2013
Sen pou tout sezon
septanm 2013


Mesaj Premye Prezidans, Septanm 2013

Sen pou tout sezon

Prezidan Dieter F. Uchtdorf

Mwen gen souvni danfans sou yon pati nan mond lan ki ta ka sèvi kòm kat postal pou tout kat sezon yo nan ane a. Chak mwa ki te pase te bèl ak ekstraòdinè. Pandan yon jou ivè pafè, bèl nèj pafè te konn fè mòn yo ak ri yo nan vil la tou blan. Prentan te pote lapli ki te netwaye tout bagay ak bèl eksplozyon tout bagay koulè vèt yo. Bèl solèy te klere nan syèl ble, trankil la an ete. Epi lotòn espektakilè a te transfòme lanati fè l vin tounen bèl koulè oranj, jòn, ak wouj. Lè m te piti, mwen te renmen chak sezon, e jiska jodia, mwen renmen karaktè patikilye yo chak.

Nou gen sezon nan lavi nou tou. Genyen ki plen chalè e ki plezan. Gen lòt ki pa konsa. Gen kèk jou nan lavi nou ki osi bèl ke foto nan yon kalandriye. Men gen de jou ak sikonstans ki pote chagren e ki ka pote pwofon santiman dezespwa, mekontantman, ak amètim antre nan lavi nou.

Mwen si ke, nan yon tan kèlkonk, nou tout konn panse ke l ta pi agreyab pou nou ta enstale nou nan yon tè sèlman ranpli avèk jounen ki gen imaj sezon pafè epi evite tan dezagreyab ant sezon yo.

Men sa pa posib. Ni li pa dezirab.

Lè m ap gade nan pwòp lavi pa m, li klè ke anpil nan tan pi gwo kwasans espirityèl mwen yo te vini lè m t ap travèse sezon difisil.

Papa saj nou an ki nan Syèl la te konnen pou pitit li yo grandi vin tounen moun yo dwe devni an, yo t ap bezwen pase pa sezon advèsite pandan sejou yo nan mòtalite a. Pwofèt Leyi, nan Liv Mòmon an, te di ke san opozisyon, “pa t ap gen lajistis” (2 Nefi 2:11). Anfèt, se amètim lavi a ki pèmèt nou rekonèt, konpare, ak apresye dousè li. (gade D&A 29:39; Moyiz 6:55).

Prezidan Brigham Young mete l fason sa a: “Tout èt entelijan ki abiye ak kouwòn laglwa, kouwòn imòtalite, ak lavi etènèl yo dwe pase pa tout eprèv ki fikse pou èt entelijan yo, pou yo kapab jwenn laglwa yo ak egzaltasyon yo. Tout kalamite ki kapab tonbe sou moun mòtèl yo, y ap tonbe … pou prepare yo pou yo jwi prezans Senyè a. … Tout eprèv ak tout eksperyans nou travèse nesesè pou sali nou.”

Kesyon an se pa si n ap travèse sezon advèsite yo men se kijan nou pral reyaji devan tanpèt sa yo. Gwo opòtinite nou genyen pandan chanjman konstan sezon lavi yo se kenbe pawòl Bondye a fèm, paske konsèy li yo la non sèlman pou ede nou fè fas ak tanpèt lavi yo men pou gide nou lè n ap travèse yo tou. Papa nou ki nan Syèl la bay pawòl li atravè pwofèt li yo—konesans presye ke l bay pou dirije nou atravè defi sezon difisil yo pou mennen nou nan lajwa ineksprimab ak limyè briyan lavi etènèl la. Yon pati enpòtan nan eksperyans lavi nou se devlope fòs, kouraj, ak entegrite pou nou kenbe fèm nan laverite ak lajistis malgre bourad n ap resevwa yo.

Moun ki antre nan dlo batèm yo e ki resevwa don Sentespri a, yo mete pye yo sou chemen disip la e yo gen obligasyon pou yo suiv mak pye Sovè nou an fidèlman san rete.

Sovè a te anseye ke solèy leve “ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon, epi … lapli [tonbe] ni pou moun k ap fè sa ki byen ni pou moun k ap fè sa ki mal” (Matye 5:45). Pafwa nou pa ka konprann poukisa bagay difisil, ki menm enjis, rive nan lavi a. Men, antanke moun k ap suiv Kris la, nou konnen ke si nou “chèche avèk dilijans, priye tout tan, epi kwè, … tout bagay ap travay ansanm pou byen [nou], si [nou] mache dwat” (D&A 90:24; italik ajoute).

Antanke manm Legliz li a, antanke Sen, nou sèvi jwayezman e ak bòn volonte, nan tout tan ak nan tout sezon. Epi pandan n ap fè sa a, kè nou vin ranpli ak lafwa sakre, espwa gerizon, ak charite divin.

Men, n ap gen pou n pase atravè tout sezon—ni plezan ni penib. Men, kèlkeswa sezon an, antanke disip Jezi, Kris la, nou ap fèmeman mete espwa nou sou Li pandan n ap mache al nan limyè l la.

An rezime, nou se Sen Bondye, ki detèmine pou nou aprann de li, pou nou renmen li, epi renmen pwochen nou. Nou se pèleren sou wout beni disip la, e n ap mache tennfas ale nan bi selès nou.

Se poutèt sa, annou se Sen nan prentan, lete, lotòn, ak livè. Annou se Sen pou tout sezon.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Brigham Young (1997), 261–62.

Ansèyman nan Mesaj Sa a

Premye Prezidans lan te anseye: “Se atravè chante kantik yo nou preche kèk nan pi gwo diskou yo” (Hymns, ix). Lè n ap anseye nan mesaj sa a, panse pou nou chante youn nan kantik sa yo oubyen yon lòt kantik avèk moun n ap anseye yo sou andire advèsite: “Quels fondements fermes” (no. 42); “L’Eternel est mon berger” (no. 57); oswa “Mettons de l’ardeur” (no. 159). Si nou santi enspirasyon pou nou fè sa, pataje yon lè kote yon sezon difisil nan lavi nou te vin tounen yon benediksyon pou nou.