“Konstriksyon Nauvoo,” Zanmi, Septanm 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Septanm 2025
Konstriksyon Nauvoo
Senyè a te di Sen yo pou yo rasanble nan yon nouvo kote. Sete toupre yon gwo rivyè, kote tè a te mouye epi plen labou. Sa pa t sanble tankou yon bon kote pou bati yon vil. Men, Pwofèt Joseph Smith te konnen avèk èd Senyè a, yo te kapab fè l bèl.
Sen yo te travay di pou yo te fè l vin yon bon kote pou yo te viv. Pwofèt Joseph te rele vil la Nauvoo, sa ki vledi “yon bèl kote.”
Senyè a te vle pou Sen Li yo bati yon tanp nan Nauvoo. Moun yo te kòmanse travay rapidman.
Senyè a te genyen gwo benediksyon pou L te bay pèp Li a. Nan tanp lan, yo tapral fè alyans, oswa pwomès espesyal, avèk Senyè a. Yo tapral aprann tou konsènan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li yo.
Sen yo te travay di pou yo te bati tanp lan. Sa te pran anpil tan, men yo te kontan aprann konsènan pwomès espesyal Senyè a te gen pou yo nan tanp Li a.
Paj pou Kolorye
Tanp lan se Kay Senyè a.
Ilistrasyon pa Corey Egbert
Kijan w santi w lè ou wè yon tanp?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, September 2025. Haitian. 19640 036