2013
Kado Jen nan
oktòb 2013


Jèn yo

Kado Jen nan

Otè a ap viv nan Uta, nan Etazini.

Mwen te fè yon seri move chwa nan dezyèm ane m nan lekòl segondè. Chwa sa yo te mennen konsekans grav ak mizè, e m te deside pou m te itilize vakans ete a pou m te kòmanse fè kèk chanjman. Lè lekòl te rekòmanse, mwen te konn manje nan yon twalèt oswa nan koulwa vid pou m te ka evite move relasyon ki t ap tann pou akeyi m ankò yo.

Mwen pa t janm santi m poukont mwen.

Bondye te ba n m yon kado: Li te voye Jen ban mwen. Jen pa t janm jije m pou erè m yo men li te toujou ankouraje m pou m kontinye avanse nan bon direksyon. Lefèt ke m te konnen li te la nan lekòl la te ede m kontinye li ekriti yo ak nouri temwayaj mwen. Rive nan lè pou nou te gradye, mwen te vin pwouve tèt mwen ke m te pran angajman pou m te chanje.

Pafwa m konn mande tèt mwen ki kote m t ap ye jodia si Jen pa t lonje lamen ban mwen. Èske m t ap rete kole nan prensip mwen yo san li menm? Erezman, mwen pap janm konnen paske li te la avèk tout kè li, pare e dispoze pou te ede mwen.