2013
Tanpri geri kè mwen
mas 2013


Jèn yo

Tanpri geri kè mwen

Jou anivèsè lanmò frè m nan, mwen t ap reflechi sou lavi m apre l te fin mouri a. Mwen te sonje non sèlman doulè ekstrèm m te santi nan moman an men benediksyon Bondye te ban m tou.

Mwen pa t janm konprann kijan moun te ka di lanmò yon moun pa yo pote benediksyon pou yo. Mwen pa t ka konprann kijan m ta ka fè gen lajwa ak rekonesans pou yon bagay ki te sitèlman boule m konsa. Men, te gen yon lannuit ki te chanje pwendvi mwen totalman.

Mwen te reveye nan mitan lannuit la avèk kè m ki te pi lou pase jan l te janm konn ye anvan sa. Doulè a t ap toufe mwen. Mwen te tonbe ajenou e nan kriye mwen te priye Papa m ki nan Syèl la. Tout lavi m yo te anseye m sou Sakrifis Ekspyatwa a ak sou pouvwa gerizon mirakile Jezikri. Kounyeya sete tès lafwa pa m. Èske m te reyèlman kwè? Mwen te mande Papa m ki nan Syèl la pou l te tanpri geri kè mwen. Doulè a te twòp pou mwen e m pa t ka fè fas avèk li poukont mwen.

Epi, yon santiman lapè, rekonfò, ak lanmou te vide sou tout kò mwen. Mwen te santi sete kòmsi Bondye te pase bra l pou vlope m e pwoteje m kont gwo doulè sa a m te santi a. Mwen te toujou sonje frè m nan, men m te vin kapab wè avèk je diferan. Te gen anpil anpil bagay pou m te aprann nan eksperyans sa a.

Mwen konnen lanmou ak lapè Senyè a disponib. Nou sèlman bezwen pran li.