Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz: Ansyen Testaman 2026 (2026)

koup k ap etidye ansanm

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz

Pou Kimoun Resous Sa a Ye?

Vini, Suiv Mwen se pou nenpòt moun ki vle aprann nan ekriti yo—endividyèlman, antanke fanmi, ak nan klas nan Legliz la. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman otrefwa, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w deja gen yon bon abitid etid ekriti, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.

Moun ak Fanmi nan Fwaye yo

Kote ideyal pou aprann levanjil la se fwaye a. Enstriktè w yo nan legliz la ka sipòte w, e ou ka jwenn ankourajman nan men lòt manm pawas yo. Men, pou siviv espirityèlman, oumenm ak fanmi w bezwen nouriti chak jou ki soti nan “bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4; gade tou Russell M. Nelson, “Diskou Ouvèti,” Liahona, Nov. 2018, 6–8).

Itilize resous sa a nenpòt jan ki itil pou ou. Plan leson yo souliyen kèk verite etènèl nou jwenn nan Ansyen Testaman an. Yo sigjere tou ide ak aktivite pou ede w etidye ekriti yo endividyèlman, avèk fanmi w, oubyen avèk zanmi. Pandan w ap etidye, suiv direksyon Lespri a pou jwenn verite etènèl ki enpòtan pou ou yo. Chèche jwenn mesaj Bondye pou ou yo, epi suiv enspirasyon ou resevwa yo.

Enstriktè ak Moun ki ap Aprann yo nan Legliz la

Vini, Suiv Mwen—Pou Lakay ak Legliz se kourikoulòm pou klas Dimanch yo nan Primè, nan klas jèn ak granmoun Lekòldidimanch yo, klas Jènfi yo, ak reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo. Si w ap anseye nan nenpòt nan òganizasyon sa yo, nou ankouraje w pou w itilize plan yo ki nan manyèl sa a pou etid pèsonèl ou ak pandan w ap prepare w pou anseye a. Kòmanse nan fè pwòp eksperyans pa ou nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w la ap fèt pandan w ap fouye ekriti yo epi chèche enspirasyon Sentespri a. Chèche jwenn verite etènèl ki ede ou vin pi plis tankou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri yo. Vini, Suiv Mwen kapab ede w idantifye kèk nan verite sa yo epi konprann kontèks ekriti yo.

Kenbe nan tèt ou ke aprann levanjil la, nan pi bon sans li, se yon bagay ki santre sou fwaye e ki resevwa sipò Legliz la. Otreman di, responsablite prensipal ou se pou w sipòte moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo aprann ak viv levanjil la nan fwaye yo. Pa bay tèt ou pwoblèm sou genyen yon kontni inik pou prezante yo nan klas la. Okontrè, ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo, panse yo ak kesyon yo konsènan pasaj ekriti yo te li lakay yo. Envite yo pou yo pataje verite etènèl yo te jwenn yo. Sa pi enpòtan pase kouvri yon sèten kantite materyèl.

Klas Lekòldidimanch Jèn ak Adilt

Youn nan rezon prensipal ki fè nou rasanble nan klas Lekòldidimanch se pou nou youn sipòte ak ankouraje lòt pandan n ap fè efò pou nou suiv Jezikri. Yon fason senp pou fè sa se poze yon kesyon tankou “Kisa Sentespri a te anseye w semèn sa a pandan w t ap etidye ekriti yo? Repons pou kesyon sa a ta kapab mennen nan diskisyon siyifikatif ki bati lafwa nan Jezikri ak nan levanjil Li a.

Apresa ou ta kapab envite diskisyon ki baze sou sigjesyon etid yo nan Vini, Suiv Mwen an. Pa egzanp, yon ide pou etid te ka sijere pou w fouye nan Ezayi 53, pou jwenn pawòl ki dekri misyon Sovè a. Ou ka mande manm klas yo pou yo pataje nenpòt panse oswa santiman pawòl sa yo enspire yo. Oubyen nou ta kapab pase yon ti tan ap chèche jwenn pawòl sa yo ansanm kòm yon klas.

Kowòm Prètriz Aawon ak Klas Jènfi yo

Lè kowòm Prètriz Aawon ak klas Jènfi yo rankontre jou Dimanch, objektif yo yon ti jan diferan de yon klas Lekòldidimanch. Anplis pou youn ede lòt aprann levanjil Jezikri a, gwoup sa yo reyini tou pou yo pale ansanm sou akonplisman travay sali ak egzaltasyon an (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 1.2). Yo fè sa a sou direksyon prezidans klas ak prezidans kowòm yo.

Pou rezon sa a, chak reyinyon kowòm oswa klas ta dwe kòmanse avèk yon manm kowòm nan oswa prezidans klas la ki ap dirije yon diskisyon sou efò pou, pa egzanp, viv levanjil la, sèvi moun ki nan bezwen, pataje levanjil la, oswa patisipe nan travay tanp ak istwa familyal.

Apre tan sa a pou fè konsèy ansanm nan, yon enstriktè dirije klas la oswa kowòm lan nan aprann levanjil la ansanm. Dirijan adilt oswa manm klas oswa kowòm yo ka resevwa responsablite pou yo anseye. Prezidans klas oswa kowòm nan an konsiltasyon avèk dirijan adilt yo, bay asiyasyon sa yo.

Moun ki jwenn asiyasyon pou anseye yo ta dwe prepare yo nan itilize sigjesyon aprantisaj yo bay nan plan leson chak semèn nan, nan Vini, Suiv Mwen an. Nan chak plan leson, senbòl sa a senbòl seminè endike yon aktivite ki espesyalman enpòtan pou jèn yo. Sepandan, nenpòt nan sijesyon yo nan plan leson an ta ka sèvi kòm yon aktivite aprantisaj pou jèn yo.

Pou yon modèl ajanda pou reyinyon kowòm ak reyinyon klas yo, gade apendis D.

Primè

Preparasyon w pou anseye Primè a kòmanse pandan w ap etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi w. Pandan w ap fè sa, rete ouvè a enpresyon ak ide espirityèl ki soti nan Sentespri a konsènan timoun yo nan klas Primè w la. Rete nan lapriyè, epi Lespri a kapab enspire w avèk ide pou ede yo aprann levanjil Jezikri a.

Pandan w ap prepare w pou anseye, ou ta kapab jwenn enspirasyon adisyonèl nan eksplore ide pou ansèyman yo ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Fwaye ak Legliz la. Chak plan leson nan resous sa a gen yon seksyon ki rele “Ide pou Anseye Timoun yo.” Panse a ide sa yo kòm sijesyon pou stimile enspirasyon ou. Ou konnen timoun yo nan klas Primè w la—epi w ap vin aprann konnen yo pi byen toujou pandan w ap entèraji avèk yo nan klas la. Bondye konnen yo tou, epi L ap enspire w avèk pi bon mwayen pou anseye yo ak beni yo.

Li posib ke timoun yo ki nan klas ou a deja fè kèk nan aktivite ki nan Vini, Suiv Mwen an avèk fanmi yo. Sa OK. Repetisyon se yon bon bagay. Anvizaje envite timoun yo pou youn pataje avèk lòt sa yo te aprann lakay yo—byenke ou ta dwe planifye fason pou timoun yo patisipe menm si yo p ap aprann lakay yo tou. Timoun aprann verite levanjil yo pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo trè souvan atravè yon varyete aktivite. Si w dekouvri ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, anvizaje repete l, sitou si w ap anseye timoun ki pi piti yo. Ou ta ka revize yon aktivite ki soti nan yon leson ki te fèt deja tou.

Nan mwa ki gen senk Dimanch yo, enstriktè Primè yo gen opsyon pou yo ranplase plan leson Vini, Suiv Mwen ki prevwa pou senkyèm Dimanch lan avèk youn oswa plis nan aktivite aprantisaj yo ki nan “Apendis B: Pou Primè—Prepare Timoun yo pou Tout Yon Lavi sou Chemen Alyans Bondye a.”