Mesaj Vizit nan fwaye
Misyon divin Jezikri: Kreyatè
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.
Jezikri te “kreye syèl yo ak tè a” (3 Nefi 9:15). Li te fè sa pa pouvwa prètriz la, sou direksyon Papa nou ki nan Syèl la (gade Moyiz 1:33).
Prezidan Thomas S. Monson di: “Ala nou dwe rekonesan dèske yon Kreyatè plen sajès te prepare yon tè epi l te mete nou ladan … pou nou kapab pase yon tan mizaleprèv, pou nou gen posiblite pou nou fè prèv nou pou nou ka kalifye pou n resevwa tout sa Bondye prepare pou nou.” Lè nou itilize libabit nou pou nou obeyi kòmandman Bondye yo epi nou repanti, nou vin diy pou n retounen al viv avèk li.
Konsènan Kreyasyon an, Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, te di:
“Nou se rezon ki fè L kreye inivè a! …
“Sa se yon mistè pou lòm: konpare avèk Bondye, lòm pa anyen; men nou se tout bagay pou Bondye.” Lè nou konnen ke Jezikri te kreye tè a pou nou paske nou reprezante tout bagay pou Papa nou ki nan syèl la, sa kapab ede nou ogmante lanmou nou pou yo.
Nan Ekriti yo
Jan 1:3; Ebre 1:1–2; Mozya 3:8; Moyiz 1:30–33, 35–39; Abraram 3:24–25
Nan Istwa Nou
Nou kreye dapre imaj Bondye (gade Moyiz 2:26–27), epi nou gen potansyèl divin. Pwofèt Joseph Smith te konseye sè yo nan Sosyete Sekou a pou yo “viv alawotè privilèj [yo].” Avèk ankourajman sa a kòm yon fondasyon, yo anseye sè yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou yo viv alawotè potansyèl divin yo nan akonpli objektif Bondye genyen pou yo. “Lè yo vin konprann kiyès yo reyèlman ye—pitit fi Bondye, ki gen yon kapasite andedan yo pou renmen ak nouri—yo atenn potansyèl yo kòm fi ki sen.”
Pwofèt Joseph Smith di: “Kounyeya nou plase nan yon sitiyasyon kote nou ka aji selon santiman sa yo Bondye plante andedan nou yo.” “Si nou viv selon prensip sa yo ala sa ap gran ak gloriye!—si nou viv selon privilèj nou, yo pap ka anpeche zanj yo vin asosye avèk nou.”
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/13. Apwobasyon tradiksyon: 6/13. Tradiksyon Visiting Teaching Message, October 2013. Haitian 10670 036
Kisa M Ka Fè?
-
Nan ki fason chèche konprann nati divin nou ogmante lanmou nou pou Sovè a?
-
Nan ki fason nou ka montre rekonesans nou pou kreyasyon Bondye yo?