Vini, Suiv Mwen
Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz


“Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

fanmi k ap etidye ansanm

Ide pou Amelyore Aprantisaj nan Fwaye ak nan Legliz

Pandan w ap etidye levanjil Sovè a nan fwaye a ak nan Legliz la, konsidere kesyon sa yo:

  • Kijan w ka envite Lespri a nan etid ou?

  • Kouman ou ka konsantre sou Sovè a nan etid ou?

  • Kouman ou ka pwofite de moman aprantisaj chak jou yo?

  • Kouman ou ka ankouraje fanmi ak manm klas yo pou yo etidye ekriti yo poukont yo epi pataje sa y ap aprann yo?

Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a.

Priye pou enspirasyon

Ekriti yo se pawòl Bondye, se pou w mande L pou l ede w konprann yo.

Chèche verite konsènan Jezikri

Tout bagay temwanye konsènan Kris la (gade nan 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, konsidere pou w note oubyen make vèsè ki temwaye konsènan Sovè a, ki apwofondi amou ou pou Li, epi ki anseye kijan pou w suiv Li yo. Pafwa yo deklare verite sou Sovè a ak levanjil Li a dirèkteman, epi pafwa yo anseye yo atravè yon egzanp oubyen yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?” Kisa vèsè sa yo anseye m konsènan Sovè a?

Koute Lespri a

Pote atansyon a panse ak santiman w yo, menm si yo pa gen rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se kapab sa Pè Selès la vle pou w aprann.

Ekri enpresyon ou yo

Gen anpil fason pou w ekri enpresyon ou resevwa pandan w ap etidye yo. Paregzanp, ou ka reyalize ke kèk pawòl ak fraz nan ekriti yo enpresyone ou; ou ta ka make yo epi ekri panse ou kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou ta kapab fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou.

yon jènfi ki ap etidye

Pataje sa w ap aprann avèk lòt moun

Diskite sou ide ou jwenn nan etid pèsonèl ou yo se yon bon fason pou w anseye lòt moun, epi sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou. Pataje sa w ap aprann avèk manm fanmi ak zanmi (an pèsòn oubyen dijitalman), epi envite yo pou yo fè menm bagay la tou.

Aplike ekriti yo nan lavi ou

Reflechi sou kijan istwa ak ansèyman w ap li yo aplike nan lavi w. Paregzanp, ou ta ka mande tèt ou, “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li a?”

Poze kesyon pandan w ap etidye

Pandan w ap etidye ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa gen rapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pou yo pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.

jènjan ki ap etidye

Itilize èd pou etid ekriti yo

Pou w ka gen ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize nòt ki anba paj yo, Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, Gid Ekriti yo, ak lòt èd pou etid yo.

Konsidere kontèks ekriti yo

Ou ka jwenn ide siyifikatif sou yon pasaj ekriti lè w konsidere kontèks li, ansanm avèk sikonstans oubyen pozisyon kote l sòti a. Paregzanp, paske w konn antesedan ak kwayans yon pèp Bondye te pale avèk li, sa ka ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize.

Etidye pawòl pwofèt ak apot dènye-jou yo.

Li sa pwofèt ak apot dènye jou yo anseye sou prensip w jwenn nan ekriti yo.

yon manman ak pitit gason k ap etidye ansanm

Aplike sa w aprann yo

Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou men tou sa dwe fè nou chanje fason n ap viv. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apre sa, aji daprè enspirasyon sa yo.

Itilize mizik

Nou jwenn kantik ak chante pou timoun yo nan tout manyèl Vini, Suiv Mwen an. Itilize mizik ki sakre pou envite Lespri a ak pou apwofondi lafwa ou ak temwayaj ou konsènan verite levanjil yo.

fanmi k ap chante ansanm

Memorize ekriti yo

Seleksyone yon pasaj ekriti ki siyifikatif pou ou, pou fanmi w, oubyen klas ou a, epi memorize li nan repete l chak jou oubyen jwe yon jwèt memwa.

Pataje leson objè

Chèche objè ki anrapò avèk chapit ak vèsè n ap li yo. Konsidere fason chak objè gen relasyon avèk ansèyman ki nan ekriti yo.

Desine, chèche, oubyen fè foto

Li kèk vèsè, epi apre, desine yon bagay ki gen relasyon avèk sa ou li a. Oubyen ou ta ka chèche yon foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen lòt kote nan Biblyotèk Levanjil la. Ou ta ka pran yon foto tou ki ilistre sa w te aprann nan.

Jwe Sèn yon istwa

Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo oswa klas yo pou yo jwe wòl istwa a. Apre sa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa w ap fè eksperyans la.

Ou dwe gen fleksiblite lakay ou

Si ou gen manm fanmi ki pa vle patisipe nan etid ekriti familyal la, chèche lòt fason pou w konekte avèk yo. Paregzanp, èske w ta ka pale de levanjil la tou natirèlman nan konvèsasyon ou oubyen pataje yon ekriti siyifikatif nan yon fason ki pa sanble w ap preche oubyen depase limit? Etid ekriti a pa oblije sanble menm bagay nan chak fanmi. Kèk timoun ka pi byen reyaji nan etid ekriti w fè avèk yo pèsonèlman. Priye epi suiv enspirasyon Lespri a.

Reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo. Si w ta renmen èd adisyonèl nan efò ou pou anseye timoun ou yo, chèche konnen si pawas ou a gen reyinyon konsèy enstriktè pou paran yo (gade nan Manyèl Jeneral, 17.5). Reyinyon sa yo se yon opòtinite pou paran yo fè konsèy ak aprann ansanm sou fason pou amelyore ansèyman yo. Yo ka diskite prensip ki nan Anseye nan Fason Sovè a, ide nan paj sa yo pou amelyore etid ekriti familyal, ak sijesyon pou aprann ak anseye nou jwenn nan tout Vini, Suiv Mwen an.