“Beni pa Otorite ak Pouvwa Prètriz la,” Liahona, Septanm 2025.
Mesaj Mansyèl Liahona, Septanm 2025
Beni pa Otorite ak Pouvwa Prètriz
Manm Legliz yo itilize pouvwa Bondye pou yo sèvi ak beni lòt moun nan Legliz la, nan fwaye yo, ak atravè mond lan.
Temwayaj nou pou mond lan sèke prètriz sen Bondye a esansyèl nan akonplisman travay sali ak egzaltasyon Li a, ke Li te retabli prètriz la sou tè a pou objektif sa a, epi li administre pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.
Nesesite Otorite ak Pouvwa Prètriz la
Jezikri se tèt Legliz la. Legliz la se enstriman Li te kreye pou akonpli travay esansyèl pou rachte limanite nan dènye dispansasyon levanjil sa a menm jan ak nan dispansasyon lè Li te viv sou tè a. Atravè Legliz la:
-
Li kapab pwoklame levanjil Li a atravè mond lan.
-
Li ka ofri batèm ak tout lòt alyans—menm yon chemen alyans nan wayòm selès Li a.
-
Li ka ini fanmi yo pou letènite.
-
Li ka ofri don sali yo, menm pou moun ki te mouri san yo.
Pou akonpli gran objektiv sa yo, epi prepare pou retou Sovè a, Legliz la bezwen direksyon, otorite ak pouvwa Bondye sanrete. Legliz la se “vrè legliz vivan an” (Doktrin ak Alyans 1:30) paske Kris la envesti li avèk direksyon ak pouvwa Li atravè prètriz Li a, “Prètriz Sen an, dapre Lòd Pitit Gason Bondye a” (Doktrin ak Alyans 107:3).
Men, san prètriz sakre sa a, Legliz la t ap esansyèlman yon òganizasyon pwofàn, k ap fè byen nan mond lan, men san pouvwa pou reyalize objektif final la pou prepare pitit gason ak pitit fi Bondye yo pou lajwa lavi etènèl nan prezans Li. Avèk prètriz sa a, ak kle pou dirije travay Prètriz sa a, gen otorite ak lòd nan Legliz la.
“Nan Legliz la, tout otorite prètriz egzèse sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo.
“Manm gason ki diy nan Legliz la resevwa otorite prètriz la lè yo konfere yo prètriz la epi òdone yo nan ofis prètriz yo. Tout manm nan Legliz la kapab egzèse otorite yo delege yo lè yo mete yo apa oswa ba yo responsablite pou yo ede nan akonplisman travay Bondye a.”
Atravè kle prètriz yo, priyorite Senyè a ap toujou domine. Pèsonn pa ka soutni yon aktivite pèsonèl ki pa an amoni avèk direksyon Li. Pèsonn pa ka reyisi nan entrigdeprèt, ap chèche benefis ak pwofi pèsonèl.
Prètriz la jwe yon wòl enpòtan tou nan fwaye manm Legliz yo. President Dallin H. Oaks, Premye Konseye nan Premyè Prezidans lan, te ansenye, “Prensip ke otorite prètriz la ka egzèse sèlman sou direksyon yon moun ki gen kle pou fonksyon sa a, se yon bagay fondamantal nan Legliz la, men, li pa aplike nan fanmi.” Papa yo prezide epi egzèse prètriz la nan fanmi yo—yo fè konsè, òganize reyinyon familyal, bay benediksyon prètriz oswa gerizon a manm fanmi yo oubyen lòt moun, elatriye—san direksyon oswa otorizasyon yon moun ki detni kle prètriz yo.
“Menm prensip sa a aplike lè yon papa absan epi yon manman se dirijan fanmi an. Li prezide nan fwaye li epi li se yon enstriman nan pote pouvwa ak benediksyon prètriz la nan fanmi li atravè dotasyon ak sèlman nan tanp.”
Retablisman Prètriz la nan epòk nou an
15 Me, 1829
Retablisman otorite prètriz la nan dènye dispansasyon sa a te kontinye nan yon pwogresyon òdone, etap pa etap. Pandan ekriti fondamantal la pou dispansasyon nou an, Liv Mòmon an, t ap tradui an 1829, Senyè a te kòmanse mete estrikti prètriz Li a an plas. An repons ak demann priyè Joseph Smith ak Oliver Cowdery konsènan batèm nan, Jan Batis resisite a te parèt epi l te konfere sou yo Prètriz Aawon an, ki se pretriz ki “kenbe kle ministè zanj yo, ak levanjil repantans lan, ak batèm pa imèsyon pou padon peche yo” (Doktrin ak Alyans 13:1). Avèk otorite sa a, Joseph ak Olivier youn te batize lòt epi pita yo te batize lòt moun pandan Legliz la t ap ofisyèlman òganize.
Tousuit apre 15 Me, 1829
Pa lontan apre aparisyon Jan Batis la, ansyen Apot Pyè, Jak, ak Jan te parèt epi yo te konfere prètriz ki pi wo a, oswa Melkisedèk, ki enkli “kle wayòm mwen an, ak yon dispansasyon levanjil la pou … plenitid tan yo” (Doktrin ak Alyans 27:13; gade tou 128:20).
3 Avril 1836
Otorite prètriz adisyonèl ki te nesesè a te vini apre lè, nan Tanp Kirtland nan, twa ansyen pwofèt, Moyiz, Eli ak Elize, te parèt devan Joseph ak Olivier epi te te konfye yo kle rasanbleman Izrayèl la ak travay ki gen rapò ak tanp Senyè a (gade Doktrin ak Alyans 110:11–16).
Ete 1829–Avril 1835
Revelasyon ki kanonize kounyea nan Doktrin ak Alyans yo te enstwi Pwofèt Joseph Smith konsènan òdinasyon gason yo nan ofis prètriz ki pi wo a (Melkisedèk) ak pretriz preparatwa a (Aawon); nome ofisye prètriz yo, tankou evèk; ak òganizasyon kowòm ak konsèy prètriz yo.
1835–1973
Direksyon pwofetik kontinye gide òganizasyon ak fonksyon prètriz la nan Legliz la. Pa egzanp, kowòm Swasanndis yo te òganize nan epòk Kirtland lan pou asiste Kolèj Douz yo. Apre gwo egzòd ale nan Lwès la ak dispèsyon manm Legliz yo atravè zòn jewografik vast, kowòm sa yo te asiyen pou fonksyone nan pieu yo nan Legliz la.
1973–Kounyea
Anba administrasyon Prezidan Spencer W. Kimball (1895-1985), Ezra Taft Benson (1899–1994), ak Gordon B. Hinckley (1910–2008), Swasanndis yo ak kowòm yo te kòmanse fonksyone dirèkteman anba Kolèj Douz yo nan nivo jeneral Legliz la ak nan entèrejyon yo nan Legliz la. Kowòm nan nivo pieu yo te diskontinye lèsa a. Jodi a, douz kowòm Otorite Jeneral ak Swasanndis Entèrejyon ap ede Apot yo “nan edifye legliz la epi regle tout zafè Legliz la nan tout nasyon” (Doktrin ak Alyans 107:34). Kowòm adisyonèl Swasanndis ka kreye pandan Legliz la ap elaji.
Èldè Christofferson k ap salye frè Sampson ak Daniel Amako nan Gambie, Lwès Afrik, an Fevriye 2022.
Prètriz la: Pouvwa pou Beni
Nan yon mo, objektif otorite ak pouvwa prètriz Jezikri retabli a se pou beni. Li pèmèt manm Legliz yo itilize pouvwa Bondye nan sèvi ak beni lòt moun nan Legliz la, nan fwaye yo, ak atravè mond lan. Manm yo ini avèk Sovè a nan akonpli travay sali ak egzaltasyon Li a, pandan y ap itilize don ak pouvwa diven ki depase yo pou ede wayòm Bondye a grandi pou ranpli tè a (gade Doktrin ak Alyans 65:2, 5–6).
Senyè a te eksplike ke “pi gran prètriz [Melkisedèk] sa a administre levanjil la epi l kenbe kle mistè yo nan wayòm nan, menm kle sou konesans Bondye a.
“Se poutèt sa, pouvwa Bondye a manifeste nan òdonans prètriz la yo.
“Epi san òdonans prètriz la yo, ak otorite prètriz la, pouvwa Bondye pa manifeste pou lèzòm nan kò fizik yo” (Doktrin ak Alyans 84:19–21).
Natirèlman, òdonans yo se seremoni oswa sakreman prètriz la administre kote nou fè alyans avèk Bondye, kòmanse avèk batèm epi kontinye atravè alyans nou resevwa nan kay Senyè a yo. Se nan kenbe alyans sa yo ke nou transfòme soti nan gason ak fi “natirèl” pou nou vin sen (gade Mozya 3:19) atravè ekspyasyon Kris la epi vin jistifye ak sanktifye—san kilpabilite e san tach—devan Bondye (gade Doktrin ak Alyans 20:29–31; 3 Nefi 27:16–20).
Sitasyon sa a nan “Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantenè pou Mond lan,” pa Premye Prezidans lan ak Konsèy Douz Apot yo, eksprime yon rezime ki byen tonbe:
“Nou deklare ke Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ki te òganize le 6 avril 1830 la, se Legliz Kris la nan epòk Nouvo Testaman an ki retabli. Legliz sa a ankre nan lavi pafè wòch fondasyon l lan, Jezikri, ak nan Ekspyasyon Enfini L lan ak Rezirèksyon literal Li a. Yon lòt fwa ankò Jezikri te aple Apot epi L te ba yo otorite prètriz la. Li envite nou tout pou nou vin jwenn Li ak Legliz Li a, pou nou resevwa Sentespri a, òdonans sali yo, epi jwenn lajwa ki dirab.”
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, September 2025. Haitian. 19604 036