Vini, Suiv Mwen
8–14 Jen. ”Senyè a Gade Nan Kè Moun: 1 Samyèl 8–10; 13; 15–16


“8–14 Jen. ‘Senyè a Gade nan Kè Moun‘: 1 Samyèl 8–10; 13; 15–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

“8–14 Jen. ‘Senyè a Gade nan Kè Moun,‘” Vini, Suiv mwen: Ansyen Testaman 2026

Jezi kenbe yon baton

Toupre Dlo Pezib, pa Simon Dewey

8–14 Jen: ”Senyè a Gade nan Kè Moun”

1 Samyèl 8–10; 13; 15–18

Sayil se te yon gadyen bourik. Malgre l te gen bèl wotè ak bèl gason, li te ”piti nan je [pa li] epi konsyan de eritaj familyal li (gade 1 Samyèl 9:2–3, 21; 15:17). Jou yo te dwe prezante l devan pèp Izrayèl la kòm wa yo, li pa te parèt; li te tèlman timid li ”kache tèt li” (1 Samyèl 10:21–22). Lè w gade Sayil, ou pa ta ka devine ke li ta mennen Izrayelit yo viktwa sou ènmi yo—oswa ke li ta apresa vin ògeye ak rebèl kont Senyè a.

David sete yon gadyen mouton. Li pa te vrèman fizikman enpresyonan tankou sèt pi gran frè l yo. Nan jou Samyèl te vin chwazi yon nouvo wa pou pèp Izrayèl la, li pa t sanble vo lapenn pou l enkli David pami kandida posib yo, donk yo te kite l nan jaden yo ak mouton yo. Lè w gade David, ou gendwa pa t panse li t ap gen lafwa ak kouraj pou l bat yon jeyan e pou l vin wa Izrayè ki gen plis siksè.

Men, Senyè a gade pi lwen etikèt nou yo, aparans fizik nou, ensekirite nou yo. Li gade, okontrè, ”nan kè moun” (1 Samyèl 16:7). E menm lè kè nou pa byen dwat, si nou dispoze, L ap ban nou ”yon lòt kè” (1 Samyèl 10:9).

senbòl etid

Ide pou Aprantisaj nan Fwaye a ak nan Legliz la

1 Samyèl 8

Jezikri se Wa mwen.

1 Samyèl 8 pale de yon evènman ki ta pral chanje destine Izrayelit yo ajamè. Pou pwoteksyon kont ènmi yo, Izrayelit yo te vle sa vwazen yo te genyen—yon wa pou dirije yo. Pandan w ap li konsènan demand yo a ak repons Senyè a, reflechi sou kimoun ou konsidere pou w jwenn sekirite ak konsèy. Konsidere kisa sa vledi pou nou kite Senyè a ”renye sou [ou]” (1 Samyèl 8:7).

Pandan semèn k ap vini yo, ou pral li konsènan yon pakèt wa ki te aple pou dirije Izrayèl. Pandan w ap aprann sou yo, konsidere kesyon ki vin apre yo:

  • Kijan avètisman Senyè a te akonpli nan 1 Samyèl 8:10–18?

  • Kijan timoun Izrayèl yo te afekte pa chwa yo pou geyen yon wa terès?

  • Kijan Jezikri diferan ak wa terès yo? Konsidere ki enfliyans mond lan ou ka bezwen retire nan lavi ou pou kite Kris vin Wa w.

Gade tou: “Hosanna au Grand Roi!,” Cantiques, no. 34.

1 Samyèl 9–10; 16:1–13

Bondye rele moun pa pwofesi pou sèvi nan wayom Li a.

Li konsènan fason Bondye te chwazi wa Izrayèl yo nan 1 Samyèl 9–10 ak 16 (gade espesyalman 9:15–17; 10:1–12; 16:1–13). Chèche pasaj ki ede ou konprann kisa sa vledi pou ”Bondye aple moun, pa pwofesi” nan Legliz Senyè a jodi a (Atik Lafwa 1:5). Ou ta ka konsidere mete tèt ou nan plas dirijan k ap prezante apèl la (Samyèl), moun yo te rele a (Sayil ak David), ak pèp la yo aple pou sèvi (Izrayelit yo). Kisa w aprann nan pawòl ak aksyon yo nan chapit sa yo?

Samyèl wenn Sayil

Ilistrasyon Samyèl kap wenn Sayil, pa P. goodsalt.comProvidence Collection/pibliye avèk otorizasyon goodsalt.com

1 Samyèl 13:5–1415

“Obeyi pi bon pase sakrifis.”

Lè w konsidere jan Sayil te sanble l timid nan 1 Samyèl 10, sa etonan pou w li konsènan ”rebelyon” ak ”antètman” li apre li te vin wa a (1 Samyèl 15:23). Poukisa ou panse sa te rive? Nan 1 Samyèl 13:5–14, ki atitid ak konpòtman ou wè ki te mennen nan chit li?

Nan 1 Samyèl 15, ou pral li konsènan yon kòmandman nan men Senyè a ke Sayil pa t obeyi paske li te panse ke li te gen yon bon rezon. Pou aprann apati move chwa Sayil yo, gade vèsè 22 epi ranplase mo ”sakrifis” ak ”belye gra” yo pa bagay ki sanble yo bon, men ki pa enpòtan tankou tande ak obeyi Senyè a. Kijan w te beni lè w te mete volonte Seyè a an premye nan lavi ou?

1 Samyèl 16:6–12

senbòl seminè
“Senyè a gade nan kè.”

Èske w te janm pran yon desizyon ki baze sou ”aparans eksteryè” sou yon bagay oswa yon moun, sèlman pou w vin reyalize ke ou te fè erè? Petèt ou te manje yon bagay ki pa t bon jan li t parèt la. Oswa petèt ou te fè move jijman kont yon moun.

Lè Samyèl t ap chèche yon nouvo wa pou Izrayèl, Senyè a te anseye l yon pi bon fason. Li konsènan sa nan 1 Samyèl 16:6–7, epi konsidere fè yon lis fason moun jije lòt moun ”sou aparans eksteryè.” Ou ka jwenn kèk egzanp nan mesaj Èldè Christophe G. Giraud-Carrier a ”Nou se pitit Li”(Liahona, Nov. 2023, 114–16). Kisa sa vledi pou nou gade “nan kè,” jan Senyè a fè a? (1 Samyèl 16:7) Ou ka jwenn egzanp sou sa a, tou, nan mesaj Èldè Giraud-Carrier a. Petèt ou ka panse a lòt fwa kote Sovè a te gade pi lwen aparans eksteryè yon moun. (Gade, pa egzanp, Mak 12:41–44; Lik 5:1–11; 19:1–9; Jan 4:5–30; Moyiz 6:31–36.) Kisa w aprann nan egzanp sa yo?

Kijan ou ka suiv egzanp Sovè a nan fason ou wè lòt moun —ak tèt ou? Kijan lè w fè sa, sa ka afekte entèraksyon w oubyen relasyon w avèk lòt moun? Konsidere pale yon moun konsènan bonte ou wè nan kè yo.

Gade tou Ulisses Soares, ”Frè ak sè nan Kris la,” Liahona, Nov. 2023, 70–73.

Pou plis ide, gade piblikasyon revi Liahona mwa sa a ak Pou fòs jèn yo.

senbòl seksyon timoun yo

Ide pou Anseye Timoun yo

1 Samyèl 8

Jezikri se Wa mwen.

  • Pandan w ap li 1 Samyèl 8 avèk timoun ou yo, ede yo jwenn rezon Samyèl te di Izrayelit yo ke genyen yon wa sete move ide. Poukisa li pi bon pou nou gen Jezikri kòm Wa nou? Petèt ou ta ka fè yon kouwòn papye ansanm epi youn apre lòt mete li epi pataje yon bagay nou ka fè pou montre ke nou vle Jezi pou Wa nou an. (Gade tou Jeremi 23:5; Doktrin ak Alyans 45:59..)

1 Samèl 8:6; 9:15–17; 10:1–24; 16:1–13

Moun k ap sèvi nan Legliz la, se Bondye ki aple yo.

  • Istwa kote Bondye ap chwazi Sayil ak David kòm wa yo ka ede timoun ou yo konprann kòman moun resevwa apèl pou sèvi nan Legliz la jodia. Pou ansenye yo istwa sa yo, ou ta ka ekri evènman ki soti nan istwa yo sou bann papye, epi timoun ou yo te kapab mete yo nan lòd ki kòrèk la pandan n ap li pasaj ekriti yo ansanm (gade tou ”Jèn David” nan Istwa Ansyen Testaman, 110-11). Apresa ou ta ka pale sou moman kote Bondye te beni ou avèk pouvwa espirityèl pou akonpli yon asiyasyon oswa apèl (gade 1 Samyèl 10:9–10).

    1:16

    Young David

  • Sa ta ka yon bon moman tou pou nou anseye timoun ou yo senkyèm atik lafwa. Di yo kijan ou te resevwa apèl ou nan Legliz la. Kijan w fè konnen se Bondye ki te aple ou?

Samyèl te wenn David pou l vin wa

Pwofèt Samyèl Wenn David pou Vin Wa Izrayèl nan Betleyèm, pa Balage Balogh.

1 Samyèl 16:1–13

“Senyè a gade nan kè.”

  • Yon leson objè ta ka ede pitit ou konprann prensip la nan 1 Samyèl 16:7. Pa egzanp, ou ta ka montre yo kèk manje oubyen yon liv avèk yon kouvèti ki pa ale avèk sa k andedan kouvèti a. Kisa 1 Samyèl 16:7 ak leson objè sa a sijere konsènan fason nou ta dwe konsidere tèt pa nou ak lòt moun? Chante yon kantik ki mete anfaz sou prensip sa a, tankou “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants, 74).

    Itilize leson objè yo. Lè timoun ou yo gen yon bagay pou wè ak manyen ki gen rapò ak yon prensip levanjil la, yo gen plis chans pou yo sonje li. Pa egzanp, pandan w ap li 1 Samyèl 16:7 avèk yo, ou ta ka kite yo ede w jwenn egzanp ilizyon optik pou ilistre pwen ke nou ta dwe eseye wè jan Senyè a wè—-pa gade ”nan kè a”—olye ke jijman ki baze sou ”aparans eksteryè a.”

  • Pataje yon eksperyans kote ou te aprann poukisa ou dwe “gade andedan kè,” pa sèlman “sou aparans eksteryè a” (vèsè 7). Nou ka youn apre lòt pale youn lòt konsènan bèl kalite ou wè nan kè youn lòt.

Pou plis, gade piblikasyon pou mwa sa a sou revi Zanmi an.

Samyèl pale ak Sayil

Samuel Enstwi Sayil, pa Ted Henninger

Paj aktivite prensipal: Senyè a gade nan kè a