktif, ak moun ki pap respekte kòmandman yo. Se pou nou lonje ba yo yon men k ap ede ak yon kè ki konnen sa k rele konpasyon. Si nou fè sa, n ap pote lajwa nan kè yo, e n ap vin aprann bèl satisfaksyon ki genyen nan youn ede lòt toutolon chemen ki mennen nan lavi etènèl la.
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/13. Apwobasyon tradiksyon: 6/13. Tradiksyon First Presidency Message, October 2013. Haitian 10670 036
Ansèyman nan Mesaj Sa a
Panse pou mande moun w ap vizite yo si yo konnen yon moun ki ap lite pou vini legliz la. Ou gen dwa chwazi yon moun e diskite sou fason pou montre lanmou, tankou envite li pou l patisipe nan yon sware familyal oubyen pou vin manje avèk ou.