2013
Alyans tanp
avril 2013


Mesaj Vizit nan fwaye, Avril 2013

Alyans tanp

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou. Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Prezidan Thomas S. Monson di: “Òdonans sali nou resevwa nan tanp yo ki ap pèmèt yon jou pou nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la nan yon relasyon familyal etènèl la epi dote avèk benediksyon ak pouvwa soti anwo yo, diy pou tout sakrifis ak kèlkeswa efò a. Si ou poko ale nan tanp, ou ka prepare pou resevwa òdonans sakre tanp yo pa mwayen sa a:

  • Kwè nan Papa nou ki nan Syèl la, nan Jezikri, ak Sentespri al.

  • Kiltive yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak sou levanjil retabli a.

  • Soutni pwofèt vivan an epi suiv li.

  • Kalifye pou yon rekòmandasyon tanp nan peye dim, rete moralman pi, onèt, respekte Pawòl Sajès la, ak viv an amoni avèk ansèyman yo nan Legliz la.

  • Bay tan, talan, ak mwayen pou ede bati wayòm Bondye a.

  • Patisipe nan travay istwa familyal (jeneyaloji).

Prezidan Monson te anseye pi lwen: “Si nou sonje alyans nou fè yo andedan [tanp lan], n ap vin plis kapab andire tout eprèv ak simonte tout tantasyon.”

Apati Ekriti yo

Doktrin ak Alyans 14:7; 25:13; 109:22

Apati Istwa Nou

Plis pase 5.000 Sen te rasanble nan Tanp Novou a apre konsekrasyon l la. …

”Fòs, pouvwa, ak benediksyon alyans tanp yo te [soutni] Sen Dènye Jou yo pandan vwayaj yo pou ale nan Lwès la, kote yo te [soufri] fredi, chalè, grangou, pòvrete, maladi, aksidan, ak lanmò.”

Tankou anpil sè nan Sosyete Sekou, Sarah Rich te sèvi kòm travayè tanp. Li te pale sou eksperyans li: “Si se pa t pou lafwa ak konesans nou te resevwa nan tanp sa a nan men … Lespri Senyè a, vwayaj nou an t ap tankou yon pa nou t ap fè nan fènwa. … Men nou te gen lafwa nan Papa nou ki nan Syèl la, … ak santiman ke nou sete pèp chwazi li … , epi olye de soufrans, nou te santi pou n rejwi dèske jou delivrans sa a te vini pou nou.”

Egzòd ka se pa t yon “pa nan fènwa” pou fi Sen Dènye Jou fidèl yo. Yo te soutni pa alyans tanp yo te fè yo.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “The Holy Temple—a Beacon to the World,” Liahona, Me 2011, 92.

  2. Gade Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 105.

  3. Thomas S. Monson, Liahona, Me 2011, 93.

  4. Filles dans mon royaume, 29–30.

  5. Sarah Rich, nan Filles dans mon royaume, 30.

Kisa M Ka Fè?

  1. Èske m fè adorasyon nan tanp regilyèman?

  2. Èske m ankouraje sè m yo pou yo resevwa benediksyon tanp yo?