2016
Benediksyon obeyisans
oktòb 2016


Mesaj Premye Prezidans, Oktòb 2016

Benediksyon obeyisans

“Pi gran leson nou kapab aprann nan mòtalite a,” Prezidan Thomas S. Monson te anseye, “se lè Bondye pale epi nou obeyi, nap toujou gen rezon.”1

Nap beni tou. Jan Prezidan Monson te di nan yon konferans jeneral la:“Lè nou respekte kòmandman yo, lavi nou ap gen plis lajwa, l ap pi anrichisan, e l ap mwens konplike. Difikilte ak pwoblèm nou yo ap pi fasil pou nou sipòte, epi n ap resevwa benediksyon [Bondye] promèt yo.”2

Nan sitasyon apre yo ki sòti nan ansèyman Prezidan Monson kòm Prezidan Legliz la, li raple nou ke kòmandman yo se gid ki pi asire a pou bonè ak lapè.

Direksyon pou vwayaj la

“Kòmandman Bondye yo pa la pou ban nou fristrasyon ni pou yo tounen obstak pou bonè nou. Se kontrè a ki vrè. Limenm ki te kreye nou epi ki renmen nou pafètman konsa a konnen egzakteman kijan nou bezwen mennen lavi nou pou nou ka jwenn pi gwo bonè posib la. Li ban nou direksyon ki, si nou suiv yo, ap ede nou travèse vwayaj mòtèl si souvan danjere sa a an sekirite. Nou sonje pawòl youn nan kantik nou yo: ‘Respekte kòmandman yo! Gen sekirite nan sa; Gen lapè nan sa‘ [gade “Keep the Commandments,” Hymns, no. 303].”3

Fòs ak konesans

“Obeyisans se karakteristik prensipal pwofèt yo; li pote fòs ak konesans pou yo atravè tout syèk. Li enpòtan pou nou pran konsyans ke nou menm tou, nou gen dwa gen aksè a sous fòs ak konesans sa a. Li fasilman aksesib pou nou chak jodia si nou obeyi kòmandman Bondye yo. …

“Konesans n ap chèche a, repons nou anvi jwenn yo, ak fòs nou vle genyen jodia pou nou afwonte difikilte yon mond chanjan ak konplèks yo, nou ka jwenn yo si nou dispoze pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.”4

Chwazi pou obeyi

“Konpòtman ki komen nan epòk nou an se tolerans. Revi yo ak televizyon montre pòtrè aktè selèb sou ekran sinema yo, ewo sou teren espò yo—moun ke anpil jènjan nou yo ta renmen imite—kòm moun ki meprize kòmandman Bondye yo epi k ap afiche pratik peche, kòmsi pa gen okenn konsekans nan sa. Pa kwè bagay sa a! Gen yon tan pou nou rann kont—pou balanse tout bagay. Chak Sandriyon gen minui pa li—si se pa nan lavi sa a, se ap nan lavi apre a. Jou Jijman an ap vini pou tout moun. …Mwen egzòte nou pou nou chwazi pou n obeyi.”5

Lajwa ak Lapè

”Sa gen dwa parèt pafwa ke moun yo nan mond lan ap amize yo plis pase nou menm. Kèk nan nou gen dwa santi kòd konduit ke nou menm nou genyen nan Legliz la limite nou. Men, frè m ak sè m yo, m ap deklare nou, pa gen anyen ki ka pote lajwa nan lavi nou oswa plis lapè nan nanm nou pase Lespri a ke nou ka genyen lè n ap suiv Sovè a ak respekte kòmandman l yo”6

Mache dwat

“Mwen temwaye nou ke benediksyon yo pwomèt nou yo san mezi. Menmsi nyaj tanpèt rasanble, menmsi lapli kapav vide sou nou, konesans nou sou levanjil la ak amou nou pou Pè Selès la ak pou Sovè nou an ap rekonfòte nou ak soutni nou epi pote lajwa nan kè nou si nou mache dwat epi nou respekte kòmandman yo. Pap gen anyen nan mond sa a k ap kapab gen laviktwa sou nou.”7

Suiv Sovè a

“Kiyès nonm lapenn sa a,… ki te nan soufrans sa a te ye? Ki Wa Laglwa a, Senyè Tout Lame sa a? Li se Mèt nou an. Li se Sovè nou an. Li se Pitit Gason Bondye a. Li se Otè Sali nou. Li di nou, ‘Suiv mwen.‘ Li egzòte nou, ‘Ale, epi fè menm bagay la tou.‘ Li di nou souple, ‘Respekte kòmandman m yo.‘

“An nou suiv li. An nou imite egzanp li. An nou obeyi pawòl li. Lè nou fè sa, nou ba li don divin gratitid la.“8

Nòt

  1. “They Marked the Path to Follow,” Liahona, Okt. 2007, 5.

  2. “Keep the Commandments,” Liahona, Nov. 2015, 83.

  3. “Keep the Commandments,” 83.

  4. “Obedience Brings Blessings,” Liahona, Me 2013, 90, 92.

  5. “Believe, Obey, and Endure,” Liahona, Me 2012, 129.

  6. “Stand in Holy Places,” Liahona, Nov. 2011, 83.

  7. “Be of Good Cheer,” Liahona, Me 2009, 92.

  8. “Finding Joy in the Journey,” Liahona, Nov. 2008, 88.

Ansèyman nan mesaj sa a

Prezidan Monson anseye nou konsènan anpil benediksyon nou ka resevwa lè nou obeyisan, ansanm avèk fòs, konesans, lajwa, ak lapè. Panse pou mande moun w ap anseye yo kijan yo jwenn benediksyon paske obeyi kòmandman yo. Ou gen dwa ankouraje yo pou yo kontinye reflechi sou benediksyon yo epi pou yo ekri panse yo ak eksperyans yo nan yon jounal. Ou gen dwa ankouraje yo pou yo montre rekonesans yo pou Bondye poutèt benediksyon yo resevwa yo nan kontinye rete obeyisan.