Timoun
Chwazi pou nou trankil
Prezidan Monson di lè nou trankil e nou gen reverans, nou ka santi lapè e akeri yon temwayaj pi solid sou Papa nou ki nan Syèl la. Epi Sentespri a kapab montre nou fason nou kapab ede lòt moun.
Ekri oubyen diskite avèk paran ou sou yon fason ou kapab trankil. Epi apresa pran tan nan semèn sa a pou w eseye fè sa. Lè w fini, ou gen dwa ekri sa ou te santi ak enspirasyon ou te resevwa yo nan jounal ou.