2025
Jwenn Lajwa nan Vwayaj Levanjil Ou a
Jiyè 2025


“Jwenn Lajwa nan Vwayaj Levanjil Ou a,” Liahona, Jiyè 2025.

Mesaj Mansyèl Liahona, Jiyè 2025

Jwenn Lajwa nan Vwayaj Levanjil Ou a

Rezilta final pou montre lanmou nou pou Senyè a nan respekte kòmandman Li yo se benediksyon ki pote bonè ak lajwa.

manm Legliz yo k ap souri nan Thailand

Foto manm Legliz yo ak kè kontan nan Thailand pa Christina Smith

Pandan m t ap sèvi kòm yon dirijan misyon nan Japon sa gen kèk ane, mwen te asiste yon wikenn konferans nan yon vil ki nan yon zòn riral nan youn nan kwen elwanye misyon nou an. Prezidan distri a te fè aranjman pou mwen pou m te fè yon entèvyou avèk yon mesye ki te antre nan Legliz la yon ane avansa epi ki t ap chèche resevwa yon rekòmandasyon tanp. Li te espere resevwa pwòp dotasyon pa l nan oswa toupre anivèsè batèm li.

Pandan konvèsasyon nou an, nouvo manm sa a te dekri kijan li te pwofondeman rekonesan pou benediksyon jenere li te resevwa nan ane a depi lè l te batize a. Li te renmen asiste sentsèn chak semèn ak lòt reyinyon yo. Li te vin enplike anpil nan aktivite yo nan branch li a. Pou mwen menm, li te demontre yon konfyans alyans ki te soti apati konpreyansyon de objektif levanjil la, ki te kounye a yon pati entegral nan li. Li te yon disip konvèti nan Kris la ki te fè eksperyans yon gwo chanjman nan kè (gade Mozya 5:2).

Rès konvèsasyon nou an te suiv yon modèl espwa. Nou te pale sou òdonans ak alyans ki ta pral fè pati eksperyans tanp li a. Li te reponn afimativman pou chak nan kesyon regilye yo ki asosye ak resevwa yon rekòmandasyon tanp.

Apre entèvyou a, mwen sonje m te fè kòmantè ak prezidan distri a sou kijan mwen te rekonesan pou m te rankontre yon mesye eksepsyonèl konsa. Mwen te di l kijan m te enpresyone ke misyonè yo ak manm yo te jwenn, epi nouri espirityèlman, yon moun nan kalib sa e ki pwomès anpil.

Mwen te etone lè prezidan distri a te pataje ke lè mesye sa a te kòmanse resevwa leson nan misyonè yo epi asiste legliz plis pase yon ane avansa, li te sanzabri ak nan sitiyasyon ekstrèman difisil—prèske —sanzespwa. Prezidan distri a te dekri kijan etid frè sa a nan levanjil la ak konvèsyon li sou yon peryòd plizyè mwa te mennen nan chanjman mirak li a, mete l sou yon chemen otonomi alafwa espirityèl ak tanporèl epi ba li yon sans objektif ak lajwa.

Levanjil la te ba li yon imaj klè sou objektif lavi l. Verite levanjil senp ak presye yo te pote repons a kesyon enpòtan yo nan mòtalite a, kòmanse avèk yon konesans ke “Bondye se Papa nou ki nan Syèl la, epi nou se pitit Li. … Bondye konnen nou pèsonèlman epi renmen nou.” Nan plan Li a, “Pè Selès la … ofri anpil don ak direksyon pou ede nou retounen nan prezans Li.”

Sete konsa mesye sa a te beni, sa ki egalman disponib pou tout pitit Bondye yo atravè levanjil Jezikri a.

Objektif Lavi a

Paske Jezikri te retabli levanjil Li a atravè Pwofèt Joseph Smith, “nou gen yon konpreyansyon sou objektif lavi a, sou kimoun nou ye,” deklarasyon Prezidan M. Russell Ballard (1928–2023). Nan dènye temwayaj li pou Legliz la, Prezidan Ballard, ki te lèsa a Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo te di:

“Nou konnen kiyès Bondye ye; nou konnen kiyès Sovè a ye, paske nou gen Joseph, ki te ale nan boskè pyebwa a, kòm yon tigason, al chèche padon pou peche l yo. …

“Mwen emèveye, epi m sèten ke anpil nan nou emèveye tou, pou fason nou beni pou nou konnen sa nou konnen konsènan okjektif nou nan lavi a, poukisa nou la a, kisa nou ta dwe eseye fè ak akonpli nan lavi nou chak jou.”

Pou manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, konesans sa a enkli yon konpreyansyon sou “plan sali pafè” Bondye a. Epitome jan nou konnen kòm “gwo plan bonè a,” “plan redanmsyon an,” ak “plan mizèrikòd la” (Alma 42:8, 11, 15), li “retire mistè a nan lavi ak ensètitid nan avni nou,” Esansyèl nan plan sa a se “doktrin Kris la,” ki se santral nan objektif lavi a.

Paske nou gen levanjil la, nou konnen nou se pitit Bondye, voye sou tè a pou nou eseye, poli, epi prepare pou nou “reyalize rezirèksyon mò yo, atravè triyonf ak laglwa Timouton an” (Doktrin ak Alyans 76:39). Nou konnen kòmandman yo epi nou enstwi “ase ke [nou] konnen byen de sa ki mal” (2 Nefi 2:5). Nou konnen nou sou tè a pou renmen ak sèvi. Epi nou konnen Sovè a te aple nou pou nou simonte mond lan epi ede lòt moun fè menm jan an tou (gade Jan 16:33; Doktrin ak Alyans 64:2) nan preparasyon pou Dezyèm Vini Li an.

Si nou konsantre sou li, sa Joseph Smith te rele “son aklamasyon Levanjil Senyè Jezikri a” ap fòtifye nou pandan jou difisil yo epi pote sans ak objektif pou lavi nou ak nan lavi lòt moun.

Jezikri

Chak Jenou Pral Flechi, pa Dan Wilson, ka pa kopye

Obeyisans, Benediksyon, Lajwa

Bondye ban nou libabit moral pou nou ka responsab pou chwa nou yo (gade Doktrin ak Alyans 101:78; 2 Nefi 2:16). Kòm yon pati nan “yon opozisyon nan tout bagay” (2 Nefi 2:11), Satan otorize pou tante nou pou mal sèvi ak libabit nou

Men, Senyè a Jezikri, “konesan kalamite ki ta dwe vini sou abitan tè a” nan epòk pa nou an, te rele Pwofèt Joseph Smith, “pale ak li depi nan syèl la, epi te ba l kòmandman” (Doktrin ak Alyans 1:17). Modèl sa a kote Senyè a revele kòmandman Li yo ak volonte L pou pwofèt Li yo kontinye nan epòk pa nou avèk Prezidan Russell M. Nelson—ak pou menm rezon an. Bondye vle mennen nou nan kè kontan nan lavi sa a ak glwa selès nan lavi apre a.

Obeyisans nan kòmandman Bondye yo ta dwe soti nan devosyon ak lanmou nou pou Li. Senyè a Jezikri Limenm te pwoklame ke renmen Bondye “se premye ak gran kòmandman an“ (gade Matye 22:37–38). Li te bay plis bon konprann lè Li te pwoklame: “Si nou renmen m, respekte kòmandman m yo” (Jan 14:15).

Gen yon rekonpans pou renmen Senyè a ak respekte kòmandman Li yo. Nan dispansasyon sa a Li te dekri “yon lwa, irevokab kidekrete nan syèl la … , sou ki tout benediksyon yo chita—

“Epi lè nou resevwa nenpòt benediksyon nan men Bondye, se nan obeyisans pou lwa sa a kote benediksyon an chita a” ({Doktrin ak Alyans 130:20–21)}.

Kidonk, rezilta final la pou montre lanmou nou pou Senyè a nan respekte kòmandman l yo se benediksyon ki pote bonè ak lajwa.

Gade lavi atravè lantiy levanjil retabli a ak revelasyon modèn ban nou klète. Avèk yon pèspektif klè konsènan orijin diven ak destine nou, nou konnen “bagay ki pral vrèman rann lavi mòtèl [nou] pi bon an se kapab egzakteman menm bagay yo ki pral rann lavi [nou] padan tout letènite yopi byen keli posib!”

Konklizyon

M ap fini kote mwen te kòmanse, nan raple eksperyans mwen anpil ane de sa avèk yon nouvo konvèti nan Japon. Atravè dilijans li ak dilijans misyonè yo ak manm yo, li te jwenn levanjil retabli Jezikri a. Lè l te jwenn levanjil la, li te dekouvri objektif li tou, ki te elaji vizyon li. Li te jwenn tou gwo plan bonè a. Obeyisans pou alyans yo nan plan levanjil la te pote benediksyon ak lajwa pou li, fòtifye l tanporèlman ak espirityèlman.

Vwayaj li a ki mennen nan vin manm nan Legliz Jezikri a te pèmèt li vin yon temwen de Jezikri. Èldè Patrick Kearon nan Kolèj Douz Apot yo te dekri lajwa ki vin apre a:

“Poutèt plan amou Papa nou ki nan syèl la pou chak pitit Li yo, epi poutèt lavi ak misyon redanmtris Sovè nou an, Jezikri, nou kapab—epi nou ta dwe—moun ki gen plis lajwa sou tè a! Menm lè tanpèt lavi yo nan yon mond ki souvan twouble ap frape sou nou, nou ka kiltive yon sans lajwa ak lapè enteryè ki ap grandi akoz esperans nou nan Kris la ak konpreyansyon nou plas pa nou nan bèl plan kèkontan an.”

Mwen ofri rekonesans mwen pou, ak temwayaj mwen konsènan, levanjil retabli Jezikri a, ki enkli gwo plan bonè entegre tèlman pwofondman nan li. Mwen envite nou pou nou pran fwi levanjil yo epi pou nou santi plis lajwa nan lavi sa a nan vwayaj nou nan direksyon lavi etènèl.