2025
Bòn Nouvèl Lanmou ak Kè Kontan
Janvye 2025


“Bòn Nouvèl Lanmou ak Kè Kontan,” Liahona, Janvye 2025.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Janvye 2025

Bòn Nouvèl Lanmou ak Kè Kontan

Benediksyon Retablisman yo ta dwe fè kè nou kontan e ranpli nou avèk rekonesans pou gwo lanmou Bondye.

estati zanj Mowoni nan solèy kouche

Mesaj espwa ak lapè nou pou tout moun sèke Jezikri vivan epi Li retabli levanjil Li a ak Legliz Li a nan dènye jou sa yo.

“Ala yon bagay endeskrib se bagay sa yo pou limanite!” Pwofèt Joseph Smith te deklare. “Yo konsène yon verite nou ka konsidere kòm bòn nouvèl ki pote gwo lajwa pou tout moun; epi bòn nouvèl tou, ki ranpli tè a epi fè kè chak moun kontan lè l sonnen nan zòrèy yo.”

Pandan plizyè syèk apre ministè Sovè a, pitit Bondye yo te chèche Li epi yo te anvi jwenn plis limyè ak verite. Kounyeya, bòn nouvèl levanjil Jezikri a ak Retablisman kontinyèl la ap avanse pou beni tout moun epi prepare mond lan pou jou kote Jezikri pral retounen pou “renye kòm Wa tout Wa yo ak gouvène kòm Senyè tout Senyè yo.” Sa se yon manifestasyon pwofon de yon lanmou san fen ke Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an genyen. Mwen rejwi dèske m ka pase lavi m ap pwoklame verite sa yo bay tout mond lan.

Enpwobab la ak Remakab la

Yon nouvo jou te parèt pou fanmi imèn nan nan yon boskè pyebwa, kote Bondye Papa a ak Pitit Li a, Jezikri, te parèt epi te pale avèk Joseph Smith an repons a priyè Joseph konsènan ki legliz li ta dwe rantre a (gade Joseph Smith—Istwa 1:14–20). Jezikri te di Joseph pou l pa t antre nan okenn legliz. Li te pwomèt ke plenitid levanjil Li a t ap revele bay Joseph alavni.

Pou anpil moun, Joseph pa t sanble yon moun ki ta ka aple nan yon travay enpòtan konsa, e yo te gen rezon. Li sete yon tigason san gwo fòmasyon lekòl e san enpòtans ki te soti nan yon ti fèm nan yon vil andeyò. Menm jan kèk moun te di apwopo Sovè a nan epòk Li a, “Èske ka gen yon bon bagay soti Nazarèt?” (Jan 1:46), anpil moun te mande tèt yo kisa ki bon ki te kapab soti nan yon tigason 14-zan iletre nan Palmyra, Nouyòk. Men, atravè Joseph—osi enpwobab sa te ka sanble—Papa nou ki nan Syèl la ak Senyè Jezikri t apral fè sa ki vrèman remakab la reyalize. Sa ta dwe pote lespwa ke nan ti fason enb nou, nou ka kontribye tou nan fason siyifikatif nan travay Senyè a.

Avèk letan, Senyè a te aple Joseph “epi li te pale avèk li soti nan syèl la, epi l te ba li kòmandman” (Doktrin ak Alyans 1:17). Joseph te resevwa revelasyon presye ak doktrin enpòtan ki te pote nouvo limyè sou konpreyansyon nou sou plan plen lanmou Papa nou ki nan Syèl la ak lanmou redanmtè Jezikri a ak pouvwa sakrifis ekspyatwa L la. Remakableman, bòn nouvèl sa yo te vini nan moman presi kote gwo avans nan transpò, kominikasyon, ak lòt domèn t ap pèmèt limyè Bondye klere pou beni plis ak plis nan pitit Li yo.

Mowoni ki ap delivre plak lò yo bay Joseph Smith

Zanj Mowoni ki ap Delivre Plak bay Joseph Smith, tablo C. A. Christensen

Yon Temwayaj Puisan sou Lanmou Bondye.

Aparisyon Zanj Mowoni devan Joseph Smith la te esansyèl pou Retablisman an epi li se prèv puisan sou lanmou Bondye. Mowoni te pale Joseph de yon rejis, ki te ekri sou plak lò, ki te antere toupre a (gade Joseph Smith—Istwa 1:33–34). Alafen, Joseph t ap resevwa “pouvwa soti anwo” (Doktrin ak Alyans 20:8) pou tradui rejis sa a an sa ki t apral vin Liv Mòmon an, ki kanpe ansanm ak Bib la epi ki se yon lòt temwayaj konsènan Jezikri.

Nan tout Liv Mòmon an, nou li apwopo moun ki, plizyè santèn ane anvan Kris la, te konnen epi te predi vini Li epi ki t ap tann Li. Nou jwenn resi ekstraòdinè sou aparisyon pèsonèl Sovè resisite a ak ministè Li pami Nefit yo, kote Li te envite tout moun vin jwenn Li epi santi mak bò kòt Li a ak mak klou yo nan men L ak nan pye Li. (gade 3 Nefi 11:14–15). Li te geri moun malad, moun kokobe, avèg—“tout moun ki te aflije nan nenpòt fason”—epi apresa Li te beni timoun piti yo epi Li te priye pou yo (gade 3 Nefi 17:7–9, 21). Nou aprann si anpil bagay sou lanmou ak konpasyon Sovè a nan resi sakre sa a.

Liv Mòmon an temwaye ke “Jezi se Kris la.” Asirans nan Liv Mòmon an raple nou san rete ke Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an renmen nou depase nenpòt bagay nou ka imajine.

Benediksyon Prètriz yo ak Legliz la.

Retablisman an te kontinye avèk aparisyon lòt mesaje selès devan Joseph Smith. “Jan Batis resisite a te retabli otorite pou batize pa imèsyon pou remisyon peche yo. Twa nan premye Douz Apot yo—Pyè, Jak, ak Jan—te retabli apostola a ak kle otorite prètriz yo. Lòt moun te vini tou, ladan yo, Eli, ki te retabli otorite pou ini fanmi yo ansanm pou tout tan nan relasyon etènèl ki ale pi lwen pase lanmò.”

Nan dat 6 Avril 1830, Jezikri te etabli atravè Pwofèt Joseph yon legliz ki sete modèl legliz Li te òganize nan epòk Nouvo Testaman an (gade Atik Lafwa 1:6), konplete avèk “fondasyon apot yo ak pwofèt yo, Jezikri li menm se wòch prensipal la” (Efezyen 2:20). Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo fè benediksyon prètriz retabli yo disponib pou tout pitit Bondye ki prepare tèt yo pou resevwa li.

Jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye nou, nou kapab jwenn lajwa nan repantans chak jou si nou vire gade Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an. Pou nenpòt moun ki santi yo dekouraje oswa yo pa alawotè ni yo pa nan plas yo: tout moun envite pou yo vin jwenn Kris la ak Legliz Li a. Legliz la se pa yon monastè pou moun pafè a, men li se yon lopital pou moun malad. Èldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo raple nou ke “nou vin legliz non pa pou kache pwoblèm nou yo, men pou rezoud yo.”

Nan legliz la nou jwenn lajwa nan opòtinite pou nou bliye tèt nou, sèvi lòt moun avèk lanmou, epi pataje pwòp eksperyans pa nou avèk abondans bonte Kris la. Nou kapab “konte pami pèp legliz Kris la” epi “nouri pa bon pawòl Bondye a” (Mowoni 6:4). Ala yon gwo benediksyon!

Yon Rezon pou Gwo Lajwa

Pwofèt Joseph Smith te deklare yon fwa: “Kounyeya, ki sa nou tande nan levanjil nou resevwa a? Yon vwa kontantman! Yon vwa mizèrikòd ki soti nan syèl la; epi yon vwa verite ki soti nan tè a; bon nouvèl pou mò yo; yon vwa kontantman pou vivan yo ak mò yo; bon nouvèl ki pote gran lajwa” (Doktrin ak Alyans 128:19).

Bòn nouvèl sa yo vini paske Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, renmen nou epi Yo vle—plis pase tout bagay—pou akeyi nou tounen nan prezans Yo, pou nou ka gen pou tout tan kalite lavi Y ap viv la. Retablisman an revele ke Yo fè tout sa ki nesesè pou fè sa vin yon posiblite gloriye pou nou tout. Nan vwayaj etènèl nou an, n ap fè eksperyans eprèv ak difikilte, men “[nou] kapab gen lajwa” (2 Nefi 2:25) nan lavi sa a ak nan pwochen an. Pwofèt Joseph te konn sa pi byen pase pifò moun.

Joseph te fè fas ak opozisyon ak pèsekisyon, men li te kenbe “tanperaman jovyal ” li (Joseph Smith—Istwa 1:28). Li te rete jwaye, djanm, e plen kouraj epi li te akonpli travay ekstraòdinè yo te ba l fè a. Mwen rann omaj a tout premye Premye Sen yo ki te kwè, ki te sipòte, epi ki te suiv Pwofèt Joseph Smith yo epi ki te dedikase tèt yo nan bati Legliz la. Nou dwe yo yon gwo dèt rekonesans ak onè.

Bagay yo te difisil nan premye jou yo nan Legliz la, epi yo ka difisil jodi a tou. Men, Retablisman an ap kontinye. Avèk Jezikri nan tèt Legliz sa a, pwofèt vivan yo ap kontinye gide nou. Kay Senyè a ap kontinye bati, pou benediksyon alyans etènèl avèk Bondye yo ka lye nou avèk Li epi avèk moun nou renmen yo nan toulède bò vwal la (gade Matye 16:19). Lanmou Bondye ak Jezikri ap etann sou tout mond lan pandan n ap suiv kòmandman Sovè a pou pran swen mouton L yo epi pataje levanjil Li a. Nou pral temwen verite Retablisman yo ki pral avanse nan fason ak nan kote ki pa t ap janm imajinab nan epòk Joseph la.

Nou ka jwenn fòs ak gwo lajwa—jan Pwofèt Joseph te jwenn nan—pandan n ap anbrase ak viv verite presye sa yo. Apèl Joseph te fè Sen yo nan epòk li a kontinye avèk nou jodi a: “Èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, … epi an avan, an avan pou viktwa a! Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil” (Doktrin ak Alyans 128:22).

Se pou bòn nouvèl lanmou ak kè kontan ke Retablisman an pote a beni ak gide lavi nou--kounye a epi toujou.

Remak

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 152.

  2. Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” Biblyotèk Levanjil la.

  3. Gade Les Saints: Histoire de l’église de Jésus-Christ dans les derniers jours, vol. 1, L’étandard de la vérité, 1815–1846 (2018), 582–83.

  4. Paj Tit Liv Mòmon An.

  5. Retablisman Plenitid Levanjil Jezikri a: Yon Pwoklamasyon Bisantnè pou Mond lan,” Biblyotèk Levanjil la.

  6. Gade Russell M. Nelson, “Pouvwa Elan Spirityèl la,” Lyawona, Me 2022, 98.

  7. Dieter F. Uchtdorf, “Rete Sensè,” Liahona, Me 2015, 83.