Jèn yo
Fè envantè
Prezidan Eyring site Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) lè l di ke “jounal se yon mwayen pou nou konte benediksyon nou yo ak pou nou kite yon envantè sou benediksyon sa yo pou posterite nou.” Nan konferans jeneral Oktòb 2012 la, Prezidan Thomas S. Monson te rann temwayaj li sou ekri nan jounal. Li te pataje kèk eksperyans nan lavi li, li te ajoute: “Jounal chak jou mwen, ke m te kenbe pandan tout ane sa yo, ede m jwenn kèk bagay espesifik mwen sèten m pa t ap kapab raple m otreman.” Li te konseye: “Fè yon envantè sou lavi nou epi espesyalman chèche benediksyon, ni gwo ni piti, nou te resevwa (Consider the Blessings,” Liahona ak Ensign, Nov. 2012, 86). Travay sou konsèy pwofèt sa yo bay yo epi fikse bi pou w ekri nan jounal ou.