2025
Premye Vizyon an
Janvye 2025


“Premye Vizyon an,” Zanmi, Janvye 2025, 26–28.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Janvye 2025

Premye Vizyon an

Ou ka li istwa sa a nan Joseph Smith—Istwa 1:1–20.

Joseph Smith ap gade yon mesye k ap preche yon gwoup

Lè Joseph Smith te jèn, anpil legliz te anseye yon seri bagay diferan sou Jezikri. Joseph pa t konnen ki legliz pou l te antre.

Joseph Smith ap li Bib la

Yon jou, li te li Jak 1:5 nan Bib la. Li te di si nou bezwen sajès, nou kapab mande Bondye. Joseph te deside fè sa.

Joseph Smith ap mache nan bwa

Nan yon bèl jounen prentan, Joseph te antre nan bwa yo pou l te priye Papa nou ki nan Syèl la.

Joseph Smith k ap priye

Joseph te mete ajenou e li te kòmanse priye. Men, lè sa a, li te santi fènwa toutotou li. Joseph te pè. Li te mande Bondye pou ede li.

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te parèt devan Joseph Smith.

Bridsoukou, Joseph te wè yon limyè klere ki t ap desann sot nan syèl la. Li te wè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri kanpe nan lè a. Papa nou ki nan Syèl la te site non Joseph. Epi Li te lonje dwèt Li sou Jezi epi L te di, “Sa se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute L!”

Jezikri

Jezi te di Joseph li pa ta dwe antre nan okenn nan legliz yo.

Joseph Smith ajenou epi l ap gade

Joseph t ap gen pou ede retabli plenitid levanjil la sou tè a.

Joseph Smith k ap souri epi kite boskè a

Joseph pa t gen konfizyon ankò. Li te ranpli ak lajwa! Li te konnen ke Bondye renmen li. Gen kèk moun ki pa t kwè ke li te wè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, men li te konnen sete verite.

Paj pou Kolore

Pè Selès la Tande epi L Reponn Priyè M yo.

Paj Kolore Premye Vizyon an

Ilistrasyon Corey Egbert

Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè Joseph Smith la. L ap reponn priyè w yo tou!.