EnglishConnect for Missionaries
Leson 7: Bezwen yo


“Leson 7: Bezwwen yo,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 7,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

granmoun k ap souri

Lesson 7

Needs

Objektif: M pral aprann poze ak reponn kesyon pou mande èd.

Personal Study

Prepare pou konvèsasyon an gwoup ou an nan konplete aktivite A rive nan E.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ

Egzèse lafwa nan Jezikri

Jesus Christ can help me do all things when I exercise faith in Him.

Jezikri ka ede mwen fè tout bagay si mwen egzèse lafwa nan Li.

Jezikri se Pitit Gason Bondye. Li gen tout pouvwa Nan ekriti yo, nou li konsènan yon mesye ki te egzèse lafwa li nan Jezikri. Pitit mesye a te malad anpil epi pèsonn pa t ka ede li. Papa a te mande Jezi pou geri pitit li a. Jezi te di li.

“Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye …Menm lè a, papa tibway la di byen fò, ak dlo nan je: Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m’ pou m’ sa gen plis konfyans toujou. … Jezi te pran [pitit la] nan bra li, epi leve li anlè; epi li te kanpe” (Mak 9:23–24, 27).

Tankou mesye sa a, ou ka kòmanse avèk espwa ak lafwa ou deja genyen. Apresa ou ka grandi lafwa ou atravè lapriyè ak etid ekriti. Ou ka grandi lafwa ou tou pou eseye aprann Anglè. Ou ka kòmanse avèk sa ou konnen kounyea. Fokis sou sa ou ka fè an Anglè, epi itilize li pi plis ou kapab. Eseye koute, li, pale, ak ekri an Anglè chak jou. Lè ou aji nan lafwa pou bay meyè efò ou, Li ka ede lafwa ou grandi.

pòtrè Jezikri

Ponder

  • Kijan ou ka egzèse lafwa nan Jezikri?

  • Kijan ou ka grandi lafwa ou pandan w ap aprann Anglè?

senbòl b
Memorize Vocabulary

Aprann siyifikasyon ak pwononsyasyon chak mo anvan konvèsasyon an goup ou a. Eseye itilize mo nan seksyon “Memorize Vocabulary” nan pratik chak jou w yo.

Can you … ?

Èske ou kapab … ?

Could you … ?

Èske ou te ka … ?

Will you … ?

Èske ou w ap … ?

Would you … ?

Èske ou ta … ?

I need you to …

M bezwen pou w …

I want you to …

M vle pou w …

I have to …

Mwen dwe …

I need to …

M bezwen pou …

I want to …

M vle pou …

please

tanpri

Verbs

carry the groceries

pote makètyo

clean this room

netwaye chanm sa a

cook dinner

prepare dine

do the dishes

lave veso yo

do the laundry

fè lesiv yo.

drop off food

al depoze manje

fix the computer

ranje konpitèa

go to the store

ale nan magazenan

help me

ede mwen

make an appointment

pran yon randevou

send an email

voye yon imèl

take Lisa to school

mennen Lisa ale lekòl

senbòl c
Practice Pattern 1

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Ou ka ranplase mo ki souliye yo avèk mo yo nan seksyon “Memorize Vocabulary” a.

Q: Will you please (verb)?A: No, I can’t (verb) because I need to (verb).

Demann ak Politès

kesyon modèl 1 tanpri èske w te ka vèb

Remak: Lè n ap mande yon moun fè yon bagay, li bon pou nou di “please.”

Answers

repons modèl 2 non Mwen pa kapab vèb paske mwen bezwen vèb

Examples

chanm an dezòd

Q: Will you please clean this room?A: No, I can’t clean this room because I need to do the laundry.

Q: Would you please do the dishes?A: Yes, I will do the dishes.

Q: Could you please fix the computer?A: Sorry, I can’t fix the computer because I have to go to the store.

Q: Can you please cook dinner?A: Yes, I can.

senbòl d
Practice Pattern 2

Pratike itilizasyon modèl yo jiskaske ou ka poze ak reponn kesyon yo avèk asirans. Eseye aprann plis konsènan modèl ki nan leson sa a. Konsidere itilize liv gramè oubyen sitwèb yo.

A: I need you to (verb).B: No, I can’t (verb) because I have to (verb).

Demann Dirèk yo

kesyon modèl 2 mwen bezwen pou w vèb

Answers

repons modèl 2 non Mwen pa kapab vèb paske mwen bezwen vèb

Examples

de fi k ap monte yon ti moto

A: I need you to take Lisa to school.B: OK, I can take Lisa to school.

A: I want you to cook dinner.B: Sorry, I can’t cook dinner because I have to help Lisa.

A: I need you to make an appointment.B: OK, I will make an appointment.

senbòl e
Use the Patterns

Ekri kat kesyon ou ka poze yon moun. Ekri yon reponn pou chak kesyon. Li yo awotvwa.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Repase bi etid w la epi evalye efò w yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Exercise Faith in Jesus Christ

(20–30 minutes)

pòtrè Jezikri

senbòl 1
Activity 1: Practice the Patterns

(10–15 minutes)

Repase lis vokabilè a avèk yon patnè.

Pratike modèl 1 avèk yon patnè:

  • Pratike poze kesyon yo

  • Pratike reponn kesyon yo.

  • Itilize modèl yo pou pratike yon konvèsasyon.

Repetisyon pou modèl 2.

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Sentences

(10–15 minutes)

Gade foto yo. Poze ak reponn kesyon yo konsènan aktivite nan chak imaj. Youn apre lòt.

Example

fi k ap lave rad
  • A: Can you do the laundry?

  • B: No, I can’t do the laundry because I have to go to work.

Image 1

retire lèt sou etajè

Image 2

fi ka lave veso

Image 3

pase mop atè

Image 4

koup k ap retire makèt nan yon machin

Image 5

manman ak pitit fi k ap fè manje

imaj 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(15–20 minutes)

Jwe wòl yo pou chak sitiyasyon Patnè A a ap fè yon demann. Patnè B a reponn. Di pi plis ou kapab. Se pou w kreyatif! Chanje wòl.

Example

fanmi k ap pale

Patnè A a se yon paran. Patnè B a se yon timoun. Paran an mande timoun nan pou li netwaye chanm ni.

  • A: I need you to clean your room, please.

  • B: OK, I will.

  • A: Thank you.

Situations

  • Patnè A se yon elèv. Patnè B a se yon enstriktè. Elèv la bezwen èd avèk devwa li.

  • Patnè A a se yon sekretè. Patnè B a se patwon an. Sekretè a bezwen fikse yon randevou avèk patwon li.

  • Patnè A a se patwon an. Patnè B a se yon anplwaye nan biwo a. Patwon an bezwen pou anplwaye nan biwo a voye yon imèl ki enpòtan.

  • Patnè A a ak patnè B a zanmi. Yon zanmi vle pou yon lòt zanmi ede l ranje machin li.

  • Patnè A a ak patnè B se konjwen. Yon konjwen mande yon lòt konjwen pou li ede l fè manje.

  • Patnè A a se mèt kay la. Patnè B a se yon elektrisyen. Mèt kay la bezwen pou yon elektrisyen vin ranje plizyè limyè ki boule.

Evaluate

(5–10 minutes)

Evalye pwogrè w sou objektif yo ak efò w yo pou pratike Anglè chak jou.

Evaluate Your Progress

I can:

  • Ask for help.

    Mande èd.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Make requests.

    Fè demann.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan
  • Understand and respond to requests for help.

    Konprann ak reponn moun ki mande èd.

    figi endiferan, figi satisfè, figi kontan

Evaluate Your Efforts

Evalye efò w yo pou:

  1. Etidye prensip aprantisaj la.

  2. Memorize Vokabilè.

  3. Pratike modèl yo.

  4. Pratike chak jou.

Fikse yon bi. Konsidere sigjesyon pou etid ki nan “Fèy Suivi Etid Pèsonèl la.”

Pataje bi w la avèk yon patnè.

Act in Faith to Practice English Daily

“Senyè a pa mande yon lafwa pafè pou nou ka gen aksè nan pouvwa pafè Li. Men Li mande nou pou nou kwè. … Tout bagay posib pou moun ki kwè yo” (Russell M. Nelson, “Kris la Resisite, Lafwa nan Li Ap Fè Nou Deplase Montay,” Lyawona, Me 2021, 101).