2025
Apre Lavi Sa a: Repons pou Kèk Kesyon
Jiyè 2025


Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Mesaj, Jiyè 2025

Apre Lavi Sa a

Repons pou Kèk Kesyon

Plan Papa nou ki nan Syèl la ka ba nou pèspektiv ak lapè konsènan lavi apre lanmò.

yon nechèl nan nwaj yo

Ilistrasyon pa Thomas Arnaud

Kisa ki pral pase apre nou mouri?

Petèt sa se kesyon an nan tout relijyon. Repons ke nou genyen atravè Jezikri ak levanjil Li a pwisan. Lavi sa a pa lafen. Paske Jezikri te resisite, lespri nou pral reyini avèk kò nou, epi nou tout pral resisite yon jou.

Natirèlman, gen lòt detay konsènan lavi apre lanmò ki te vin jwenn nou atravè revelasyon modèn ki ka reponn lòt kesyon nou ka genyen. Men kèk kesyon sa yo, ansanm ak kèk repons tou kout.

Kijan kò espri ye?

Lespri se yon kalite matyè, sèlman “plis rafine oswa pur” (Doktrin ak Alyans 131:7). Kò lespri yo sanble ak kò adilt imen.

Ki kote mond lespri a ye?

Isit la, antoure nou tout kote.

Kisa k ap pase nan mond lespri a?

Pami lòt bagay, lespri ki te aksepte levanjil la òganize pou preche levanjil la bay lespri ki pa te aksepte levanjil la. Lespri sa yo ka chwazi aksepte oswa rejte l.

Kisa kò resisite ki sanble?

Kò resisite pa ka mouri, yo se chè ak zo, epi yo pafè. Yo gloriye ak bèl. “Pa gen anyen ki pi bèl yo admire yon gason oswa fanm ki resisite.”

Kisa k ap pase nan wayòm selès la?

Moun ki nan pi wo degre wayòm selès la vin tankou Papa nou ki nan Syèl la epi fè eksperyans yon plenitid lajwa. Yo resevwa tout sa Papa a posede. Yo patisipe nan travay ak laglwa Li. Yo te sele nan maryaj pou letènite e kounyea, y ap viv nan fanmi etènèl, yo gen pitit espirityèl etènèl pa yo.

E moun ki pa janm marye nan lavi sa a?

Papa nou ki nan Syèl la pafètman jis e li gen mizèrikòd. “Senyè a pwomèt ke nan letènite yo, Li pa p nye pitit gason ak pitit fi l yo ki kenbe kòmandman yo, ki fidèl nan alyans yo, epi ki vle fè sa ki byen yo okenn benediksyon.”

Paran m yo te sele nan tanp lan, men kounye a yo divòse. Ak kimoun mwen sele?

Petèt ou te “fèt nan alyans lan” (sa vledi, ou fèt apre paran ou yo te sele nan tanp), oswa petèt ou te sele avèk paran ou nan tanp lan apre yo te sele youn ak lòt. Nan nenpòt ka, benediksyon ou rete an fòs menmsi paran w chwazi divòse e selman yo a te anile.

Chwa paran ou yo pa afekte benediksyon ou yo. Sa ki enpòtan se pou ou rete fidèl epi chèche benediksyon tanp yo tèt ou. Konsènan relasyon fanmi ou yo, ou ta dwe “mete konfyans ou nan Senyè a epi chèche konfò Li,” konnen ke “Papa nou ki nan Syèl la ap asire ke chak moun resevwa tout benediksyon ke dezi li ak chwa li pèmèt.”

Kisa k ap pase moun ki mouri pa suisid?

Nou pa konnen sa k ap pase moun ki mouri pa suisid, epi nou pa ka jije yo (menm jan ak tout moun, finalman). “Malgre pi bon efò moun ou renmen yo, dirijan yo, ak pwofesyonèl, sa pa toujou anpeche suisid. ….

“Li pa bon pou yon moun pran pwòp vi li. Sepandan, se sèlman Bondye ki kapab jije panse, aksyon, ak nivo responsablite moun nan (gade nan 1 Samyèl 16:7; Doktrin ak Alyans 137:5. …

“Moun ki pèdi yon moun li renmen nan suisid ka jwenn espwa ak gerizon nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan.”

Remak

  1. GadeEtè 3:16; Enseignements des Présidents de l Eglise: Joseph F. Smith1998), 131–32.

  2. Gade Enseignements des Présidents de l Eglise: Brigham Young1997), 279.

  3. Gade Doktrin ak Alyans 138.

  4. Gade Alma 11:45.

  5. Gade Lik 24:39.

  6. GadeAlma 11:43.

  7. Lorenzo Snow, Enseignements de Lorenzo Snow, ed. Clyde J. Williams [1996], 99).

  8. Gade Moyiz 1:39.

  9. Gade Sòm 16:11; 3 Nefi 28:10; Doktrin ak Alyans 76:59, 62; 130:2; 132:19–23.

  10. Dallin H. Oaks, okt. konferans jeneral 1993 (Ensign, Nov. 1993, 75).

  11. Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 38.4.2.8, Bibliyotèk Levanjil la.

  12. Manyèl Jeneral, 38.4.2, Bibliyotèk Levanjil la.

  13. Manyèl Jeneral, 38.6.20, Bibliyotèk Levanjil la.