Mesaj vizit nan fwaye, Septanm 2013
Otonomi
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou. Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.
Lafwa, Fanmi, Sekou
Otonomi se kapasite, angajman, ak efò pou reponn pou byennèt espirityèl ak tanporèl tèt nou ak pa fanmi nou.
Si nou aprann e aplike prensip otonomi yo nan fwaye nou ak nan kominote nou, n ap gen opòtinite pou nou pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo ak pou nou ede lòt moun vin otonòm pou yo kapab andire tan advèsite.
Nou gen privilèj ak devwa pou nou itilize libabit nou pou n vin otonòm espirityèlman ak tanporèlman. An palan de otonomi espirityèl ak sou kijan nou depann sou Papa nou ki nan Syèl la, Èldè Robert D. Hales nan Kolèz Douz Apot yo te anseye: “Nou vin konvèti e vin espirityèlman otonòm lè nou respekte alyans nou yo avèk èd lapriyè—nan pran Sentsèn diyman, nan rete diy pou gen yon rekòmandasyon tanp, ak nan fè sakrifis pou sèvi lòt moun.”
Èldè Hales konseye nou pou nou vin otonòm espirityèlman, “kivledi pou nou pran fòmasyon apre lekòl segondè oswa chèche yon metye, aprann travay, e viv selon mwayen nou. Nan evite dèt ak fè ekonomi kounyeya, n ap prepare pou sèvis aplentan Legliz la nan ane k ap vini yo. Objektif otonomi tanporèl ak espirityèl la se pou mete tèt nou nan sitiyasyon ki pi ansekirite pou nou ka soulaje lòt moun ki nan bezwen.”
Nan ekriti yo
Matye 25:1–13; 1 Timote 5:8; Alma 34:27–28; Doktrin ak Alyans 44:6; 58:26–29; 88:118
Nan Istwa Nou
Apre ke Sen Dènye Jou yo te fin rasanble nan Vale Salt Lake la, ki sete yon dezè izole, Prezidan Brigham Young te vle yo pwospere e bati kay pèmanan. Sa te vle di ke Sen yo te bezwen aprann talan ki t ap pèmèt yo vin otonòm. Nan efò sa a, Prezidan Young te gen anpil konfyans nan kapasite, talan, fidelite, ak bòn volonte fi yo, e li te ankouraje yo nan tach tanporèl byen espesifik. Pandan ke tach espesifik sè yo nan Sosyete Sekou a souvan diferan jodia, prensip yo toujou rete menm nan.
-
Aprann renmen travay epi evite laparès.
-
Chèche gen yon espri sakrifis pèsonèl.
-
Aksepte responsablite pèsonèl pou fòs espirityèl, sante, edikasyon, travay, finans, manje, ak lòt nesesite pou soutni lavi yo.
-
Priye pou nou jwenn lafwa ak kouraj pou afwonte pwoblèm yo.
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon Visiting Teaching Message, September 2013. Haitian. 10669 036
Kisa M Ka Fè?
-
Kijan m ede sè m ap vizite yo jwenn solisyon pou bezwen espirityèl ak tanporèl yo?
-
Èske m ap ogmante otonomi espirityèl mwen nan prepare pou Sentsèn ak fè sakrifis pou m sèvi?