2016
Dife ak leson obeyisans
oktòb 2016


Jèn yo

Dife ak leson obeyisans

Prezidan Thomas S. Monson te di yon lè nan apeprè ki epòk li te aprann enpòtans obeyisans. Lè l te gen yuitan, fanmi l te al nan yon kabin yo te genyen nan montay yo. Li menm ak yon zanmi l te anvi netwaye yon kote plen zèb pou yo te ka fè yon boukan dife. Yo te eseye retire zèb la avèk men yo, yo te tire ak rale avèk otan fòs yo te kapab, men yo te sèlman pran yon ti ponyen zèb. Prezidan Monson eksplike, “Epi lè sa a, sa m te panse ki sete solisyon pafè a te vini nan lespri uitan m nan. M te di Danny: ‘Tout sa nou bezwen fè se brile zèb sa yo. N ap jis boule yon sèk nan zèb la!‘”

Malgre l te konnen li pat gen dwa itilize alimèt, li te kouri retounen al nan kabin nan pou l chèche alimèt, epi limenm ak Danny te limen yon ti dife nan pati ki te gen zèb la. Yo te panse ke l t ap etenn poukont li, men olyesa li te grandi vin tounen yon gwo dife danjere. Limenm ak Danny te kouri al chèche èd, epi byen vit plizyè granmoun te prese al etenn dife a anvan l te gaye nan pyebwa yo.

Prezidan Monson kontinye, “Danny avèk mwen te aprann plizyè leson difisil men enpòtan jou sa a—yon gran pati ladan yo sete enpòtans obeyisans. (Gade “Obedience Brings Blessings,” Liahona, Me 2013, 89–90.)

Menmjan ak Prezidan Monson, èske ou pa janm oblije aprann obeyisans nan fason difisil la? Ki objektif ou ka fikse pou pwoteje tèt ou atravè obeyisans nan lavni?