Jèn yo
Mwen te kapab kite doulè m nan ale
Otè a soti Tayiwann
Lè zanmi m, Frè Chen ak madanm ni te batize vini nan pawas nou an, mwen te kontan anpil. Ennan apre batèm yo, yo te sele nan tanp, epi pitit gason yo a, ki te mouri anvan yo te antre legliz la, te sele avèk yo. Sa te bèl pou n te wè kijan fanmi Chen t ap pwogrese nan levanjil la.
Epi nan ane apre a, Frè Chen te mouri nan yon aksidan machin. Apre aksidan an, lanmò li te toujou rete nan lespri m e sa te souvan boulvèse rèv mwen. M te konn reveye ak dlo nan je ap mande tèt mwen san rete: “Poukisa? Poukisa Senyè a te kite trajedi sa a rive? Poukisa yon bagay konsa rive bèl fanmi sa a?” Yon jou, pandan m t ap lite avèk kesyon sa yo, mwen te pran yon manyèl e m te li pawòl sa yo Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te di:
“Si nou konsidere kondisyon mòtèl la kòm totalite egzistans nou, enben, doulè, chagren, echèk ak yon lavi kout apral tounen kalamite pou nou. Men si nou wè lavi a kòm yon bagay etènèl ki etann soti lwen nan lavi premòtèl la pou rive lwen nan letènite apre lavi mòtèl la, lè sa a, tout sa k rive, n ap kapab mete yo nan plas yo dwe ye a. …
“Èske nou tout pa ekspoze anba tantasyon pou yo ka teste fòs nou, anba maladi poutèt pou nou ka aprann pasyans, anba lanmò poutèt pou nou kapab vin imòtèl ak glorifye?”
Nan moman sa a, m te deside pou m te kite doulè m nan ale e pou m te gade nan fiti yo pwomèt la e ki posib la. Nan lespri m, m te wè Frè Chen byen kontan reyini avèk fanmi li. Sa te pote lapè pou mwen. Mwen konnen Papa nou ki nan Syèl la ap ba nou sajès ak kouraj pou nou fè fas ak advèsite.