Mesaj Premye Prezidans lan, Out 2013
Rekonèt, Sonje, ak Bay remèsiman
Bondye mande pou nou ba l remèsiman pou kèlkeswa benediksyon nou resevwa nan men Li. Li fasil pou nou vin mekanik nan priyè gratitid nou yo, ap souvan repete menm pawòl yo men san entansyon pou nou bay remèsiman nou kòm yon kado soti nan kè nou pou Bondye. Nou dwe “bay Bondye remèsiman … nan Lespri a” (D&A 46:32) pou nou kapab santi rekonesans reyèl pou sa Bondye ba nou.
Kijan nou ka sonje menm yon pati nan tout sa Bondye fè pou nou? Apot Jan te ekri sa Sovè a te anseye nou osijè yon don souvni, ki vini atravè don Sentespri a: “Men Konsolatè a, ki se Sentespri a, Papa a ap voye nan non m nan, li va anseye nou tout bagay, e la fè nou sonje tout sa m te di nou” (Jan 14:26).
Sentespri a fè nou sonje sa Bondye anseye nou. Epi youn nan fason Bondye anseye nou se avèk benediksyon; epi konsa, si nou chwazi pou n egzèse lafwa, Sentespri a va fè nou sonje bonte Bondye.
Nou ka teste sa nan lapriyè jodia. Nou ka suiv kòmandman “Nou dwe remèsye Bondye nou an nan tout bagay” la(D&A 59:7).
Prezidan Ezra Taft Benson (1899–1994) te sigjere ke lapriyè banou opòtinite pou nou fè sa. Li te di: “Pwofèt Joseph te di yon fwa ke youn nan pi gwo peche Sen Dènye Jou yo komèt se peche engratitid. Mwen panse anpil nan nou pa t janm panse ak sa kòm yon gwo peche. Nan priyè ak siplikasyon nou fè Senyè a, nou gen yon gwo tandans pou nou mande benediksyon adisyonèl. Men pafwa, m santi nou bezwen pase plis tan nan priyè nou yo ap eksprime rekonesans nou ak bay remèsiman pou benediksyon nou deja resevwa yo. Nou resevwa si anpil.”
Nou kapab fè yon eksperyans konsa avèk don Sentespri a jodia. Nou ka kòmanse yon priyè pèsonèl avèk remèsiman. Nou ka kòmanse konte benediksyon nou yo epi apresa fè yon ti poze. Si nou egzèse lafwa, avèk don Sentespri a, n ap vin wè ke souvni lòt benediksyon ap vini nan lespri nou. Si nou kòmanse eksprime rekonesans nou pou yo chak, priyè nou an kapab yon ti jan pi long ke dabitid. Souvni ap vini, e rekonesans ap vini tou.
Nou ka eseye menm bagay la lè n ap ekri nan jounal nou. Sentespri a toujou ede moun nan aspè sa a depi nan kòmansman tan yo. Nou sonje liv Moyiz la di: “Epi yo te konsève yon liv souvni, ladan l yo te anrejistre, nan langaj Adan, paske tout moun ki te rele non Bondye te gen dwa ekri ladan l avèk lespri enspirasyon” (Moyiz 6:5).
Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te dekri pwosesis ekri enspire sa a: “Moun ki kenbe yon liv souvni yo gen plis chans pou yo sonje Senyè a nan lavi yo chak jou. Jounal se yon mwayen pou nou konte benediksyon nou ak pou nou kite envantè benediksyon sa yo pou posterite nou.”
Lè w kòmanse ekri, ou gen dwa mande tèt ou: “Kijan Bondye te beni mwen menm ak moun mwen yo jodia?” Si ou fè sa souvan epi avèk lafwa, w ap vin wè ke w sonje benediksyon yo. Epi pafwa w ap vin gen don ki vini nan lespri ou ke ou pa t remake pandan jounen an men ke kounyeya ou pral konnen ki se touch men Bondye nan lavi ou.
Mwen priye pou nou kapab fè yon efò san rete pou n rekonèt, sonje, ak bay remèsiman pou sa Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an fè e ap kontinye fè pou louvri chemen pou nou pou n retounen al jwenn yo.
© 2013 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/12. Apwobasyon tradiksyon: 6/12. Tradiksyon First Presidency Message, August 2013. Haitian. 10668 036
Ansèyman nan mesaj sa a
Nan mesaj li a, Prezidan Eyring envite nou pou n sonje bonte Papa nou ki nan Syèl la nan priyè nou. Pale avèk moun w ap anseye yo sou fason priye avèk rekonesans kapab ede nou rekonèt men Bondye nan lavi nou. Panse pou w mete ajenou pou priye avèk moun w ap anseye yo e sigjere pou moun k ap fè priyè a eksprime remèsiman sèlman.
Ou ta kapab etidye enpòtans rekonesans genyen tou nan li vèsè sa yo anplis de vèsè Prezidan Eyring mansyone yo: Som 100; Mozya 2:19–22; Alma 26:8; 34:38; Doktrin ak Alyans 59:21; 78:19; 136:28.