Mesaj Vizit nan fwaye, Out 2013
Antrèd
Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou. Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.
Objektif antrèd nan Legliz la se pou ede manm yo vin otonòm, pou pran swen pòv ak moun ki nan bezwen, ak pou rann sèvis. Antrèd se yon pati santral nan travay Sosyete Sekou. Prezidan Henry B. Eyring, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan, te anseye:
”Depi nan kòmansman tan yo [Senyè a] te founi mwayen pou disip Li yo ede. Li envite pitit li yo pou konsakre tan yo, mwayen yo, ak tèt yo pou potekole avèk li nan sèvi lòt moun. …
Li envite nou ak kòmande nou pou patisipe nan travay li pou soulaje moun ki nan bezwen yo. Nou fè alyans pou nou fè sa nan dlo batèm yo ak nan tanp sakre Bondye yo. Nou renouvle alyans la jou Dimanch lè nou pran Sentsèn.”
Sou direksyon evèk la oswa prezidan branch lan, dirijan lokal yo ede nan byennèt espirityèl ak tanporèl. Opòtinite pou sèvi yo souvan kòmanse avèk enstriktis nan fwaye k ap chèche enspirasyon pou konnen kijan pou reponn ak bezwen chak sè y ap vizite yo.
Nan Ekriti yo
Lik 10:25–37; Jak 1:27; Mozya 4:26; 18:8–11; Doktrin ak Alyans 104:18
Nan Istwa Nou
9 Jen 1842, Pwofèt Joseph Smith te bay sè yo tach nan Sosyete Sekou pou yo “soulaje pòv yo” ak pou “sove nanm.” Bi sa yo toujou rete pati santral Sosyete Sekou e yo ekri nan logo nou: “Charite pa janm peri” (1 Korentyen 13:8).
Senkyèm prezidant jeneral Sosyete Sekou a, Emmeline B. Wells, ak konseyè l yo te lanse deviz sa a an 1913 kòm yon rapèl sou prensip fondatè nou: “Nou deklare ke objektif nou se pou … [kenbe] fèm nan ansèyman enspire Pwofèt Joseph Smith te bay yo lè l te revele plan kote yo te bay fi yo pouvwa atravè prètriz la pou yo te gwoupe vin tounen òganizasyon apwopriye nan bi pou administre malad yo, ede pòv yo, konsole moun ki granmoun yo, avèti moun ki enpridan yo, ak pote sekou bay òfelen yo.”
Jodia Sosyete Sekou gen yon renome mondyal pandan ke sè yo ap montre charite, amou pi Kris la, pou pwochen yo (gade Mowoni 7:46–47).
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon Visiting Teaching Message, August 2013. Haitian Creole. 10668 036
Kisa M Ka Fè?
-
Kijan m m ap prepare m pou pran swen tèt mwen ak fanmi mwen espirityèlman ak tanporèlman?
-
Kijan m ka suiv egzanp Sovè a lè m ede reponn bezwen sè m ap vizite yo?